Nations Bible

Jó 30

Bib La · Toque num versículo para ver as referências cruzadas.

1Men koulye a, moun ki pi jenn pase m' yo ap pase m' nan rizib. Papa yo se moun mwen pa t' pran pou anyen, moun mwen pa ta menm mete ak chen m' pou gade mouton. 2Epitou, yo te twò fèb pou fè anyen pou mwen. Se te yon bann gason san kouraj. 3Mizè ak grangou te fini ak yo. Lannwit se grenn bwa yo te konn al souse nan savann kote moun pa rete. 4Yo pran fèy raje pou yo manje. Ata rasin bayawonn pase. 5Kote yo pase moun mete yo deyò, yo rele bare dèyè yo tankou vòlè. 6Yo te blije al rete nan twou wòch, nan twou tè sou bò ravin yo. 7Y'ap rele tankou bèt mawon nan raje a. Yo fè pil sou pil nan savann lan. 8Se te yon bann sanzave ki pa t' menm gen non. Yo te mete yo deyò nan peyi a. 9Koulye a, y'ap fè chante sou mwen. Y'ap bay istwa sou do m'. 10Yo pè pwoche bò kote m' pou m' pa sal yo. Yo menm krache nan figi m'. 11Paske Bondye kraze kouraj mwen, li lage m' atè, kifè, mapou tonbe, kabrit manje fèy li. 12Bann moun sa yo leve dèyè m', y'ap fè m' kouri. Yo lage dèyè m' pou yo pran m'. 13Yo sènen m' toupatou pou yo ka fini avè m'. Pa gen pesonn pou di yo pa fè sa. 14Yo pase nan fant barikad, yo tonbe sou mwen. Yo pilonnen m' anba pye yo. 15Yon sèl latranblad pran mwen. Tankou yon kout van li kraze kouraj mwen. Tankou yon nwaj k'ap pase, tout byen m' yo disparèt. 16Koulye a, mwen prèt pou m' mouri. Lafliksyon ap fini avè m'. 17Lannwit, tout zo nan kò m' ap fè m' mal. Doulè ap manje m' anndan san rete. 18Bondye ponyen m' nan kòlèt, l'ap chifonnen tout rad sou mwen. 19Li voye m' jete nan labou. Mwen pa pi bon pase pousyè tè ak sann dife. 20Mwen rele nan pye ou, Bondye! Ou pa reponn mwen. Mwen kanpe devan ou, ou pa okipe m' menm. 21Ou pa menm moun lan ankò. W'ap malmennen m'. Ou soti pou pèsekite m' ak tout fòs ou. 22Ou fè van pote m' ale. M'ap vole tankou pay. Ou voye yon van tanpèt boulvèse m'. 23Wi, mwen konnen byen pwòp w'ap mennen m' pou m' al mouri, pou m' al sibi sò k'ap tann tout moun lan. 24Poukisa w'ap atake yon moun ki tou fin mouri, yon moun ki pa ka fè anyen ankò pase mande padon? 25Eske mwen pa t' nan lapenn ansanm ak moun ki te nan mizè? Eske kè m' pa t' fè m' mal pou moun ki pa t' gen anyen menm yo? 26Mwen t'ap tann kontantman, se malè ki vini. Mwen t'ap tann limyè, se fènwa ki kouvri m'. 27Tout zantray mwen ap bouyi san rete. Chak jou m'ap soufri pi rèd. 28M'ap mache kagou, san pesonn pou konsole m'. Mwen kanpe nan mitan tout moun, m'ap mande sekou. 29Vwa mwen tankou vwa koukou. Mwen rele tankou frize. 30Po m' vin tou nwa, l'ap dekale. Lafyèb ap manje m' nan zo. 31Lontan se mizik gita ak fif ase ki te nan zòrèy mwen. Men, koulye a, se plenn, se kriye ase m'ap tande.

Ilustração artística — interpretação, não registro histórico.

Você sabia?

Humilhação, sofrimento físico e os excluídos do deserto

  • Neste capítulo, Jó contrasta sua antiga honra com sua humilhação presente nas mãos de marginalizados empobrecidos. Ele descreve esses homens sobrevivendo à margem da sociedade, colhendo malva e raízes de giesta em leitos secos de rios e fendas de rochas.Fontes: o próprio texto bíblico
  • Jó emprega metáforas de cerco militar, retratando seus agressores como um exército invasor que constrói rampas e rompe muralhas contra ele, enquanto padece de dores intensas, febre nos ossos e pele escurecida que descasca.Fontes: o próprio texto bíblico
  • Para expressar a solidão e a intensidade de sua dor, Jó se compara aos uivos de criaturas do deserto, chamando a si mesmo de irmão de chacais e companheiro de avestruzes, enquanto seus instrumentos musicais, como a harpa e a flauta, se voltam apenas para o pranto.Fontes: o próprio texto bíblico

Notas escritas com auxílio de IA a partir de fontes abertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, domínio público) e revisadas antes de publicar.

Créditos e licença desta tradução
Bib La
The Holy Bible in Haitian Creole
Public Domain
Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian)
In the Public Domain due to publication without copyright notice in 1985, and without subsequent registration within 5 years.
2020-03-10

Fonte: http://ebible.org/hat/ · eBible.org

Fale com a gente

Conte de onde você lê, como a Bíblia tem te ajudado ou o que podemos melhorar. Lemos todas as mensagens.