Jó 29
Bib La · Toque num versículo para ver as referências cruzadas.
1Jòb tanmen pale ankò, li di: 2-Ki moun ki va fè m' viv tan lontan an, lè Bondye t'ap voye je sou mwen an? 3Lè sa a, Bondye te toujou la avèk mwen. Limyè li te klere anwo tèt mwen, li t'ap moutre m' kote pou m' mete pye m' nan fènwa a. 4Nan tan sa a, tout zafè m' t'ap mache byen. Bondye te zanmi m'. Li t'ap pwoteje kay mwen. 5Bondye ki gen tout pouvwa a te toujou la avèk mwen. Mwen t'ap viv nan mitan tout pitit gason m' yo. 6Bèf ak kabrit mwen yo te konn bay anpil lèt. Pye oliv mwen yo te donnen menm nan tè wòch. 7Lè mwen parèt pòtay lavil la, lè mwen pran plas mwen nan mitan chèf fanmi yo, 8wè yo wè m', jenn gason yo mete kò yo sou kote, granmoun yo leve kanpe pa respè pou mwen. 9Notab yo sispann pale, yo fèmen bouch yo. 10Ata chèf yo pa ka pale ankò! Lang yo vin lou nan bouch yo. 11Tout moun ki te wè m' t'ap mache fè lwanj mwen, tout moun ki te tande m' te kontan avè m'. 12Mwen lonje men bay pòv malere ki nan ka ansanm ak timoun san papa ki san sekou. 13Moun ki te nan pi gwo mizè t'ap fè lwanj mwen. Mwen te fè kè vèv yo kontan. 14Mwen te toujou fè sa ki dwat. Mwen pa t' janm nan patipri. 15Se mwen ki te wè pou avèg yo. Se mwen ki te mache pou kokobe yo. 16Mwen te yon papa pou pòv malere yo. Mwen te kanpe pou defann kòz etranje yo. 17Mwen te kraze pouvwa malveyan yo. Mwen sove moun ki te anba men yo. 18Mwen t'ap di nan kè m': M'a viv kont viv mwen. M'a mouri sou kabann mwen ak kè poze. 19Mwen te tankou yon pyebwa plante bò larivyè. Sou tout branch li yo se lawouze. 20Moun pa ta janm sispann fè lwanj mwen. Mwen t'ap toujou gen tout fòs mwen sou mwen. 21Lè m'ap pale, tout moun fèmen bouch yo. Yo louvri zòrèy yo, y'ap tann konsa konsèy m'ap bay. 22Pawòl mwen tonbe nan kè yo tankou grenn lapli. Lè m' fin pale, pesonn pa gen anyen pou di ankò. 23Yo t'ap tann mwen pale tankou tè sèk k'ap tann lapli. Yo rete bouch louvri pou ranmase sa m'ap di. 24Lè yo dekouraje, mwen fè yon ti ri ak yo. Sa te kont pou remoute kouraj yo. 25Mwen te kanpe alatèt yo. Mwen mennen yo tankou yon wa k'ap mennen sòlda li yo. Mwen di yo sa pou yo fè. Mwen te ba yo kouraj lè yo nan lafliksyon.

Você sabia?
Jó recorda sua antiga honra
- Na Antiguidade, o portão da cidade e a praça pública funcionavam como o centro da liderança comunitária, das assembleias e das decisões judiciais. Jó relembra que se sentava ali como conselheiro e chefe honrado, onde os jovens se afastavam, os anciãos se levantavam em respeito e os nobres silenciavam para ouvir suas orientações.Fontes: o próprio texto bíblico
- Jó descreve sua antiga retidão em termos de justiça social e proteção ativa aos vulneráveis. Ele atuava como defensor e amparo dos pobres, dos órfãos, das viúvas, dos cegos, dos coxos e dos estrangeiros, ao mesmo tempo em que reprimia os opressores.Fontes: o próprio texto bíblico
- Jó é identificado como um patriarca árabe que residia na terra de Uz. Neste capítulo, ele recorda com profunda saudade o período anterior às suas súbitas calamidades, quando seus filhos estavam reunidos ao seu redor e sua casa desfrutava de grande prosperidade e da amizade com Deus.Fontes: Job · o próprio texto bíblico
Notas escritas com auxílio de IA a partir de fontes abertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, domínio público) e revisadas antes de publicar.
Créditos e licença desta tradução
Bib La The Holy Bible in Haitian Creole Public Domain Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) In the Public Domain due to publication without copyright notice in 1985, and without subsequent registration within 5 years. 2020-03-10
Fonte: http://ebible.org/hat/ · eBible.org