Jeremias 27
Bib La · Toque num versículo para ver as referências cruzadas.
1Sedesyas, pitit Jozyas la, te gen katran depi li fèk moute wa nan peyi Jida, lè Seyè a pale ak Jeremi ankò. 2Seyè a di l' konsa: -Pran kòd ak bwa yo sèvi pou fè jouk bèf. Mete yo sou zepòl ou. 3Lèfini, w'a voye yo bay wa peyi Edon, wa peyi Moab, wa peyi Amon, wa peyi Tir ak wa peyi Sidon. W'a renmèt yo nan men delege wa sa yo ki te vin wè wa Sedesyas lavil Jerizalèm. 4W'a ba yo chak yon misyon pou mèt yo. W'a di yo men mesaj Seyè ki gen tout pouvwa a, Bondye pèp Izrayèl la, ba yo pou mèt yo: 5-Se mwen menm avèk gwo kouraj mwen epi ak fòs ponyèt mwen ki fè latè ansanm ak tout moun ak tout bèt k'ap viv sou latè. Mwen pran yo bay moun mwen vle. 6Se konsa, mwen lage tout peyi nou yo nan men Nèbikadneza, wa Babilòn, sèvitè m' lan. Mwen ba li ata bèt nan bwa yo pou yo soumèt devan l'. 7Tout nasyon yo va sèvi l'. Y'a sèvi pitit li ak pitit pitit li jouk lè a va rive pou lòt nasyon ki pi fò pase l' yo, lòt wa ki pi gran pase l' yo va fè peyi pa l' la sèvi yo tou. 8Men si yon nasyon osinon yon wa ak tout pèp li derefize soumèt devan Nèbikadneza, wa Babilòn lan, si yonn ladan yo refize bese tèt devan otorite li pou obeyi l', m'ap voye lagè, grangou, move maladi sou nasyon sa a pou pini l' jouk m'a fè Nèbikadneza fini nèt ak li. 9Pa koute pwofèt nou yo, ni divinò nou yo, ni ankenn lòt moun ki pretann yo konnen sa ki pral rive nou, paske yo fè rèv pou nou, osinon paske yo ka li sa k'ap pase nan syèl la ou ankò paske yo konn fè maji. Yo tout ap plede di nou p'ap janm sèvi wa Babilòn lan. 10Se manti y'ap ban nou. Si nou koute yo, y'ap depòte nou byen lwen peyi nou an. Se mwen menm k'ap mete nou deyò. Lèfini, nou tout pral mouri. 11Men, si yon nasyon asepte bese tèt li devan otorite wa Babilòn lan pou sèvi l', m'a kite l' nan peyi l', l'a travay latè, l'a rete lakay li. Se mwen menm Seyè a ki di sa. 12Mwen pale ak Sedesyas, wa Jida a, mwen di l' menm bagay la tou: -Ou menm ansanm ak pèp la, se pou nou bese tèt devan otorite wa Babilòn lan. Se pou nou sèvi ni li ni pèp li a, konsa n'a viv. 13Pa gen rezon pou nou mouri, ou menm ak tout pèp ou a, nan lagè, nan grangou, anba move maladi. Paske se sa Seyè a te di ki gen pou rive tout nasyon ki va derefize soumèt devan wa Babilòn lan. 14Gen yon bann pwofèt k'ap plede di nou p'ap janm sèvi wa Babilòn lan. Pa koute yo. Se manti y'ap bay. 15Se Seyè a menm ki di se pa li menm ki voye yo. Yo pran non l' pou ban nou manti. Si nou koute yo, m'ap mete nou deyò, m'ap fè nou mouri, ni nou ni pwofèt k'ap ban nou manti yo. 16Apre sa, mwen pale ak prèt yo ansanm ak pèp la, mwen di yo: -Men mesaj Seyè a bay. Pa koute pwofèt yo k'ap plede di nou yo pral pote tounen soti lavil Babilòn tout bagay yo te pran nan tanp lan. Se manti y'ap bay. 17Pa koute yo. Soumèt devan wa Babilòn lan, konsa n'a viv. Pa gen rezon pou nou fè lavil Jerizalèm lan tounen mazi. 18Si yo se pwofèt tout bon, si yo resevwa yon mesaj nan men Seyè a tout bon vre, enben, se pou y' al mande Seyè ki gen tout pouvwa a pou li pa kite yo pran rès bon bagay ki nan Tanp lan, ak rès bon bagay ki lakay wa peyi Jida a ak nan lavil Jerizalèm lan pou pote yo ale lavil Babilòn. 19Seyè a t'ap pale sou gwo poto kwiv yo, sou gwo basen lan ansanm ak pye l' yo, sou tout lòt richès ki te nan lavil la toujou. 20Se bagay sa yo Nèbikadneza, wa Babilòn lan, te kite lavil Jerizalèm lè li t'ap depòte Jekonya, pitit Jojakim, wa peyi Jida a, lavil Babilòn, ansanm ak grannèg peyi Jida yo ak grannèg lavil Jerizalèm yo. 21Wi, men sa Seyè ki gen tout pouvwa a, Bondye pèp Izrayèl la, te di sou rès bon bagay ki te nan kay Seyè a, nan kay wa Jida a ak nan lavil Jerizalèm: 22Y'ap pote yo ale lavil Babilòn. Y'ap rete la jouk lè m'a vin pran yo pou m' fè yo tounen nan plas yo. Se mwen menm Seyè a ki di sa.
Você sabia?
O jugo da Babilônia
- Deus instruiu Jeremias a fazer um jugo com correias e colocá-lo sobre o pescoço como uma mensagem visual viva. Ele foi orientado a advertir os enviados de Edom, Moabe, Amom, Tiro e Sidom que visitavam o rei Zedequias em Jerusalém, instando suas nações a se submeterem à Babilônia em vez de se rebelarem.Fontes: o próprio texto bíblico
- Nesta mensagem, Deus se refere a Nabucodonosor, o governante da Babilônia, como 'meu servo'. O texto enfatiza que o Criador da terra concede o domínio sobre terras e reinos a quem Lhe agrada, sujeitando as nações vizinhas ao domínio babilônico.Fontes: o próprio texto bíblico · Nebuchadnezzar
- Enquanto profetas rivais afirmavam que os utensílios sagrados levados durante o exílio de Jeconias (Joaquim) logo retornariam, Jeremias advertiu que isso era uma mentira. Ele anunciou que as peças restantes do templo, incluindo as colunas de bronze, o mar e os suportes, também seriam levadas para a Babilônia.Fontes: o próprio texto bíblico · Jehoiachin
Notas escritas com auxílio de IA a partir de fontes abertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, domínio público) e revisadas antes de publicar.
Lugares deste capítulo
- Ammon · 31.955, 35.934 · versículo 3
- Edom · 30.746, 35.604 · versículo 3
- Jerusalem · 31.777, 35.234 · versículos 3, 18, 20, 21, 22
- Moab · Hoje: Moab 1 · 31.181, 35.701 · versículo 3
- Sidon · Hoje: Sandikli archaeological site in Sidon · 33.561, 35.372 · versículo 3
- Tyre · 33.271, 35.196 · versículo 3
- Babylon · 32.543, 44.422 · versículos 6, 7, 8, 9, 11, 12, 13, 14, 16, 17, 18, 20, 22
Só aparecem lugares com identificação de alta confiança (90% ou mais segundo as fontes acadêmicas reunidas pelo OpenBible). Mapa da época: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; mapa atual: © colaboradores do OpenStreetMap; lugares: OpenBible.info (CC BY 4.0).
Créditos e licença desta tradução
Bib La The Holy Bible in Haitian Creole Public Domain Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) In the Public Domain due to publication without copyright notice in 1985, and without subsequent registration within 5 years. 2020-03-10
Fonte: http://ebible.org/hat/ · eBible.org