Nations Bible

Jeremias 26

Bib La · Toque num versículo para ver as referências cruzadas.

1Lè sa a, Jojakim, pitit Jozyas la, te fèk moute wa nan peyi Jida. Seyè a pale ak Jeremi ankò. 2Men sa Seyè a di l': -Ale kanpe nan lakou tanp lan. Ou pral di tou sa mwen te ba ou lòd di sou moun ki soti nan tout lavil peyi Jida yo pou vin adore nan Kay Seyè a. Pa wete anyen. 3Ou pa janm konnen, yo ka koute ou, yo ka pran desizyon yonn apre lòt pou yo kite move jan y'ap viv la. Mwen fè lide voye malè sou yo pou tou sa yo te fè ki mal. Men, si yo koute ou, m'a chanje lide. 4Konsa, w'a di yo: Men mesaj Seyè a bay: Koute m', swiv lòd mwen mete devan nou. 5Louvri zòrèy nou tande mesaj pwofèt yo, sèvitè m' yo. Se mwen menm ki pa janm sispann voye yo ban nou, men nou pa vle koute yo. 6Si nou pa koute yo, m'ap kraze tanp sa a menm jan mwen te detwi kote yo te mete apa pou mwen lavil Silo a. Nan tout lòt nasyon ki sou latè, y'a pran non lavil sa a pou bay madichon. 7Prèt yo, pwofèt yo ansanm ak tout moun ki te la yo tande Jeremi ap bay mesaj sa a nan lakou Tanp lan. 8Fini Jeremi fin bay mesaj Seyè a te ba li lòd bay pèp la, prèt yo, pwofèt yo ansanm ak tout moun ki te la yo mete men sou li. Yo pran rele: -Se pou yo touye ou pou sa ou sot di la a! 9Poukisa ou pran non Seyè a pou ou di li pral kraze tanp sa a menm jan li te detwi kote yo te mete apa pou li lavil Silo a, li pral fè lavil la tounen mazi, san pesonn ladan l'? Tout pèp la sanble bò kot Jeremi nan Tanp Seyè a. 10Lè chèf Jida yo vin konnen sa ki t'ap pase, yo kite palè wa a, yo kouri al nan tanp lan, y' al chita nan plas yo bò Pòtay Nèf la. 11Prèt yo ak pwofèt yo pale ak chèf yo ansanm ak pèp la, yo di: -Nonm sa a merite pou yo touye l' paske li pale lavil Jerizalèm lan mal. Nou tout la a, nou tande l' ak pwòp zòrèy nou. 12Lè sa a, Jeremi pale ak tout gwo chèf yo ansanm ak pèp la. Li di: -Se Seyè a ki voye m' pou m' fè nou konnen tou sa nou sot tande m' di la a sou Tanp lan ak sou lavil la. 13Koulye a, se pou nou chanje jan n'ap viv la, sispann fè sa ki mal. Koute sa Seyè a, Bondye nou an, ap di nou. Lè sa a, l'a chanje lide, li p'ap voye malè li te di l'ap voye sou nou an. 14Mwen menm, mwen nan men nou. Fè sa nou vle avè m', sa nou kwè nou dwe fè a. 15Tansèlman, si nou touye m', konnen se lanmò yon inonsan n'ap gen ni sou konsyans nou, ni sou konsyans moun ki rete nan lavil la. Paske, sa m'ap di nou la a, se vre wi, se Seyè a menm ki voye m' pou m' fè nou tande tout pawòl sa yo. 16Lè sa a, gwo chèf yo ak tout pèp la pale ak prèt yo ansanm ak pwofèt yo. Yo di yo: -Pa gen anyen la a pou n' touye nonm sa a. Paske se nan non Seyè a, Bondye nou an, li pale ak nou. 17Apre sa, kèk chèf fanmi kanpe epi yo di moun ki te sanble yo: 18-Sou rèy Ezekyas, wa peyi Jida a, pwofèt Miche, moun lavil Morechèt la, te bay tout pèp peyi Jida a mesaj sa a: Men sa Seyè ki gen tout pouvwa a di: N'ap lakòz peyi Siyon an pral tankou yon jaden y'ap raboure. Jerizalèm ap tounen yon mazi. Gwo rakbwa pral kouvri tout mòn kote tanp lan ye a. 19Lè sa a, èske wa Ezekyas ak pèp peyi Jida a te fè touye pwofèt Miche? Non, yo fè wè jan yo te gen krentif Seyè a, yo mande l' pou l' gen pitye pou yo. Se konsa Seyè a chanje lide, li pa voye malè li te di l'ap voye sou yo a. Koulye a, nou soti pou nou rale yon gwo malè sou nou si nou fè nonm sa a anyen. 20Te gen yon lòt nonm yo te rele Ouri ki t'ap pale nan non Bondye. Se te pitit Chemaya, moun lavil Kiriyat Jearim. Li menm tou, tankou Jeremi, li t'ap pale nan non Bondye sou lavil Jerizalèm ak sou peyi Jida. 21Lè wa Jojakim, gad li yo ansanm ak tout chèf li yo tande sa li t'ap di, wa a t'ap chache yon jan pou touye li. Ouri vin konn sa, li pè, li kouri al kache nan peyi Lejip. 22Se konsa, wa Jojakim voye Elnatan, pitit Akbò, ansanm ak kèk lòt gason nan peyi Lejip al chache msye. 23Yo pran Ouri nan peyi Lejip, yo mennen l' bay wa a. Wa a fè yo touye l'. Lèfini, yo jete kadav li nan gwo fòs endijan yo. 24Men, Akikam, pitit Chafan an, t'ap pwoteje Jeremi. Se konsa li pa t' kite yo lage Jeremi nan men pèp la pou yo te touye l'.

Ilustração artística — interpretação, não registro histórico.

Você sabia?

O julgamento de Jeremias e os precedentes

  • Quando sacerdotes e profetas exigiram a execução de Jeremias por profetizar a destruição do templo, alguns anciãos citaram o precedente de Miqueias de Moresete, ocorrido mais de um século antes. Durante o reinado do rei Ezequias, Miqueias havia proferido uma advertência semelhante contra Jerusalém, mas o rei buscou o favor do Senhor em vez de condená-lo à morte.Fontes: o próprio texto bíblico · Micah · Hezekiah
  • O relato evidencia o perigo enfrentado por Jeremias ao contrastar seu caso com o de Urias, filho de Semaías, que proclamou a mesma mensagem. Ao ser perseguido por Joaquim, Urias fugiu para o Egito, mas o rei enviou oficiais para extraditá-lo, mandou executá-lo à espada e jogou seu corpo nas sepulturas do povo comum.Fontes: o próprio texto bíblico · Urijah · Jehoiakim
  • Jeremias conseguiu escapar da morte em grande parte devido à proteção de Aicão, filho de Safã, um nobre influente cuja família havia auxiliado o rei Josias em suas reformas religiosas.Fontes: o próprio texto bíblico · Ahikam

Notas escritas com auxílio de IA a partir de fontes abertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, domínio público) e revisadas antes de publicar.

Lugares deste capítulo

  • Jerusalem · 31.777, 35.234 · versículos 6, 9, 18
  • Shiloh · Hoje: Khirbet Seilun · 32.056, 35.290 · versículos 6, 9
  • New Gate · Hoje: in Jerusalem · 31.777, 35.234 · versículo 10
  • Mount Zion · 31.772, 35.229 · versículo 18
  • Zion · Hoje: Jerusalem · 31.777, 35.234 · versículo 18
  • Kiriath-jearim · Hoje: Deir el Azar · 31.809, 35.104 · versículo 20
  • Egypt · 30.129, 31.308 · versículos 21, 22, 23

Só aparecem lugares com identificação de alta confiança (90% ou mais segundo as fontes acadêmicas reunidas pelo OpenBible). Mapa da época: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; mapa atual: © colaboradores do OpenStreetMap; lugares: OpenBible.info (CC BY 4.0).

Créditos e licença desta tradução
Bib La
The Holy Bible in Haitian Creole
Public Domain
Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian)
In the Public Domain due to publication without copyright notice in 1985, and without subsequent registration within 5 years.
2020-03-10

Fonte: http://ebible.org/hat/ · eBible.org

Fale com a gente

Conte de onde você lê, como a Bíblia tem te ajudado ou o que podemos melhorar. Lemos todas as mensagens.