Jeremias 18
Bib La · Toque num versículo para ver as referências cruzadas.
1Seyè a pale ak Jeremi ankò, li di l' konsa: 2-Leve non! Desann kay bòs k'ap fè krich yo. Rive la, m'a ba ou yon mesaj. 3Mwen desann vre kay bòs k'ap fè krich yo. Mwen wè msye t'ap bay yon krich fòm nan tou a. 4Depi krich li t'ap fè a pa t' soti byen, li kraze l', li pran tè a, li fè yon lòt krich avè l' jan li te vle fè l' la. 5Lè sa a, Seyè a di m' konsa: 6-Nou menm pèp Izrayèl, èske mwen pa gen dwa fè ak nou sa bòs la fè ak tè a? Nou nan men mwen menm jan tè a nan men bòs k'ap fè krich la, tande! 7Yon lè mwen pran desizyon pou m' derasinen yon nasyon osinon yon peyi ki gen wa, pou m' kraze l', pou m' detwi l'. 8Men, si nasyon an chanje, si li sispann fè mechanste ki lakòz mwen te move a, m'ap chanje lide, m' p'ap fè l' sa m' te fè lide fè l' la. 9Yon lòt lè, mwen pran desizyon pou m' leve yon nasyon osinon pou m' fè gouvènman yon wa kanpe. 10Men, si nasyon an fè sa ki pa fè m' plezi, si li pa koute m', mwen p'ap fè tout byen mwen te fè lide fè pou li a. 11Bon! Koulye a, ou pral pale ak moun peyi Jida yo ansanm ak moun lavil Jerizalèm yo. Men sa Seyè a voye di yo: M'ap pare yon malè pou nou. Mwen fè lide pini nou. Se pou nou chanje, se pou nou kite move pant n'ap swiv la. Chache viv pi byen, manyè sispann fè sa ki mal. 12Y'ap reponn ou: Se tan ou w'ap pèdi! N'ap toujou kenbe tèt ak Bondye. N'ap toujou fè tout vye lide ki nan tèt nou. 13Lè sa a, Seyè a di ankò: -Al mande moun lòt nasyon yo si yo te janm tande yon bagay konsa rive anvan sa? Moun pèp Izrayèl yo fè yon bann bagay moun pa ka gade! 14Eske ou janm wè pa gen lanèj sou wòch nan tèt mòn peyi Liban yo? Eske ou janm wè ti sous dlo fre k'ap desann soti nan mòn yo cheche? 15Men, pèp mwen an bliye m'. Y'ap boule lansan pou zidòl ki pa vo anyen. Kifè yo kite chemen pou yo te swiv la, chemen yo t'ap swiv depi nan tan lontan an, yo pran mache nan raje, kote ki pa gen chemen trase. 16Yo fè peyi a tounen yon savann dezole, tout moun se mete men nan tèt! Tout moun k'ap pase bò la pral sezi wè sa. Yo pral souke tèt yo. 17Se konsa mwen pral gaye yo devan lènmi yo, menm jan van lès gaye pousyè. M'ap vire do ba yo lè malè va tonbe sou yo. M' p'ap okipe yo menm. 18Lè sa a, pèp la va di: -Annou moute yon konplo sou do Jeremi. N'a toujou jwenn prèt pou di nou sa Bondye vle. Va toujou gen moun ki gen bon konprann pou ban nou konsèy. Va toujou gen pwofèt pou fè nou konnen mesaj Bondye yo. Annou wè! Ann touye l' anba kout lang. Nou pa bezwen tande sa l'ap di nou la a. 19Lè sa a, mwen lapriyè, mwen di: -O Seyè! Tande sa m'ap di ou. Koute sa moun ki pa vle wè m' yo ap di sou mwen. 20Lè yon moun fè ou byen, èske se mal pou ou fè li? Yo fouye yon twou pou fè m' tonbe ladan l'. Chonje jan m' te kanpe devan ou pou m' te pale pou yo, pou m' te mande ou pa fè kòlè sou yo. 21Koulye a, Seyè, se pou ou fè pitit yo mouri grangou. Se pou ou kite yo mouri anba kout nepe. Se pou madanm yo pèdi pitit yo ansanm ak mari yo. Se pou maladi lapès touye mesye yo. Se pou jenn gason yo mouri nan lagè. 22Y'ap rete konsa, w'ap voye yon bann piyajè sou yo. Lè sa a se va rèl nan tout kay yo. Tou sa, paske yo te fouye yon twou pou fè m' tonbe ladan l'. Yo te mete pèlen pou mwen sou wout mwen. 23Men ou menm, Seyè, ou konnen tout konplo y'ap fè pou touye m'. Pa padonnen mechanste yo. Pa janm padonnen peche yo. Se pou yo tonbe atè la devan je ou. Lè ou an kòlè, regle yo.

Você sabia?
O Oleiro e o Barro
- Na casa do oleiro, Jeremias observa um artesão remodelar na roda um vaso estragado para transformá-lo em outro recipiente. A passagem usa essa imagem para ilustrar a autoridade divina e o julgamento condicional: se uma nação advertida se arrepende do mal, o desastre é evitado, mas se pratica o mal, a bênção pretendida é retida.Fontes: o próprio texto bíblico
- A profecia contrasta o abandono de Deus por parte de Israel com a constância da natureza, questionando se a neve do Líbano algum dia desaparece de suas encostas rochosas. A cordilheira do Líbano, cujo nome significa branco, destacava-se por seus cumes elevados e suas fontes de águas frescas.Fontes: Lebanon · o próprio texto bíblico
- A conspiração contra Jeremias foi motivada por opositores que presumiam segurança religiosa, afirmando que a instrução jamais faltaria ao sacerdote, o conselho ao sábio ou a palavra ao profeta. A mensagem de ruína proclamada por Jeremias desafiava diretamente essa confiança institucional.Fontes: Jeremiah · o próprio texto bíblico
Notas escritas com auxílio de IA a partir de fontes abertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, domínio público) e revisadas antes de publicar.
Lugares deste capítulo
- Jerusalem · 31.777, 35.234 · versículo 11
- Lebanon · 33.540, 35.584 · versículo 14
- Mount Hermon · 33.400, 35.850 · versículo 14
Só aparecem lugares com identificação de alta confiança (90% ou mais segundo as fontes acadêmicas reunidas pelo OpenBible). Mapa da época: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; mapa atual: © colaboradores do OpenStreetMap; lugares: OpenBible.info (CC BY 4.0).
Créditos e licença desta tradução
Bib La The Holy Bible in Haitian Creole Public Domain Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) In the Public Domain due to publication without copyright notice in 1985, and without subsequent registration within 5 years. 2020-03-10
Fonte: http://ebible.org/hat/ · eBible.org