Jeremias 17
Bib La · Toque num versículo para ver as referências cruzadas.
1Seyè a di: -Yo ekri peche moun Jida yo ak yon sizo an fè. Li make nan kè nou ak yon pwent an dyaman. Li grave sou kat kwen lotèl nou yo, 2pou pitit yo ka chonje tout lotèl yo ak tout poto repozwa yo plante bò pyebwa plen fèy sou tèt mòn yo. 3Nou menm k'ap fè sèvis sou mòn yo, nan mitan pyebwa yo, m'ap fè moun vin piye richès nou yo ak trezò nou yo poutèt peche nou te fè sou mòn yo toupatou nan peyi a. 4Se nou menm ankò ki pral bay peyi mwen te ban nou an. M'ap fè nou tounen domestik lènmi nou yo, nan yon peyi nou pa t' janm konnen paske nou te fè m' fache. Kòlè m' tankou yon dife ki p'ap janm mouri. 5Men sa Seyè a di ankò: -Madichon pou moun ki vire do ban mwen pou mete konfyans yo nan moun parèy yo, pou konte sou sa moun ap fè pou yo. 6Y'ap tankou yon ti pyebwa nan dezè k'ap pouse nan yon tè sèk, san dlo, nan yon tè sale kote pèsonn pa rete. Yo p'ap janm wè zafè yo mache byen. 7benediksyon pou moun ki mete konfyans yo nan Seyè a, wi, pou moun ki mete tout espwa yo nan li. 8L'ap tankou pyebwa yo plante bò larivyè, k'ap plonje rasin li nan dlo. Li pa pè anyen lè sezon chalè rive, paske fèy li yo ap toujou vèt. Te mèt gen yon lanne chechrès, sa pa fè l' anyen, l'ap toujou donnen. 9Pa gen anyen ki ka twonpe moun pase sa ki nan kè lòt moun. Pa gen renmèd pou sa. Ki moun ki ka rive konprann sa k'ap pase nan kè lèzòm? 10Mwen menm Seyè a, mwen konnen tout lide ki nan tèt yo, mwen sonde santiman ki nan kè yo. M'ap bay chak moun sa yo merite dapre jan yo mennen bak yo. 11Moun k'ap fè mal pou yo ka rive rich, yo tankou zwezo k'ap kouve ze yo pa t' ponn. Yo poko parèt, y'ap pèdi tou sa yo te genyen. Anvan yo mouri, yo gen tan pèdi tèt yo. 12Tanp nou an tankou yon bèl fotèy ki kanpe sou tèt mòn lan depi nan konmansman. 13Seyè! Se ou ki tout espwa pèp Izrayèl la. Tout moun ki lage ou pral wont. Moun ki vire do ba ou ap disparèt tankou non ki ekri sou sab, paske yo lage ou, Seyè, ou menm ki sous dlo fre a. 14Seyè, geri m' non, m'a gaya! Delivre m' non, m'a sove! Se pou ou m'a fè lwanj. 15Moun yo ap di mwen: Kote sa Seyè a te di a? Se pou l' rive vre! 16Men, Seyè, mwen pa t' janm kole dèyè ou pou ou te voye malè sou yo! Mwen pa t' janm mande pou move tan tonbe sou yo! Seyè, ou konn sa! Se devan ou mwen te di tou sa m' te di. 17Tanpri, pa kite sa vire mal pou mwen! Jou malè se ou ki tout pwoteksyon m'! 18Se moun k'ap chache touye m' yo ki pou wont. Pa mwen. Se yo ki pou gen kè kase. Pa mwen. Fè malè tonbe sou yo. Kraze yo an miyèt moso! 19Men sa Seyè a di ankò: -Al kanpe bò Pòtay Pèp la, kote wa Jida yo pase pou antre soti nan lavil la. W'a bay mesaj sa a. Lèfini, al kanpe bò tout lòt pòtay lavil yo, w'a di menm bagay la. 20W'a di yo: Nou menm, wa peyi Jida ak tout moun nan peyi a, nou tout moun lavil Jerizalèm ki pase nan pòtay sa yo, koute sa Seyè a di: 21Li te di si nou renmen lavi nou, pa pote ankenn chay jou repo a. Pa kite yo pote chay antre nan pòtay lavil Jerizalèm yo. 22Pa pote chay soti lakay nou jou repo a. Piga nou fè ankenn travay jou sa a. Se pou nou mete jou repo a apa pou Seyè a, jan mwen te bay zansèt nou yo lòd la. 23Men zansèt nou yo pa t' koute m', yo pa okipe sa m' te di yo a. Yo fè tèt di. Yo pa obeyi m'. Yo derefize fè sa m' te di yo fè. 24Men sa mwen menm, Seyè a, mwen di: Si nou menm nou koute lòd mwen ban nou, si nou pa kite pesonn pote chay antre nan pòtay lavil la jou repo a, si nou kenbe jou repo a tankou yon jou nou mete apa pou mwen, si nou pa fè ankenn travay jou sa a, 25lè sa a, wa nou yo va antre nan pòtay lavil Jerizalèm yo ansanm ak chèf nou yo. Y'a chita sou fotèy wa David la. Yo menm ansanm ak tout pèp Jida a ak moun lavil Jerizalèm yo, y'a moute cha lagè yo ak chwal yo. Ap toujou plen moun nan lavil Jerizalèm. 26Moun va soti nan tout lavil peyi Jida yo, nan tout vwazinaj lavil Jerizalèm lan, y'a soti nan peyi moun Benjamen yo, nan zòn ki nan pye mòn yo, nan mòn yo ak nan sid peyi Jida a, y'a pote bèt pou boule nèt pou Seyè a, bèt pou yo touye sou lotèl li a, ofrann grenn jaden yo ak lansan, ansanm ak ofrann pou di Bondye mèsi nan kay Seyè a. 27Tansèlman, si nou pa koute m', si nou pa mete jou repo a apa pou Bondye, si jou sa a nou pote chay, si nou kite moun antre nan pòtay lavil Jerizalèm yo ak chay, m'ap mete dife nan pòtay li yo. Dife a va boule tout gwo kay lavil Jerizalèm yo. Pesonn p'ap ka touye dife sa a.

Você sabia?
Confiança, o Coração e o Sábado
- O estilete de ferro e a ponta de diamante eram ferramentas antigas usadas para gravar inscrições profundas e permanentes em pedra ou metal. Jeremias usa essa imagem para destacar que a idolatria de Judá não era superficial, mas estava profundamente gravada em seus corações e nas pontas de seus altares.Fontes: o próprio texto bíblico
- Jeremias contrasta um arbusto solitário no deserto seco e salgado com uma árvore viçosa plantada junto a um riacho. A árvore cujas raízes alcançam a água permanece verde e continua dando fruto mesmo em anos de seca, servindo de símbolo para quem confia em Deus em vez de confiar na força humana.Fontes: o próprio texto bíblico
- Jeremias recebeu a ordem de proclamar a palavra de Deus nas portas de Jerusalém, proibindo expressamente o transporte de cargas no dia de sábado. A santificação do sábado garantia a permanência de reis no trono de Davi e a vinda de adoradores das terras de Benjamim, de Judá e do Neguebe.Fontes: o próprio texto bíblico · David · Benjamin (patriarch) · Jerusalem
Notas escritas com auxílio de IA a partir de fontes abertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, domínio público) e revisadas antes de publicar.
Lugares deste capítulo
- Arabah · 30.417, 35.151 · versículo 6
- Jerusalem · 31.777, 35.234 · versículos 19, 20, 21, 25, 26, 27
- People’s Gate · Hoje: in Jerusalem · 31.777, 35.234 · versículo 19
- Negeb · 31.245, 34.841 · versículo 26
- Shephelah · 31.692, 34.875 · versículo 26
Só aparecem lugares com identificação de alta confiança (90% ou mais segundo as fontes acadêmicas reunidas pelo OpenBible). Mapa da época: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; mapa atual: © colaboradores do OpenStreetMap; lugares: OpenBible.info (CC BY 4.0).
Créditos e licença desta tradução
Bib La The Holy Bible in Haitian Creole Public Domain Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) In the Public Domain due to publication without copyright notice in 1985, and without subsequent registration within 5 years. 2020-03-10
Fonte: http://ebible.org/hat/ · eBible.org