Jeremias 12
Bib La · Toque num versículo para ver as referências cruzadas.
1Ou menm Seyè, ou pa nan patipri. Mwen pa ka nan plede avè ou. Men, mwen ta renmen mande ou yon bagay sou sa w'ap fè a. Poukisa zafè mechan yo mache byen konsa? Poukisa tout moun malonèt yo alèz konsa? 2Ou plante yo, yo pran rasin. Yo grandi, yo donnen. Non ou toujou nan bouch yo! Men, nan kè yo, yo pa sou bò ou. 3Men, ou menm Seyè, ou konn ki moun mwen ye, ou wè sa m'ap fè, ou wè jan m' renmen ou. Pote mechan yo ale tankou mouton y'ap mennen labatwa! Kenbe yo la jouk lè a va rive pou yo touye yo! 4Kilè n'a sispann wè tè a sèk? Kilè n'a sispann wè zèb nan jaden yo ap fennen? Zannimo yo ap mouri, zwezo yo ap depafini. Tou sa, akòz mechanste pèp la k'ap plede di Bondye pa wè sa n'ap fè. 5Seyè a di: -Jeremi, si ou pèdi souf lè w'ap kouri ak moun, ki jan ou ka fè kouri ak chwal? Si kè ou pa poze lè tout bagay ap mache byen, si se lè peyi a pa an danje, ou gen kè poze, kisa w'a fè lè larivyè Jouden ap desann? 6Ata frè ou yo, pwòp fanmi ou yo, ap trayi ou. Yo mete tèt yo ansanm ak lòt moun sou do ou. Pa fè yo konfyans, menm lè ou wè yo ap pale byen avè ou. 7Seyè a di ankò: -Mwen lage pèp Izrayèl la, mwen voye pèp mwen te chwazi a jete, mwen lage pèp mwen te renmen anpil la nan men lènmi yo. 8Pèp ki te rele m' pa m' lan vire do ban mwen. Tankou yon lyon nan gwo rakbwa, y'ap gwonde sou mwen. Se poutèt sa mwen pa vle wè yo ankò! 9Pèp ki te rele m' pa m' lan tankou yon zwazo tout koulè, malfini sènen l' toupatou. Ale non! Sanble tout bèt nan bwa. Fè yo vini pran pa yo nan manje a! 10Yon bann chèf lòt nasyon ap sakaje jaden rezen mwen an. Yo kraze jaden m' lan anba pye yo. Yo fè bèl peyi mwen an tounen yon dezè kote moun pa rete. 11Yo fè l' tounen yon savann. Men, li la devan je m'. Li fini, san anyen ladan l'. Tout peyi a tounen yon dezè, san pesonn pa di anyen. 12Moun soti lòt bò mòn ki nan dezè a vin piye. Paske Seyè a voye lagè pou detwi tout peyi a nèt. Pesonn pa ka viv ak kè poze. 13Yo plante ble, yo rekòlte pikan. Yo travay di, sa pa rapòte yo anyen. Yo wont, rekòt la pa bay anyen paske Seyè a move anpil. 14Seyè a di ankò: -Men sa Seyè a di sou move vwazen pèp li a ki leve men yo sou peyi li te bay pèp Izrayèl la pou rele l' pa l' la: Mwen pral rache yo soti nan peyi yo a, tankou pyebwa y'ap derasinen. M'a wete moun peyi Jida yo nan mitan yo. 15Men, lè m'a fin rache yo, m'a gen pitye pou yo. M'a fè yo tounen lakay yo, nan peyi yo. 16Si lè sa a yo aprann viv byen tankou pèp mwen, si yo pran non m' pou fè sèman sa a: Nan non Seyè ki vivan an!, menm jan yo te moutre pèp mwen an pou li fè sèman nan non Baal, enben, lè sa a yo menm tou, y'a fè pati pèp mwen an, epi zafè yo va mache byen. 17Men, si yon nasyon pa koute m', m'ap rache l', m'ap derasinen l', m'ap detwi li nèt. Se mwen menm Seyè a ki di sa.

Você sabia?
A Queixa de Jeremias e as Nações
- Jeremias lida com a difícil questão de por que os ímpios prosperam e vivem tranquilos, tendo a Deus nos lábios, mas longe do coração. A angústia do profeta era profundamente pessoal, pois até os membros da casa de seu próprio pai o haviam traído e se levantado contra ele.Fontes: o próprio texto bíblico
- Deus responde à queixa de Jeremias perguntando como ele competirá com cavalos se a corrida com homens a pé já o cansa, e como se sairá na mata densa do Jordão se tropeça em terra de paz. O rio Jordão corta vales baixos e terrenos densos e difíceis ao longo de suas margens.Fontes: o próprio texto bíblico · Jordan
- O capítulo estende esperança até mesmo às nações vizinhas hostis que antes haviam ensinado Judá a jurar por Baal, o principal deus masculino dos fenícios. Se essas nações se converterem e aprenderem a jurar pelo nome do Senhor, Deus promete que serão estabelecidas no meio de seu povo.Fontes: o próprio texto bíblico · Baal
Notas escritas com auxílio de IA a partir de fontes abertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, domínio público) e revisadas antes de publicar.
Lugares deste capítulo
- Jordan · Hoje: Jordan River · 31.761, 35.558 · versículo 5
Só aparecem lugares com identificação de alta confiança (90% ou mais segundo as fontes acadêmicas reunidas pelo OpenBible). Mapa da época: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; mapa atual: © colaboradores do OpenStreetMap; lugares: OpenBible.info (CC BY 4.0).
Créditos e licença desta tradução
Bib La The Holy Bible in Haitian Creole Public Domain Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) In the Public Domain due to publication without copyright notice in 1985, and without subsequent registration within 5 years. 2020-03-10
Fonte: http://ebible.org/hat/ · eBible.org