Nations Bible

Isaías 60

Bib La · Toque num versículo para ver as referências cruzadas.

1Leve kanpe! Ou pral klere tankou solèy. Pouvwa Seyè a pral klere sou ou. 2Lòt nasyon yo nan fènwa, yon nwaj kouvri lòt pèp yo. Men limyè Seyè a pral leve sou nou! Pouvwa li pral parèt sou nou! 3Nasyon yo pral kouri vin nan limyè nou an. Tout wa yo pral kouri vin nan klète jou k'ap leve pou nou an. 4Voye je nou toupatou bò kote nou, gade sa k'ap rive! Tout moun pa nou yo ap sanble, y'ap tounen lakay yo. Pitit gason nou yo ap soti byen lwen. Moun ap pote pitit fi nou yo tankou timoun chita sou ren yo. 5Lè n'a wè sa, n'a kontan nèt ale! Kè nou pral bat, nou p'ap konn kote pou n' mete kò nou! Y'ap pote richès nasyon yo ban nou. Y'ap soti lòt bò lanmè, y'ap vin jwenn nou. 6Y'ap ban nou kantite chamo ki soti peyi Madyan ak peyi Efa. Nou p'ap konnen kote pou n' mete yo. Moun ap soti peyi Saba, chaje lò ak lansan. Y'ap pwonmennen fè lwanj Seyè a toupatou. 7Tout mouton ak kabrit peyi Keda yo ap sanble lakay nou. N'a gen belye mouton peyi Nebayòt yo pou fè sèvis. N'a ofri yo pou boule sou lotèl mwen an. Sa va fè m' plezi. Seyè a va fè kay kote fòtèy li ye a vin byen bèl ankò. 8Ki tout moun sa yo? Y'ap plane tankou yon nwaj nan syèl la, tankou yon bann pijon k'ap tounen vin nan kalòj yo? 9Se yon bann bato k'ap soti byen lwen, bato peyi Tasis yo devan. Y'ap mennen moun pèp Bondye a tounen lakay yo. Y'ap pote ajan ak lò ak yo an kantite, pou sa sèvi yon lwanj pou Seyè a, Bondye nou an. Paske Bondye pèp Izrayèl la, ki yon Bondye apa, te fè bèl bagay pou pèp li a. 10Seyè a pale ak lavil Jerizalèm, li di l' konsa: -Se moun lòt nasyon ki pral rebati miray nou yo! Se wa yo ki pral sèvi nou domestik. Nan kòlè mwen, mwen te pini nou. Men, mwen gen pitye pou nou paske mwen gen bon kè. 11Pòtay nou yo ap rete louvri lajounen kou lannwit. Yo p'ap janm fèmen, pou wa lòt nasyon yo ka pote tout richès peyi yo lakay nou. 12Paske y'ap detwi tout nasyon ak tout wa ki pa vle sèvi nou yo. Y'ap kraze peyi sa yo nèt ale. 13Y'a pote pi bèl pyebwa nan peyi Liban an, pichpen, pye sèd ak bwadòm, lakay nou pou dekore tanp ki apa pou mwen an, pou anbeli kote m' rete a. 14Pitit moun ki t'ap maltrete nou yo va vin jwenn nou tèt bese. Tout moun ki t'ap pase nou nan betiz pral ajenou nan pye nou. Y'a rele nou lavil Seyè a, Mòn Siyon ki pou Bondye pèp Izrayèl la ki yon Bondye apa. 15Mwen p'ap vire do ban nou ankò. Yo p'ap rayi nou. Nou p'ap rete san pesonn pou vizite nou. M'ap fè moun nou yo toujou kontan wè nou. Y'a fè fèt de tit an tit. 16Lòt nasyon yo ansanm ak wa yo va pran swen nou tankou yon nouris k'ap bay pitit li tete. Lè sa a n'a konnen se mwen menm, Seyè a, ki sove nou. Se Bondye pèp Izrayèl la, Bondye ki gen tout pouvwa a, ki delivre nou. 17M'a fè yo pote lò pou nou nan plas kwiv. M'a fè yo pote ajan pou nou nan plas fè. N'a gen kwiv nan plas bwa, n'a gen fè nan plas wòch. Nan plas chèf ki t'ap peze nou yo, m'a mete chèf k'ap fè nou viv ak kè poze. Nan plas chèf ki t'ap souse nou yo, m'a mete chèf k'ap fè sa ki dwat. 18Yo p'ap tande moun fè mechanste nan peyi a ankò. Moun p'ap devalize peyi a ankò, ni moun p'ap kraze l'. M'ap sèvi nou ranpa, se mwen menm k'ap pwoteje nou. M'ap sèvi nou pòtay, n'a fè lwanj mwen. 19Se pa solèy la ki pral klere nou lajounen. Ni nou p'ap bezwen klète lalin lan pou klere nou lannwit. Se mwen menm, Seyè a, ki pral sèvi nou limyè pou tout tan. Se Bondye nou an ki pral leve tèt nou. 20Solèy nou an p'ap janm kouche ankò. Lalin nou an p'ap janm disparèt. Se Seyè a menm ki pral sèvi nou limyè pou tout tan. Jou lafliksyon nou yo fini. 21Tout moun nan pèp nou an va fè sa ki dwat. Y'a rete nan peyi a pou tout tan. Tankou kreyòl jaden mwen, se mwen ki plante yo, se mwen ki fè yo ak men mwen, pou m' ka fè tout moun wè pouvwa mwen. 22Fanmi ki pi piti nan mitan nou an pral gen mil (01.000) moun. Fanmi ki pa vo anyen an pral tounen yon gwo nasyon. Se mwen menm Seyè a ki p'ap mize fè sa, lè lè a va rive.

Ilustração artística — interpretação, não registro histórico.

Você sabia?

A restauração gloriosa de Sião

  • Sabá era um reino no sul da Arábia famoso pelo antigo comércio de ouro e especiarias, enquanto Midiã era uma tribo árabe nômade envolvida no comércio pelo deserto. Isaías 60 visualiza esses povos distantes chegando em caravanas de camelos, trazendo ouro e incenso para louvar ao Senhor.Fontes: Sheba · Midian · o próprio texto bíblico
  • Quedar e Nebaiote remontam, nas genealogias bíblicas, aos filhos de Ismael, sendo Quedar o nome de tribos árabes pastoris e nômades do noroeste da Arábia, conhecidas por seus rebanhos e tendas negras. Nessa visão profética, suas ovelhas e carneiros são levados a Jerusalém para serem aceitos como ofertas no altar.Fontes: Kedar · Nebajoth · Kedar · o próprio texto bíblico

Notas escritas com auxílio de IA a partir de fontes abertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, domínio público) e revisadas antes de publicar.

Lugares deste capítulo

  • Jerusalem · 31.777, 35.234 · versículos 1, 14
  • Ephah · Hoje: Midian · 28.495, 35.012 · versículo 6
  • Midian · 28.495, 35.012 · versículo 6
  • Sheba · 15.348, 44.206 · versículo 6
  • Kedar · 29.811, 39.868 · versículo 7
  • Lebanon · 33.540, 35.584 · versículo 13
  • Zion · Hoje: Jerusalem · 31.777, 35.234 · versículo 14

Só aparecem lugares com identificação de alta confiança (90% ou mais segundo as fontes acadêmicas reunidas pelo OpenBible). Mapa da época: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; mapa atual: © colaboradores do OpenStreetMap; lugares: OpenBible.info (CC BY 4.0).

Créditos e licença desta tradução
Bib La
The Holy Bible in Haitian Creole
Public Domain
Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian)
In the Public Domain due to publication without copyright notice in 1985, and without subsequent registration within 5 years.
2020-03-10

Fonte: http://ebible.org/hat/ · eBible.org

Fale com a gente

Conte de onde você lê, como a Bíblia tem te ajudado ou o que podemos melhorar. Lemos todas as mensagens.