Nations Bible

Isaías 59

Bib La · Toque num versículo para ver as referências cruzadas.

1Non! Se pa paske Seyè a manke fòs kifè li pa vin delivre nou. Se pa paske li soudè kifè li pa tande lè n'ap lapriyè nan pye l'. 2Men se mechanste nou yo ki mete yon bayè ant nou ak Bondye nou an. Se peche nou yo ki fè l' vire figi l' pou l' pa tande nou. 3San ap koule sou tout dwèt nou. Nou foure men nou nan tout kalite mechanste. Bonjou nou pa laverite. Depi nou louvri bouch nou se kout lang n'ap bay. 4Lè n' al nan tribinal se pou defann move kòz. Lè n'ap plede, nou bay manti. N'ap di yon bann bagay ki pa laverite. Se move lide ase ki nan tèt nou. Se mechanste ase n'ap fè. 5Move plan y'ap fè yo tankou pwazon. Si ou pran ladan yo nanpwen rechap. Si ou rive kraze yon move plan y'ap fè, y'ap pare yonn ki pi rèd pou ou. 6Menm jan ou pa ka fè rad ak fil zariyen, konsa tou sa y'ap fè a p'ap rapòte yo anyen ki bon. Se mechanste ase yo soti pou yo fè. Se nan san ase yo mete men yo. 7Y'ap kouri konsa pou fè sa ki mal, yo cho pou yo touye moun inonsan. Lide yo toujou sou sa ki mal, kote yo pase se dega toupatou. Se malè yo kite dèyè yo. 8Yo pa konn jan pou yo viv byen ak moun. Tout sa y'ap fè kwochi. Tout kò yo se plan. Moun k'ap swiv yo toujou nan tèt chaje. 9Pèp la di: -Koulye a nou konnen poukisa Bondye ki pou ta defann kòz nou an rete lwen nou konsa, poukisa li pa vin delivre nou. Nou t'ap tann limyè pou klere kote n'ap mete pye nou, men kote nou pase se nan fènwa nou ye. 10N'ap tatonnen tankou avèg k'ap chache wout, tankou moun je pete. N'ap bite gwo midi tankou si nou t'ap mache solèy kouche. San nou pa malad, nou tankou moun ki deja nan peyi san chapo. 11N'ap wouke tankou chen, n'ap plenn tankou bourik anba chay. N'ap tann Bondye pou l' pran defans nou. Bichi! N'ap tann li vin delivre nou. Anyen menm! 12Seyè, se vre wi, nou te fè anpil peche kont ou! Koulye a, se peche nou yo k'ap kale nou. Yo la devan je nou. Nou rekonèt nou te fè yo vre. 13Nou te vire do bay Seyè a, nou voye l' jete. Nou derefize koute l'. Nou tòde men frè parèy nou, nou revòlte kont Bondye. Se move lide ase nou te gen nan kè nou. Se manti ase nou t'ap kalkile nan tèt nou. 14Se poutèt sa, nou pa t' bay chans pou yo defann nou. Pesonn pa ka pwoche vin delivre nou. Nan tout lavil la ou pa konn kote ou gad ak pesonn. Pesonn pa mache dwat. 15Pa gen moun serye ankò! Si ou pa fè tankou tout moun, se ou k'ap anba. Seyè a wè sa. Sa te fè l' mal paske pa t' gen jistis nan peyi a. 16Li sezi wè pesonn pa leve kanpe pou defann inonsan yo. Se konsa, li vin delivre pèp la ak pwòp fòs kouraj li. Li ba l' men, li pran defans li. 17Li mete jistis anwo li tankou yon plak pwotèj pou lestonmak li. Li mete pouvwa pou sove a tankou yon kas nan tèt li. Li mete pouvwa revanj li sou li tankou yon palto, li vlope kò l' ak fòs pou l' pran defans moun li renmen yo. 18L'ap pini chak moun dapre sa yo fè: li pral move sou moun ki pa vle wè l' yo, li pral tire revanj sou lènmi l' yo, menm sou moun ki rete nan zile byen lwen yo. 19Depi kote solèy la leve a jouk kote solèy la kouche a, tout moun va pè Seyè a, y'a respekte pouvwa li. L'ap vin tankou lavalas k'ap desann nan fon ravin, tankou gwo van tanpèt. 20M'ap vin sou mòn Siyon an pou m' delivre tout moun fanmi Jakòb yo ki va vire do bay peche yo. Se Seyè a menm ki di sa. 21Seyè a di ankò: Men kontra mwen pral pase ak yo a: M'ap mete lespri m' sou yo. M'ap ba yo lòd mwen yo pou lòd mwen yo ka nan bouch yo, nan bouch pitit yo ak nan bouch pitit pitit yo, pou tout tan tout tan. Se mwen menm Seyè a ki di sa.

Ilustração artística — interpretação, não registro histórico.

Você sabia?

A Justiça Divina e o Redentor de Sião

  • Para ilustrar a profunda degradação moral e o colapso da justiça civil, a passagem emprega metáforas vívidas, descrevendo a verdade tropeçando na praça pública e pessoas tateando ao longo das paredes como cegos ao meio-dia.Fontes: o próprio texto bíblico
  • Ao constatar que nenhum defensor ou intercessor humano se levantou para defender a justiça, o texto retrata Deus armando-se para intervir, vestindo a justiça como couraça, o capacete da salvação e um manto de zelo.Fontes: o próprio texto bíblico
  • O capítulo promete que um Redentor virá a Sião—a colina fortificada a sudeste de Jerusalém, onde Davi ergueu sua cidadela—para resgatar aqueles entre os descendentes de Jacó que se converterem da transgressão.Fontes: o próprio texto bíblico · Zion · Jacob (Israel)

Notas escritas com auxílio de IA a partir de fontes abertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, domínio público) e revisadas antes de publicar.

Lugares deste capítulo

  • Zion · Hoje: Jerusalem · 31.777, 35.234 · versículo 20

Só aparecem lugares com identificação de alta confiança (90% ou mais segundo as fontes acadêmicas reunidas pelo OpenBible). Mapa da época: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; mapa atual: © colaboradores do OpenStreetMap; lugares: OpenBible.info (CC BY 4.0).

Créditos e licença desta tradução
Bib La
The Holy Bible in Haitian Creole
Public Domain
Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian)
In the Public Domain due to publication without copyright notice in 1985, and without subsequent registration within 5 years.
2020-03-10

Fonte: http://ebible.org/hat/ · eBible.org

Fale com a gente

Conte de onde você lê, como a Bíblia tem te ajudado ou o que podemos melhorar. Lemos todas as mensagens.