Nations Bible

Ezequiel 4

Bib La · Toque num versículo para ver as referências cruzadas.

1Bondye di m' konsa: -Nonm o! Pran yon brik, mete l' devan ou. Trase desen lavil Jerizalèm sou li. 2Apre sa, w'a moutre jan lènmi pral sènen lavil la: W'a fouye yon kannal pou sòlda yo kache, w'a mete ranblè nan pye miray li yo, w'a mete anplasman kan sòlda yo, w'a mete gwo poto pou defonse pòtay yo sou tout bò lavil la. 3Pran yon pwelon fè, mete l' kanpe tankou yon miray ant ou menm ak lavil la. Bay lavil la fas. Lavil la sènen toupatou. Se ou menm ki sènen l'. Se va yon siy pou moun pèp Izrayèl yo. 4Lèfini, kouche sou bò gòch ou. W'a pran tout peche moun pèp Izrayèl yo sou ou. Ou rete kouche konsa pandan tout tan w'ap pote chay peche yo a. 5Mwen deside pou yo pase twasankadrevendizan (0390) ap peye pou peche yo. Konsa, m'ap fè ou pase twasankatrevendi (0390) jou ap pote chay peche moun peyi Izrayèl yo, yon jou pou chak lanne. 6Apre sa, w'a vire kouche sou bò dwat ou. W'a pote chay peche moun peyi Jida yo pandan karant jou, yon jou pou chak lanne chatiman yo. 7Vire tèt ou, gade lavil Jerizalèm yo sènen an. Lonje dwèt ou sou li. Di sa ki pral rive l'. 8M'ap mare ou byen mare, konsa ou p'ap ka vire chanje bò toutotan tout jou pou yo sènen lavil la poko fin pase. 9Bon, koulye a ou pral pran ble, lòj, gwo pwa, ti pwa, pitimi ak ble mòn, w'a mete yo ansanm nan yon sèl veso. W'a fè pen ak yo. Pandan tout twasankatrevendi (0390) jou w'ap pase kouche sou bò gòch ou a, se sa ase w'a manje. 10W'a pran yon moso pen ki peze yon demi (01/2) liv pou ou manje chak jou. Se sa ase pou ou manje chak jou. 11Ou p'ap gen anpil dlo pou ou bwè. W'a pran yon lit dlo konsa chak jou. 12W'a pran okabennen moun, w'a fè dife pou kwit pen pou ou manje a devan tout moun. 13Seyè a te di ankò: -Se konsa moun pèp Izrayèl yo pral manje manje lalwa defann yo manje, lè m'a gaye yo nan mitan lòt nasyon yo. 14Lè sa a, mwen di: -O non! Seyè, Bondye ki gen tout pouvwa a, mwen pa janm manje manje ou defann moun manje. Depi m' piti, mwen pa janm manje vyann bèt ki mouri toufe, ni vyann bèt lòt bèt touye. Non, mwen pa janm mete nan bouch mwen vyann ou defann moun manje! 15Lè sa a, Bondye di m' konsa: -Dakò. M'ap kite ou pran kaka bèf pito pase okabennen moun. Ou mèt fè dife avè l' pou kwit pen ou lan. 16Epi li di ankò: -Nonm o! Mwen pral koupe viv moun lavil Jerizalèm yo. Moun yo pral gen kè sere, yo pral gen kè sote lè yo pral kontwole kantite pen pou yo manje ak kantite dlo pou yo bwè. 17Yo p'ap jwenn kantite pen ak dlo yo bezwen: yo tout y'ap depafini ansanm, y'ap deperi poutèt peche yo fè yo.

Ilustração artística — interpretação, não registro histórico.

Você sabia?

Atos Simbólicos do Cerco

  • Ezequiel recebeu a ordem de encenar o cerco de Jerusalém por meio de recursos visuais, desenhando a cidade em um tijolo de barro, montando rampas e aríetes em miniatura e colocando uma placa de ferro como muralha.Fontes: o próprio texto bíblico · Jerusalem
  • O profeta devia deitar-se sobre o lado esquerdo durante 390 dias para simbolizar a iniquidade da casa de Israel, e depois sobre o lado direito por 40 dias por Judá, com cada dia representando um ano.Fontes: o próprio texto bíblico
  • Para retratar a extrema escassez durante o cerco, Ezequiel foi instruído a medir porções diárias restritas de água e pão feito de vários grãos, cozinhando o alimento sobre esterco de vaca seco.Fontes: o próprio texto bíblico

Notas escritas com auxílio de IA a partir de fontes abertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, domínio público) e revisadas antes de publicar.

Lugares deste capítulo

  • Jerusalem · 31.777, 35.234 · versículos 1, 3, 7, 16

Só aparecem lugares com identificação de alta confiança (90% ou mais segundo as fontes acadêmicas reunidas pelo OpenBible). Mapa da época: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; mapa atual: © colaboradores do OpenStreetMap; lugares: OpenBible.info (CC BY 4.0).

Créditos e licença desta tradução
Bib La
The Holy Bible in Haitian Creole
Public Domain
Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian)
In the Public Domain due to publication without copyright notice in 1985, and without subsequent registration within 5 years.
2020-03-10

Fonte: http://ebible.org/hat/ · eBible.org

Fale com a gente

Conte de onde você lê, como a Bíblia tem te ajudado ou o que podemos melhorar. Lemos todas as mensagens.