Nations Bible

Ezequiel 3

Bib La · Toque num versículo para ver as referências cruzadas.

1Bondye di m' konsa: -Nonm o! Manje sa m' ba ou la a. Manje woulo liv la. Apre sa, al pale ak moun pèp Izrayèl yo. 2Se konsa, mwen louvri bouch mwen, li fè m' manje woulo liv la. 3Li di m' ankò. -Nonm o! Manje non, plen vant ou ak liv mwen ba ou a. Mwen manje l', li te dous nan bouch mwen kou siwo myèl. 4Lèfini, Bondye di m' ankò: -Nonm o! Ale bò kote moun pèp Izrayèl yo. Di yo tout pawòl mwen te di ou di yo. 5Se pa bò kote yon nasyon ki pale yon lòt lang ki difisil pou ou konprann mwen voye ou. Se bò kote moun pèp Izrayèl yo menm mwen voye ou. 6Se pa bò kote bann moun lòt nasyon yo ki pale lòt lang ki difisil pou ou konprann mwen voye ou. Si se te bò kote moun sa yo m' te voye ou, yo ta koute ou. 7Men, pa gen pyès moun nan pèp Izrayèl la k'ap vle koute ou, paske yo pa vle koute m'. Tout moun pèp Izrayèl yo gen tèt di ak move santiman nan kè yo. 8Koulye a, m'ap fè ou kenbe tèt ak yo tankou yo kenbe tèt ak mwen an, pou ou ka koresponn ak yo. 9M'ap fè tèt ou di pase wòch, l'ap di tankou wòch dyaman. Pa pè yo, pa tranble devan yo. Se yon move ras moun ki gen tèt di yo ye. 10Bondye di ankò: -Nonm o! Louvri zòrèy ou, tande sa mapral di ou. Kenbe pawòl mwen yo nan kè ou. 11Apre sa, ale bò kote moun yo te depòte yo, moun menm peyi avè ou yo. W'a pale ak yo, w'a di yo men sa mwen menm, Seyè a, m' voye di yo. Yo te mèt koute ou, yo te mèt pa koute ou, zafè yo! 12Apre sa, Lespri Bondye a pran m', li leve m' anlè. Mwen tande yon bann vwa dèyè do m' ki t'ap di: Lwanj pou Seyè a ki fè wè gwo pouvwa li nan syèl kote l' rete a. 13Mwen tande bri zèl bèt yo ki t'ap bat ansanm ak bri wou yo, ou ta di bri yon foul moun k'ap rele. 14Lespri a te leve m' anlè, li pote m' ale. Pouvwa Seyè a te vin chita sou mwen avèk fòs. Men, mwen te boulvèse, kè m' te sere. 15Se konsa mwen rive lavil Tèl Abid toupre larivyè Keba kote moun yo te depòte yo te rete a. Pandan sèt jou, mwen rete la nan mitan yo, tou dekontwole apre tou sa m' te wè ak tou sa m' te tande. 16Apre sèt jou sa yo, Seyè a pale avè m', li di m' konsa: 17-Nonm o! Mwen mete ou faksyonnè pou nasyon Izrayèl la. W'a tande mesaj m'a ba ou, w'a avèti yo pou mwen. 18Lè mwen fè ou konnen yon mechan gen pou l' mouri, si ou pa avèti l' pou l' chanje, pou l' kite move pant l'ap swiv la pou l' ka sove lavi l', l'ap toujou mouri poutèt peche li fè yo, men se ou menm m'ap rann reskonsab lanmò li. 19Men, si ou avèti mechan an, lèfini mechan an pa chanje, li pa kite move pant l'ap swiv la, l'ap mouri poutèt peche li fè yo. Men ou menm, w'ap sove lavi pa ou. 20Si yon moun ki t'ap mache dwat tanmen fè sa ki mal, m'ap mete yon malè sou wout li pou l' mouri. Si ou pa avèti l', l'ap mouri poutèt peche li fè yo, mwen p'ap chonje jan l' te konn mache dwat anvan sa a. Men, se ou menm m'ap rann reskonsab lanmò li. 21Si okontrè, ou avèti yon moun k'ap mache dwat pou l' pa fè sa ki mal, si li koute ou, si li pa fè sa ki mal, li p'ap mouri. Ou menm tou, w'a sove lavi ou. 22Mwen santi pouvwa Seyè a sou mwen ankò. Li di m' konsa: -Leve non. Soti al nan fon an. M'a pale la avè ou. 23Mwen leve, mwen desann al nan fon an. Lè m' rive la, mwen wè gwo bèl limyè ki te fè m' konprann Seyè a te kanpe la, tankou mwen te wè l' bò larivyè Keba a. Mwen tonbe sou de jenou m', tèt mwen bese jouk atè. 24Men, Lespri Bondye a antre sou mwen, li fè m' kanpe sou de pye m'. Li pale avè m', li di m' konsa: -Al fèmen kò ou lakay ou. 25Nonm o! Yo pral mete ou anba kòd. Y'ap mare ou byen mare, ou p'ap ka mete pwent pye ou deyò. 26Mwen pral fè lang ou lou nan bouch ou. W'ap bèbè, ou p'ap ka avèti move ras moun tèt di sa yo. 27Apre sa, lè m'a pale avè ou ankò, m'a ba ou lapawòl, epi w'a ba yo mesaj mwen menm, Seyè a, Bondye ki gen tout pouvwa a, m'a ba ou. Sa ki vle koute va koute, sa ki pa vle koute, zafè yo! Se yon move ras moun tèt di yo ye.

Ilustração artística — interpretação, não registro histórico.

Você sabia?

O comissionamento de Ezequiel e os exilados em Tel-Abibe

  • Tel-Abibe, onde Ezequiel morava entre os cativos judeus, era um povoado situado junto ao rio Quebar, na Babilônia. Muitos estudiosos identificam o Quebar não como um rio natural, mas como uma grande rede de canais babilônicos, como o canal real da Mesopotâmia.Fontes: Chebar · Tel-abib · o próprio texto bíblico
  • Nas cidades antigas, a sentinela ficava posicionada sobre as muralhas para vigiar o horizonte e avisar os moradores sobre perigos iminentes. Deus utilizou essa função como metáfora para o dever profético de Ezequiel, responsabilizando-o caso não transmitisse o aviso aos ímpios.Fontes: o próprio texto bíblico
  • Antes de falar aos seus compatriotas exilados, Ezequiel comeu um rolo com mensagens divinas, que era doce como mel em sua boca, e permaneceu atônito entre eles durante sete dias.Fontes: o próprio texto bíblico

Notas escritas com auxílio de IA a partir de fontes abertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, domínio público) e revisadas antes de publicar.

Créditos e licença desta tradução
Bib La
The Holy Bible in Haitian Creole
Public Domain
Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian)
In the Public Domain due to publication without copyright notice in 1985, and without subsequent registration within 5 years.
2020-03-10

Fonte: http://ebible.org/hat/ · eBible.org

Fale com a gente

Conte de onde você lê, como a Bíblia tem te ajudado ou o que podemos melhorar. Lemos todas as mensagens.