Efésios 3
Bib La · Toque num versículo para ver as referências cruzadas.
1Se poutèt sa, mwen menm Pòl ki nan prizon poutèt Kris la pou byen nou, nou menm ki pa jwif, m'ap lapriyè pou nou devan Bondye. 2Mwen kwè nou konnen deja ki jan Bondye, nan bon kè l', te ban m' travay sa a pou m' te fè pou nou. 3Bondye devwale m' sekrè travay li a, pou m' te ka konnen plan li te gen sere nan kè li. Se sou plan sa a mwen deja ekri nou kèk mo pi wo a. 4Lè n'a li yo, n'a kapab gen yon lide ki jan mwen konprann sekrè Kris la. 5Nan tan lontan Bondye pa t' devwale plan travay sa a bay ankenn moun sou latè, men koulye a, ak pouvwa Sentespri a, li devwale l' bay moun li mete apa pou sèvi l' apòt ak pwofèt. 6Men sekrè a: Nan Jezikri, ak pouvwa bon nouvèl la, moun ki pa jwif yo gen pou resevwa ansanm ak jwif yo pòsyon pa yo nan byen Bondye a. Yo se manm yon menm kò ansanm ak jwif yo, y'ap jwenn pa yo ansanm ak yo tou nan menm pwomès Bondye te fè a. 7Kifè m'ap sèvi bon nouvèl sa a, se paske Bondye nan bon kè l' fè m' yon favè, li fè pouvwa li travay nan mwen. 8Mwen pi pitit pase moun ki pi pitit nan tout pèp Bondye a. Men atousa, se mwen menm Bondye bay privilèj sa a, pou m' fè moun lòt nasyon yo konnen bon nouvèl richès Kris la, richès moun p'ap janm fin konprann. 9Li ban m' privilèj sa a pou m' fè tout moun wè aklè ki jan plan travay Bondye te sere nan kè li a ap reyalize, paske Bondye ki kreye tout bagay te kenbe plan sa a nan kè l' depi lontan. 10Men koulye a, avèk legliz la, tout chèf ak tout otorite ki nan syèl la pral rive konnen bon konprann Bondye a sou tout fòm li yo. 11Bondye aji konsa dapre plan ki te la depi lontan an. Se plan sa a li reyalize nan Jezikri, Seyè nou an. 12Ak lavi n'ap mennen ansanm nan Kris la, gremesi konfyans nou gen nan li a, nou lib pou nou pwoche devan Bondye san kè sote. 13Se sak fè, mwen mande nou pou nou pa dekouraje poutèt soufrans m'ap sibi pou nou yo, paske se yon bèl avantaj sa ye pou nou. 14Wi, se poutèt sa, mwen tonbe ajenou devan Papa a, 15ki bay tout fanmi ki nan syèl la ak sou latè a non yo. 16M'ap mande Bondye pou li ban nou, dapre richès pouvwa li a, fòs ak kouraj nan kè nou, pa mwayen pouvwa Sentespri a, pou nou ka grandi nan karaktè nou, 17pou Kris la rete nan kè nou ak konfyans nou gen nan li a. M'ap mande Bondye pou nou pouse rasin, pou nou chita byen fèm nan renmen, 18pou nou ka konprann, ansanm ak tout pèp Bondye a, jan renmen Kris la laj, jan li long, jan li fon, jan li wo. 19Wi, mwen mande pou nou rive konnen kalite renmen Kris la gen pou nou, atout pesonn p'ap janm ka rive konnen l' nèt. Konsa, n'a vin plen nèt ak tou sa ki nan Bondye. 20Tout lwanj lan se pou Bondye. Paske, ak pouvwa k'ap travay nan nou an, li kapab fè pi plis pase tou sa nou ka mande, pi plis pase tou sa nou ka mete nan lide nou. 21Wi, tout lwanj lan pou Bondye nan legliz la ak nan Jezikri, pou tout tan ak pou tout tan. Amèn. Se sa menm!

Você sabia?
O mistério aberto aos gentios
- Neste capítulo, Paulo se chama prisioneiro de Cristo Jesus por causa dos gentios e pede aos leitores que não desanimem por causa dos sofrimentos que ele suporta por eles, os quais ele chama de glória deles.Fontes: o próprio texto bíblico
- Ele descreve um mistério que lhe foi dado a conhecer por revelação e que, por séculos, permaneceu oculto em Deus, que criou todas as coisas. Esse mistério é que, por meio do evangelho, os gentios são coerdeiros, membros do mesmo corpo e participantes da promessa em Cristo Jesus — algo que não foi dado a conhecer às gerações anteriores como agora foi revelado pelo Espírito aos santos apóstolos e profetas de Deus.Fontes: o próprio texto bíblico
- O Easton's Bible Dictionary (1897) afirma que Paulo nasceu mais ou menos na mesma época que Jesus, que seu nome de circuncisão era Saulo e que o nome Paulo provavelmente lhe foi dado na infância para uso no mundo gentio, ficando Saulo como nome hebraico de casa. Ele era natural de Tarso, capital da Cilícia, província romana no sudeste da Ásia Menor — cidade comercial próspera às margens do rio navegável Cidno e sede de uma universidade famosa. É esse Paulo que, no capítulo, diz que lhe foi confiada uma administração da graça de Deus em favor dos gentios.Fontes: Paul · o próprio texto bíblico
Notas escritas com auxílio de IA a partir de fontes abertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, domínio público) e revisadas antes de publicar.
Créditos e licença desta tradução
Bib La The Holy Bible in Haitian Creole Public Domain Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) In the Public Domain due to publication without copyright notice in 1985, and without subsequent registration within 5 years. 2020-03-10
Fonte: http://ebible.org/hat/ · eBible.org