Efésios 2
Bib La · Toque num versículo para ver as referências cruzadas.
1Nou menm moun Efèz, nou te mouri poutèt mechanste ak peche nou yo. 2Se nan bagay sa yo nou t'ap viv nan tan lontan. Nou t'ap swiv move kouran ki nan lemonn, nou t'ap fè volonte chèf otorite yo ki nan lè a, move lespri k'ap travay koulye a nan moun k'ap dezobeyi Bondye yo. 3Lè sa a, nou menm jwif yo, nou te menm jan ak yo. Nou t'ap mennen lavi nou dapre egzijans lachè, nou t'ap fè kapris kò nou ak tout vye lide ki te vin nan tèt nou. Konsa, nou menm jwif, jan nou te ye a, nou te kondannen pou n' te tonbe anba kolè Bondye tankou lòt yo. 4Men, Bondye sitèlman gen kè sansib, li sitèlman renmen nou, 5li ban nou lavi ankò ansanm ak Kris la, nou menm ki te mouri akòz peche nou yo. Se yon favè Bondye fè nou lè li delivre nou. 6Ansanm ak Kris la, Bondye fè nou leve soti nan lanmò, li fè nou chita jouk anwo nan syèl la ansanm ak li tou. 7Li fè tou sa pou moutre pou tout tan ki gen pou vini yo jan li renmen nou anpil anpil, jan li aji byen avèk nou nan Jezikri. 8Se paske li renmen nou kifè li delivre nou, nou menm ki mete konfyans nou nan li. Sa pa soti nan nou menm menm, se yon kado Bondye ban nou. 9Non, nou pa fè anyen pou sa. Konsa, pesonn pa ka vante tèt yo. 10Se Bondye ki fè nou. Nan Jezikri li kreye nou pou nou ka fè anpil bon zèv nan lavi nou, dapre sa li te pare davans pou nou te fè. 11Nou menm ki pa t' fèt nan ras jwif la, jwif yo te rele nou moun ki pa sikonsi, menm jan yo te rele tèt yo moun ki sikonsi. Yo t'ap gade sou mak lèzòm fè sou kò yo ak men yo. Wi, nou menm moun lòt nasyon yo, chonje sa nou te ye nan tan lontan. 12Lè sa a, nou t'ap viv byen lwen Kris la, nou te tankou etranje, nou pa t' fè pati pèp Bondye te chwazi pou li a. Nou pa t' nan kontra Bondye te fè ak pèp li a dapre sa l' te pwomèt la. Nou t'ap viv sou latè san okenn espwa, san Bondye. 13Men koulye a, nan Jezikri, nou menm ki yon lè t'ap viv lwen Bondye, nou vin toupre l', gremesi san Kris la ki koule lè li mouri pou nou an. 14Paske, se li menm k'ap fè nou byen yonn ak lòt, li fè moun lòt nasyon yo fè yon sèl pèp ansanm ak jwif yo. Avèk pwòp kò li, li kraze miray ki te separe yo epi ki te fè yo yonn lènmi lòt. 15Li aboli lalwa Moyiz la ansanm ak kòmandman l' yo ak tout regleman l' yo. Li pran de pèp sa yo, li fè yo tounen yon sèl pèp tou nouvo k'ap viv ansanm nan li. Se konsa li fè nou byen yonn ak lòt. 16Avèk lanmò Kris la sou kwa a, li wete sa ki t'ap fè de pèp sa yo yonn rayi lòt, li fè yo tou de vin byen ak Bondye, li mete yo ansanm yonn ak lòt nan yon sèl kò. 17Wi, Kris la te vini, li anonse bon nouvèl k'ap mete lapè a ni pou moun lòt nasyon yo ki te lwen Bondye, ni pou jwif yo ki te toupre Bondye. 18Paske, gremesi Kris la, nou tout, kit nou jwif kit nou pa jwif, nou ka pwoche bò kot Papa a, nan pouvwa yon sèl ak menm Sentespri a. 19Se sak fè, nou menm moun lòt nasyon yo, nou pa etranje ankò, ni moun ki depasaj. Men, se sitwayen nou ye ansanm ak tout moun nan pèp Bondye a, nou fè pati fanmi Bondye a. 20Nou menm moun lòt nasyon yo, nou se kay Bondye ap bati sou fondasyon apòt yo ak pwofèt yo te poze a, men se Jezikri menm ki gwo wòch ki kenbe kay la kanpe a. 21Se li menm ki kenbe tout kò kay la kanpe byen fèm, ki fè l' grandi pou l' tounen yon sèl kay yo mete apa pou Bondye. 22Konsa, nou menm tou avèk lavi n'ap mennen nan Kris la, nou antre nan batisman sa a pou nou fè ansanm ak lòt yo yon sèl kay kote Bondye ap viv ak pouvwa Sentespri li.

Você sabia?
Vivificados e aproximados
- Efésios 2 dirige-se a leitores que estavam mortos em suas transgressões e pecados, conformando-se aos caminhos deste mundo e ao governante do poder do ar. Diz que Deus, rico em misericórdia, os vivificou com Cristo, os ressuscitou com ele e os fez assentar-se com ele nos lugares celestiais, e que foram salvos pela graça, por meio da fé, não por si mesmos, mas como dom de Deus, e não por obras, para que ninguém se glorie.Fontes: o próprio texto bíblico
- Efésios 2 lembra aos leitores que são gentios na carne que eram chamados incircuncisos pela assim chamada circuncisão, que o capítulo descreve como feita no corpo por mãos humanas. Diz que, naquele tempo, estavam separados de Cristo, alienados da cidadania de Israel e estranhos às alianças da promessa, sem esperança e sem Deus no mundo.Fontes: o próprio texto bíblico
- Efésios 2 chama o próprio Cristo de nossa paz: ele fez dos dois um só e derrubou a parede divisória da hostilidade, abolindo na sua carne a lei dos mandamentos e decretos, para criar em si um novo homem e reconciliar ambos com Deus num só corpo. Ele anunciou paz aos que estavam longe e aos que estavam perto, e por meio dele ambos têm acesso ao Pai por um só Espírito. Os leitores já não são estranhos nem estrangeiros, mas concidadãos dos santos e membros da família de Deus, edificados sobre os apóstolos e os profetas, com Cristo Jesus como pedra angular, e nele também eles estão sendo edificados juntos como um templo santo, morada de Deus no seu Espírito.Fontes: o próprio texto bíblico
Notas escritas com auxílio de IA a partir de fontes abertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, domínio público) e revisadas antes de publicar.
Créditos e licença desta tradução
Bib La The Holy Bible in Haitian Creole Public Domain Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) In the Public Domain due to publication without copyright notice in 1985, and without subsequent registration within 5 years. 2020-03-10
Fonte: http://ebible.org/hat/ · eBible.org