2 Coríntios 4
Bib La · Toque num versículo para ver as referências cruzadas.
1Konsa, se Bondye menm, nan kè sansib li gen pou mwen an, ki te renmèt mwen travay sa a pou m' fè. Se poutèt sa, mwen pa janm pèdi kouraj. 2Mwen voye tout bagay lèd lèzòm ap fè an kachèt yo jete. Mwen pa fè okenn riz. Mwen pa chanje anyen nan pawòl Bondye a. Okontrè, mwen fè tout moun konnen verite a jan l' ye a. Se konsa bagay sa yo rekòmande mwen devan Bondye bay tout moun ki gen konsyans. 3Si malgre sa, bon nouvèl m'ap anonse a pa klè toujou, li pa klè pou moun k'ap peri yo. 4Yo pa kwè paske sa yo pran pou Bondye nan lemonn lan bouche lespri yo. Li enpoze yo wè limyè bon nouvèl la. Se bon nouvèl sa a ki fè nou konnen pouvwa Kris la, li menm ki pòtre Bondye. 5Konprann sa byen, se pa tèt pa m' m'ap fè nou konnen: men se Jezikri, Seyè a, m'ap fè nou konnen. Mwen menm mwen di nou se sèvi m'ap sèvi nou poutèt Jezi. 6Bondye ki te di: Mwen vle pou limyè a klere nan mitan fènwa a, se li menm tou ki fè limyè li a klere nan kè nou pou li fè nou konnen pouvwa li ki yon limyè ki klere byen bèl nan figi Kris la. 7Men, nou tout k'ap pote richès Bondye sa a nan kè nou, nou tankou veso ki fèt an tè. Tou sa se pou tout moun ka wè kokenn chenn pouvwa sa a pa soti nan nou, men se nan Bondye li soti. 8Mwen jwenn tout kalite fikilte; men, mwen pa janm kwense nèt. Mwen konn rive nan sitiyasyon mwen pa konn ni sa pou m' fè, ni sa pou m' di. Men, mwen pa janm pèdi espwa. 9Yo pèsekite m', men Bondye pa janm lage mwen. Mwen pran gwo so, men mwen pa rete atè a. 10Se konsa, kote m' pase mwen pote soufrans lanmò Jezi a nan kò mwen, pou tout moun ka wè pouvwa lavi Jezi a ap travay nan kò m' tou. 11Nan lavi m', se tout tan m'ap pase toupre lanmò poutèt Jezi, pou pouvwa lavi Jezi a ka parèt aklè nan kò mwen ki la pou mouri. 12Konsa, lanmò ap travay nan mwen, men se lavi k'ap travay nan nou menm moun Korent. 13Men sa ki ekri nan Liv la: Mwen te gen konfyans, se poutèt sa mwen te pale. Mwen menm tou, mwen gen menm konfyans sa a, se poutèt sa m'ap pale. 14Mwen konnen Bondye ki te fè Seyè Jezi leve soti vivan nan lanmò a, li gen pou l' fè m' tounen vivan ankò ansanm ak Jezi, li gen pou l' fè m' parèt ansanm ak nou devan li. 15Se poutèt nou menm, moun Korent, kifè tout bagay sa yo rive, paske fòk gen plis moun toujou k'ap resevwa favè Bondye a pou sa gen plis moun tou k'ap lapriyè pou di Bondye mèsi pou pouvwa li. 16Se sak fè mwen pa janm dekouraje. Menm si kò m' ap bese chak jou, lespri m' ap vin pi fèm chak jou tou. 17Sa m'ap sibi koulye a, se yon ti soufrans ki la pou pase. Men, soufrans sa a ap pare pou mwen yon bèl pouvwa k'ap la pou tout tan, pouvwa ki depase ti soufrans sa a anpil. 18Paske, mwen p'ap konsidere bagay moun wè, men bagay moun pa wè. Sa moun wè, se bagay ki pa la pou lontan, men sa moun pa wè, se bagay ki la pou tout tan.

Você sabia?
Tesouro em jarros de barro
- Neste capítulo, os que falam dizem que, porque Deus em sua misericórdia lhes deu este ministério, eles não desanimam. Renunciaram a caminhos secretos e vergonhosos: não praticam o engano nem distorcem a palavra de Deus, mas, pela proclamação aberta da verdade, recomendam-se à consciência de cada pessoa diante de Deus.Fontes: o próprio texto bíblico
- A mensagem deles é apresentada como um tesouro guardado em jarros de barro, para que se mostre que esse poder incomparavelmente grande vem de Deus e não deles. O mesmo contraste percorre suas dificuldades: pressionados de todos os lados, mas não esmagados; perplexos, mas não desesperados; perseguidos, mas não abandonados; derrubados, mas não destruídos.Fontes: o próprio texto bíblico
- A luz é a outra imagem central do capítulo. Deus, que disse: "Que a luz brilhe das trevas", é apresentado como quem fez brilhar a sua luz no coração deles, para dar a luz do conhecimento da glória de Deus no rosto de Jesus Cristo. Eles não proclamam a si mesmos, mas a Jesus Cristo como Senhor, e a si mesmos como servos daqueles a quem se dirigem, por causa de Jesus; se o evangelho está encoberto, o texto diz que está encoberto para os que perecem, cujas mentes foram cegadas pelo "deus desta era".Fontes: o próprio texto bíblico
Notas escritas com auxílio de IA a partir de fontes abertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, domínio público) e revisadas antes de publicar.
Créditos e licença desta tradução
Bib La The Holy Bible in Haitian Creole Public Domain Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) In the Public Domain due to publication without copyright notice in 1985, and without subsequent registration within 5 years. 2020-03-10
Fonte: http://ebible.org/hat/ · eBible.org