Nations Bible

2 Coríntios 3

Bib La · Toque num versículo para ver as referências cruzadas.

1Eske sa vle di m'ap kòmanse fè lwanj tèt mwen ankò? Osinon, èske mwen ta bezwen yon lèt rekòmandasyon pou nou tankou kèk lòt ki pòte lèt rekòmandasyon ban nou? Ou ankò èske se pou m' ta mande nou pòte yon lèt konsa ban mwen? 2Se nou menm, moun Korent, ki lèt rekòmandasyon mwen, yon lèt ki ekri nan kè m' pou tout moun ki konn li ka li li. 3Wi, se bagay ki klè, nou menm moun Korent, nou se yon lèt Kris la menm te ekri ban m' pote. Li pa t' ekri l' ak lank, sou moso wòch plat, men sou kè moun ak Lespri Bondye ki vivan an. 4M'ap di nou tou sa, paske, gremesi Jezikri, mwen gen konfyans nan Bondye. 5Konprann byen, mwen pa t' janm gen pretansyon pou m' ta kapab fè bagay konsa ak pwòp kouraj mwen. Sa mwen fè a, se Bondye ki fè m' ka fè li. 6Se li menm ki fè m' ka sèvi anba nouvo kontra a. Kontra sa a pa t' fèt dapre lalwa ki ekri a, men dapre pouvwa Lespri Bondye a. Lalwa ki ekri a bay lanmò, men Lespri Bondye a bay lavi. 7Yo te make lalwa a lèt pa lèt sou de moso wòch plat. Pouvwa Bondye a te parèt aklè lè li t'ap bay li. Lè sa a, figi Moyiz te sitèlman klere, moun pèp Izrayèl yo pa t' ka fiske je yo sou li. Men, figi Moyiz la pa t'ap rete klere tout tan. Si travay lalwa a, ki te la pou bay lanmò, te parèt konsa, 8nou pa bezwen mande si pouvwa ki pou parèt lè Lespri Bondye a ap travay p'ap pi gwo toujou. 9Travay ki t'ap fè yo kondannen moun lan te gen pouvwa, se vre! Nou pa bezwen mande ki kalite pouvwa ki dwe genyen nan travay k'ap fèt pou Bondye fè moun gras. 10Nou ka menm di pouvwa ki te parèt aklè nan tan lontan an pa anyen devan pouvwa k'ap parèt aklè koulye a, sitèlman li depase l' anpil. 11Si sa ki te la pou yon tan an te gen pouvwa, nou pa bezwen mande ki pouvwa sa ki la pou tout tan an genyen. 12Se paske mwen gen tout espwa sa a kifè kè m' poze konsa. 13Mwen pa tankou Moyiz: klate ki te nan figi l' la te la pou yon tan. Se sa ki fè Moyiz te kouri kouvri tout figi l' ak yon moso twal pou moun pèp Izrayèl yo pa t' wè lè klate a disparèt. 14Men, yo pa t' ka konprann anyen. Jouk koulye a, lè y'ap li liv ansyen kontra yo, vwal la toujou la sou lespri yo. Lè yon moun mete konfyans yo nan Kris la, se lè sa a vwal la disparèt. 15Jòdi a ankò, chak fwa y'ap li liv Moyiz yo, vwal la kouvri lespri yo. 16Men, tankou sa ekri nan liv la: Lè yon moun tounen vin jwenn Seyè a, vwal la soti. 17Kilès Seyè y'ap pale la a? Se Lespri Bondye a. Kote Lespri Bondye a ye, la gen libète. 18Nou tout, nou pa kouvri figi nou; nou tankou yon glas k'ap fè moun wè pouvwa Bondye a: konsa chak jou n'ap transfòme, pouvwa li ap grandi nan nou, jouk tan n'a rive sanble nèt ak Seyè a. Sa se travay Seyè a. Lespri Bondye.

Ilustração artística — interpretação, não registro histórico.

Você sabia?

Uma aliança mais gloriosa

  • O capítulo pergunta se são necessárias cartas de recomendação para os crentes ou da parte deles, como algumas pessoas exigem. Responde que os próprios crentes são uma carta de Cristo, fruto desse ministério, inscrita nos corações dos ministros e conhecida e lida por todos.Fontes: o próprio texto bíblico
  • O capítulo contrasta a tinta e as tábuas de pedra com o Espírito do Deus vivo a escrever em corações humanos. Chama de ministério de morte e de condenação o ministério gravado em letras sobre pedra, e descreve uma nova aliança do Espírito, pois a letra mata, mas o Espírito dá vida.Fontes: o próprio texto bíblico
  • Os israelitas não conseguiam fitar o rosto de Moisés por causa de uma glória que se desvanecia, e Moisés pôs um véu sobre o rosto para que não contemplassem o fim do que ia passando. O capítulo diz que um véu ainda cobre os corações deles quando se lê Moisés, e que ele é retirado sempre que alguém se volta para o Senhor.Fontes: o próprio texto bíblico

Notas escritas com auxílio de IA a partir de fontes abertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, domínio público) e revisadas antes de publicar.

Créditos e licença desta tradução
Bib La
The Holy Bible in Haitian Creole
Public Domain
Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian)
In the Public Domain due to publication without copyright notice in 1985, and without subsequent registration within 5 years.
2020-03-10

Fonte: http://ebible.org/hat/ · eBible.org

Fale com a gente

Conte de onde você lê, como a Bíblia tem te ajudado ou o que podemos melhorar. Lemos todas as mensagens.