2 Crônicas 3
Bib La · Toque num versículo para ver as referências cruzadas.
1Salomon tanmen bati Tanp Seyè a lavil Jerizalèm sou mòn Morija a, kote Seyè a te parèt devan David, papa l', sou anplasman David te pare pou sa a, ki vle di kote Onan, moun Jebis la, te gen glasi l' la. 2Lè sa a, Salomon te gen twazan yon mwa de jou depi li te wa. 3Salomon te bati Tanp lan sou yon fondasyon ki te gen katrevendis pye longè sou trant pye lajè. 4Gwo pyès ki te devan Tanp lan te gen trant pye lajè menm jan ak Tanp lan, ak sankatreven (0180) pye wotè. Salomon te fè kouvri tout miray anndan pyès la ak bon lò. 5Li plake planch bwapen sou tout anndan gwo pyès la. Li kouvri tout bwa yo nèt ak bon lò. Lèfini, li fè yo mete pòtre pye palmis ak ti chenn. 6Li dekore l' ak bèl pyè koute chè. Yo te sèvi ak bon kalite lò ki soti peyi Pavayim. 7Li kouvri tout anndan Tanp lan ak lò: travès yo, ankadreman pòt yo, palisad yo ak pòt yo menm. Sou tout palisad yo, li fè mete pòtre zanj cheriben. 8Yo bati tou pyès ki apa nèt pou Seyè a. Li te gen trant pye lajè, menm jan ak Tanp lan, ak trant pye longè, kare kare. Yo sèvi ak venmil (020.000) kilo lò pou kouvri tout anndan l'. 9Klou yo te sèvi yo te fèt an lò tou. Yo chak te peze senksan (0500) gram. Yo kouvri tout miray anndan pyès anwo yo tou ak lò. 10Nan pyès ki apa nèt pou Seyè a, li fè fè de estati zanj cheriben. Li fè kouvri yo ak lò nèt. 11-(we vèsè pwochen) 12-(we vèsè pwochen) 13Yo te mete zanj yo kanpe yonn bò kote lòt, ak figi yo bay sou pòt antre pyès la. Yo chak te gen de zèl. Chak zèl te gen sèt pye edmi longè. Zèl yo te louvri. Pwent zèl anndan yo touche yonn ak lòt nan mitan pyès la, de pwent zèl deyò yo touche ak de miray sou kote yo. Konsa, longè tout zèl yo ansanm te bay trant pye. 14Li fè yo fè yon rido pou pyès ki apa nèt pou Seyè a ak twal ble, twal wouj, twal violèt. Li fè bwode pòtre zanj cheriben sou rido a tou. 15Salomon fè fè de gwo poto won. Yo chak te gen senkannde pye wotè. Li mete yo kanpe devan Tanp lan. Tèt poto yo te mezire sèt pye edmi wotè. 16Li fè ti chenn mare yonn ak lòt, li mete yo fè wonn anwo tèt poto yo ansanm ak pòtre grenad li mare nan ti chenn yo. 17Li mete poto yo devan Tanp lan, yo yonn chak bò pòtay la. Yo rele sa ki te bò dwat la Jakin, sa ki te bò gòch la Boaz.

Você sabia?
A construção do Templo de Salomão
- Salomão começou a construir o templo em Jerusalém no monte Moriá, no local da eira de Ornã, o jebuseu. Davi havia insistido anteriormente em comprar essa propriedade pelo preço total depois que o anjo destruidor foi detido ali, preparando o lugar para a casa do SENHOR.Fontes: o próprio texto bíblico · Ornan · Mount Moriah
- O interior do templo foi revestido de ouro puro e decorado com pedras preciosas, com ouro trazido de Parvaim. A localização exata de Parvaim é incerta, embora alguns a tenham associado a Ofir ou entendido o termo como uma referência genérica a regiões orientais.Fontes: o próprio texto bíblico · Parvaim
- Em frente ao templo foram erguidas duas colunas imponentes com capitéis decorativos, correntes entrelaçadas e cem romãs esculpidas. Salomão chamou a coluna do sul de Jaquim e a do norte de Boaz.Fontes: o próprio texto bíblico
Notas escritas com auxílio de IA a partir de fontes abertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, domínio público) e revisadas antes de publicar.
Lugares deste capítulo
- Jerusalem · 31.777, 35.234 · versículo 1
- Mount Moriah · 31.778, 35.236 · versículo 1
- Most Holy Place · Hoje: on Mount Moriah · 31.778, 35.236 · versículos 8, 10, 14
Só aparecem lugares com identificação de alta confiança (90% ou mais segundo as fontes acadêmicas reunidas pelo OpenBible). Mapa da época: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; mapa atual: © colaboradores do OpenStreetMap; lugares: OpenBible.info (CC BY 4.0).
Créditos e licença desta tradução
Bib La The Holy Bible in Haitian Creole Public Domain Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) In the Public Domain due to publication without copyright notice in 1985, and without subsequent registration within 5 years. 2020-03-10
Fonte: http://ebible.org/hat/ · eBible.org