2 Crônicas 2
Bib La · Toque num versículo para ver as referências cruzadas.
1Wa Salomon te deside bati yon kay kote pou yo fè sèvis pou Seyè a, ansanm ak yon palè pou l' rete. 2Li mete swasanndimil (070.000) moun ap travay pote materyo, katrevenmil (080.000) moun ap taye wòch nan mòn. Te gen twamilsisan (03.600) moun reskonsab kontwole travay la. 3Salomon voye misyon bay Iram, wa lavil Tir. Li di l': -Annou fè zafè yonn ak lòt tankou ou te fè avèk wa David, papa m', lè ou te vann li madriye sèd pou l' te bati yon kay pou l' rete. 4Mwen pral bati yon tanp pou Seyè a, Bondye mwen an. Se pral yon kay n'ap mete apa pou li, kote n'a boule lansan pou li, kote n'a toujou mete devan l' pen y'ap ofri l' yo, kote chak maten chak aswè y'a ofri bèt pou yo boule nèt pou li lè jou repo yo, lè lalin nouvèl, ak lè lòt fèt nou fete pou Seyè a, Bondye nou an, jan li te bay pou yo toujou fè l' nan peyi Izrayèl. 5Men, se pou tanp mwen pral bati a gwo anpil, paske Bondye nou an gen plis pouvwa pase tout lòt bondye yo. 6Lèfini, ki moun ki ka rive bati yon kay vre pou Bondye, si syèl la, atout li gwo a, twò piti pou li? Mwen menm, kisa m' ye pou m' ta bati yon kay pou li? Se annik yon kote pou m' boule lansan pou li m'ap fè. 7Se konsa, voye ban mwen yon bòs ki gen ladrès pou travay lò, ajan, kwiv, fè, yon bòs ki konn koupe twal ble, twal violèt ak twal wouj, bòs ki konn travay bwa ak wòch tou. L'a travay ansanm ak bòs atizan mwen gen avè m' nan peyi Jida ak lavil Jerizalèm yo, moun David, papa m', te chwazi pou sa. 8W'a voye ban mwen madriye sèd, bwapen ak bwa koray ki soti nan peyi Liban. Paske mwen konnen moun peyi ou yo konn pare bwa sa yo byen. M'a voye moun pa m' ede pa ou yo 9pou yo ka pare yon bon kantite bwa, paske se pou tanp mwen fè lide bati a gwo anpil, se pou l' yon bèl bagay. 10Men pwovizyon m'ap voye pou moun ou yo k'ap koupe pyebwa yo ak pou moun k'ap siye yo: sanmil (0100.000) barik ble, sanmil (0100.000) barik lòj, sandimil (0110.000) galon diven ak sandimil (0110.000) galon lwil oliv. 11Lè sa a, wa Iram ekri yon lèt voye reponn Salomon. Li di l' nan lèt la: -Se paske Seyè a renmen pèp Izrayèl la kifè li mete ou wa pou gouvènen yo. 12Lwanj pou Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la, li menm ki fè syèl la ak latè a! Paske li bay wa David yon pitit gason ki gen anpil bon konprann, anpil lespri epi ki veye tou sa l'ap fè, yon pitit ki koulye a fè lide bati yon tanp pou Seyè a ansanm ak yon palè pou tèt pa l'. 13M'ap voye yon moun ki gen bon konesans ak ladrès ba ou. Se bòs Iram. 14Manman li se moun branch fanmi Dann. Papa l' se natif natal lavil Tir. Li konn jan pou travay lò, ajan, kwiv, fè, wòch, bwa. Li konn jan pou koupe tou twal fin wouj, ble ak violèt, ak twal lenn tou. Li konn grave tout kalite desen, li ka fè tout kalite travay ou mande l' fè. L'a travay ansanm ak bòs pa ou yo, ak bòs wa David, papa ou, mèt mwen an, te genyen. 15Koulye a, ou mèt voye ban nou ble, lòj, diven ak lwil oliv ou te di w'ap voye yo. 16Nou menm bò pa nou, nou pral koupe mezi bwa nan peyi Liban ou ka bezwen. N'a pote yo sou lanmè ba ou lavil Jope, n'a mare yo ansanm fè rado. Rive la, ou menm w'a fè pran yo pote moute lavil Jerizalèm. 17Lè sa a, Salomon fè konte mete sou lis tout moun lòt nasyon ki t'ap viv nan peyi Izrayèl la, menm jan David, papa l', te fè l' la. Li jwenn sansenkanntwamil sisan (0153.600) moun. 18Li pran swasanndimil (070.000) ladan yo pou pote materyo, katrevenmil (080.000) pou taye wòch nan mòn yo. Lèfini, li pran twamilsisan (03.600) ki rete yo, li mete yo fòmann reskonsab pou fè pèp la travay.
Você sabia?
Preparativos para a Construção do Templo
- Para obter madeira para o templo, Salomão renovou a aliança de Davi com Hirão, rei da cidade fenícia de Tiro. Hirão providenciou para que madeiras de cedro, cipreste e sândalo da cordilheira do Líbano fossem unidas em jangadas e transportadas pelo mar Mediterrâneo até o porto de Jope, de onde os trabalhadores de Salomão as levariam por terra até Jerusalém.Fontes: o próprio texto bíblico · Hiram · Joppa · Lebanon
- O mestre artífice enviado por Hirão para coordenar os trabalhos artísticos foi Hurão-Abi, cuja mãe era da tribo israelita de Dã e o pai era de Tiro. Sua perícia abrangia metalurgia, cantaria, carpintaria, entalhe e a tecelagem e tingimento de tecidos finos em púrpura, carmesim e azul.Fontes: o próprio texto bíblico · Dan · Hiram
- Salomão organizou uma enorme força de trabalho composta por estrangeiros residentes na terra de Israel, totalizando 153.600 homens conforme um recenseamento anterior iniciado por Davi. Esses homens foram designados como carregadores, cortadores de pedra nas pedreiras das montanhas e supervisores das obras.Fontes: o próprio texto bíblico · David
Notas escritas com auxílio de IA a partir de fontes abertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, domínio público) e revisadas antes de publicar.
Lugares deste capítulo
- Tyre · 33.271, 35.196 · versículos 3, 11, 14
- Jerusalem · 31.777, 35.234 · versículos 7, 16
- Lebanon · 33.540, 35.584 · versículos 8, 16
- Great Sea · Hoje: Mediterranean Sea · 31.805, 34.170 · versículo 16
- Joppa · Hoje: Jaffa · 32.054, 34.753 · versículo 16
Só aparecem lugares com identificação de alta confiança (90% ou mais segundo as fontes acadêmicas reunidas pelo OpenBible). Mapa da época: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; mapa atual: © colaboradores do OpenStreetMap; lugares: OpenBible.info (CC BY 4.0).
Créditos e licença desta tradução
Bib La The Holy Bible in Haitian Creole Public Domain Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) In the Public Domain due to publication without copyright notice in 1985, and without subsequent registration within 5 years. 2020-03-10
Fonte: http://ebible.org/hat/ · eBible.org