Salmos 73
Bib Sen An · Toca un versículo para ver sus referencias cruzadas.
LIV 3
Yon Sòm Asaph
1Anverite, Bondye bon a Israël,
a sila avèk kè ki san tach yo!
2Men pou mwen, pye m te prèt pou glise tonbe,
Pa m yo te prèt pou chape.
3Paske mwen te gen anvi awogan yo,
lè m te wè jan mechan yo te byen reyisi.
4Paske nan lanmò yo, nanpwen soufrans e kò yo byen gra.
5Yo pa nan pwoblèm tankou lòt moun,
ni yo pa toumante tankou limanite.
6Pou sa, yo pote ògèy tankou yon bèl kolye.
Abiman vyolans kouvri kon yon bèl rad.
7Zye yo anfle nan mitan grès yo.
Imajinasyon a kè yo dechennen nèt.
8Yo giyonnen moun.
Ak mechanste, yo pale afè oprime lòt moun.
Yo pale konsi se anwo sa soti.
9Nan bouch yo rive nan syèl la,
pandan lang yo fè gwo pwomnad sou tout latè.
10Akoz sa a, pèp pa yo retounen kote yo,
e yo kontinye bwè gran sous yo nèt.
11Yo di: “Kòman Bondye konnen?
Eske gen konesans kote Pi Wo a?”
12Gade byen, sila yo se mechan yo ye.
Konsi, toujou alèz, yo te agrandi richès yo.
13Anverite, se an ven mwen te kenbe kè m san tach,
ak lave men m nan inosans.
14Paske mwen te twouble tout lajounen
e te resevwa chatiman chak maten.
15Si mwen te di: “Mwen va pale konsa,”
gade byen, mwen ta trayi jenerasyon pitit Ou yo.
16Lè m te reflechi pou konprann sa, zye m pa t wè klè menm.
17Men jis lè m te antre nan sanktyè Bondye a,
mwen te vin konprann jan yo ta fini.
18Anverite, Ou te mete yo kote ki glise anpil.
Ou te jete yo ba jiskaske yo fini nèt.
19Men kijan yo va detwi nan yon enstan!
Y ap bale nèt ale avèk gran perèz kap rive sibitman!
20Tankou yon rèv lè moun leve, O SENYÈ,
lè Ou leve, Ou va meprize pwòp fòm yo.
Ou va rayi rèv de lespri yo.
21Lè kè m te vin anmè,
e kè m te pike anndan m,
22alò, mwen te vin ensansib e san bon konprann.
Mwen te tankou yon bèt devan Ou.
23Sepandan, mwen avè W tout tan.
Ou te kenbe men dwat mwen.
24Avèk konsèy Ou, Ou va gide mwen,
e apre, resevwa mwen nan laglwa.
25Se kilès mwen gen nan syèl la sof ke Ou?
Epi anplis ke Ou, mwen pa vle anyen sou latè.
26Chè mwen avèk kè mwen kab fè fayit,
men Bondye se fòs kè mwen ak pòsyon mwen jis pou tout tan.
27Paske gade byen, sila ki lwen yo va peri.
Ou te detwi tout sila ki pa t fidèl a Ou menm yo.
28Men pou mwen, rete pre Bondye se bonte mwen.
Mwen te fè Senyè a, BONDYE a, refij mwen,
Pou m kab pale tout zèv Ou yo.

¿Sabías que…?
La prosperidad de los impíos y el santuario
- El Salmo 73 da inicio al Libro III de los Salmos y se atribuye a Asaf, un levita, músico y vidente que fue uno de los directores de coro del rey David. Un conjunto de doce salmos (el Salmo 50 y los Salmos 73 al 83) está vinculado a él y a su escuela de cantores.Fuentes: Asaph (Levite) · el propio texto bíblico
- El salmista atraviesa una intensa crisis de fe al dudar del valor de su propia rectitud mientras observa la riqueza despreocupada y la aparente tranquilidad de los malvados. Esta inquietud solo se resuelve cuando entra en el santuario de Dios y comprende el destino final de ellos.Fuentes: el propio texto bíblico
Notas escritas con ayuda de IA a partir de fuentes abiertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, dominio público) y revisadas antes de publicarse.
Créditos y licencia de esta traducción
Bib Sen An The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update copyright © 2017-2023 Ron Smith Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) Translation by: Ron Smith Contributor: Felix Nixon This translation is made available to you under the terms of the Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0. You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that: You include the above copyright and source information. If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes. If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original. Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents. For other uses, please contact the respective copyright owners. Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19. 2026-06-11
Fuente: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org