Nations Bible

Salmos 72

Bib Sen An · Toca un versículo para ver sus referencias cruzadas.

Yon Sòm a Salomon

1Bay a wa a sajès lajistis Ou, O Bondye,

ak ladwati Ou a fis a wa a.

2Li va jije pèp Ou a avèk ladwati,

e aflije Ou yo, avèk jistis.

3Mòn yo va pote lapè a pèp la,

e kolin yo, fwi ladwati a.

4Li va jije malere a pèp la.

Li va fè sekou pou pitit a malere yo,

e kraze opresè a an mòso.

5Yo va krent Ou pou tout tan ke solèy la klere

ak tout tan ke genyen lalin, pandan tout jenerasyon yo.

6Li va desann tankou lapli sou chan zèb fenk koupe yo,

tankou farinaj ki wouze tè a.

7Nan jou li yo, moun ladwati yo va fleri,

avèk lapè an abondans jiskaske lalin nan pa wè ankò.

8Anplis, l ap renye jiskaske yon lanmè rive nan yon lòt lanmè a,

e soti nan Rivyè a jis rive nan dènye pwent tè a.

9Pèp ki abite nan dezè a va bese devan l,

e lènmi li yo va niche pousyè a.

10Wa a Tarsis yo avèk lil yo va pote kado.

Wa a Séba avèk Saba yo ap ofri kado.

11Konsa, tout wa yo va bese ba devan l, pou tout nasyon yo sèvi li.

12Paske li va delivre malere a lè l kriye sekou;

aflije a tou, lè l san soutyen an.

13Li va gen mizerikòd sou malere a avèk endijan an.

Konsa, lavi a pòv yo, li va sove.

14Li va rachte lavi yo soti nan opresyon avèk vyolans,

e san yo va chè nan zye Li.

15Konsa, li va viv, e lò a Séba va bay a li menm.

Moun va priye pou li san rete.

Yo va beni li tout lajounen.

16Va genyen anpil sereyal sou tout kolin peyi a,

fwi li yo k ap vannen nan van tankou pye sèd a Liban yo.

Sa ki nan vil yo va fleri tankou vèdi latè.

17Non li va dire jis pou tout tan.

Non li va la toutotan solèy la ap briye a.

Tout lèzòm va beni pa li.

Tout nasyon yo va rele li beni.

18Beni se SENYÈ Bondye a, Bondye Israël la!

Li sèl ki fè mèvèy!

19Beni se non laglwa Li jis pou tout tan!

Ke tout tè a kapab ranpli ak glwa Li!

Amen e amen.

20Priyè a David yo, fis a Jesse a fini.

Ilustración artística: una interpretación, no un registro histórico.

¿Sabías que…?

Una oración real por la justicia y la paz universal

  • El salmo nombra regiones distantes para ilustrar el tributo universal al rey justo: Tarsis (identificada como un lejano puerto occidental en España), Sabá (un reino del sur de Arabia famoso por su riqueza y comercio de oro y especias) y Seba (ubicada en el noreste de África).Fuentes: el propio texto bíblico · Tarshish · Sheba · Seba
  • El texto finaliza con la indicación de que concluyen las oraciones de David, hijo de Isaí, marcando el cierre formal del segundo libro del Salterio. Isaí era un ciudadano de Belén y padre de ocho hijos, de los cuales David era el menor.Fuentes: el propio texto bíblico · David · Jesse

Notas escritas con ayuda de IA a partir de fuentes abiertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, dominio público) y revisadas antes de publicarse.

Lugares de este capítulo

  • Euphrates · Hoy: Euphrates River · 31.004, 47.442 · versículo 8
  • Sheba · 15.348, 44.206 · versículos 10, 15
  • Lebanon · 33.540, 35.584 · versículo 16

Solo aparecen lugares identificados con alta confianza (90 % o más según las fuentes académicas reunidas por OpenBible). Mapa de la época: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; mapa actual: © colaboradores de OpenStreetMap; lugares: OpenBible.info (CC BY 4.0).

Créditos y licencia de esta traducción
Bib Sen An
The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update
copyright © 2017-2023 Ron Smith
Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian)
Translation by: Ron Smith
Contributor: Felix Nixon
This translation is made available to you under the terms of the
Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0.
You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that:
You include the above copyright and source information.
If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes.
If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original.
Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents.
For other uses, please contact the respective copyright owners.
Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19.
2026-06-11

Fuente: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org

Habla con nosotros

Cuéntanos desde dónde lees, cómo te ha ayudado la Biblia o qué podemos mejorar. Leemos todos los mensajes.