Nations Bible

Salmos 105

Bib Sen An · Toca un versículo para ver sus referencias cruzadas.

1O bay remèsiman a SENYÈ a! Rele non Li!

Fè zèv Li yo rekonèt pami pèp yo.

2Chante a Li menm. Chante lwanj a Li.

Pale sou tout mèvèy Li yo.

3Bay non Li glwa!

Kite kè a sila ki chache SENYÈ yo vin kontan.

4Chache SENYÈ a ak fòs Li.

Chache fas Li san rete.

5Sonje mèvèy ke Li te fè yo,

mirak Li yo avèk jijman ke bouch Li te pale yo.

6O jèm Abraham, sèvitè Li a, O fis Jacob la,

sila ke Li te chwazi yo!

7Li se SENYÈ a, Bondye nou an.

Jijman Li yo nan tout latè.

8Li te sonje akò Li a jis pou tout tan,

pawòl ke Li te pase lòd bay pandan mil jenerasyon.

9Akò ke Li te fè avèk Abraham nan,

ak sèman ke Li te fè avèk Isaac la.

10Li te konfime li a Jacob kon yon règleman,

a Israël kon yon akò ki la pou tout tan.

11Konsa Li te di: “A ou menm, Mwen va bay peyi

Canaan kon pòsyon eritaj ou,”

12Sa te fèt lè se te sèlman kèk grenn moun ke yo te ye,

pa anpil menm, mele ak moun etranje yo ladann l.

13Yo t ap mache toupatou

soti nan yon nasyon pou rive nan yon lòt,

soti nan yon wayòm pou rive kote yon lòt pèp.

14Li pa t kite pèsòn peze yo.

Wi, Li te repwoche wa yo pou koz a yo menm:

15“Pa touche onksyone mwen yo!

Pa fè pwofèt Mwen yo okenn mal!”

16Li te rele gwo grangou rive nan peyi a.

Li te kraze sous pen an nèt.

17Li te voye yon nonm devan yo, Joseph ki te vann kon esklav.

18Yo te aflije pye li ak chenn.

Joseph, pou kont li, te kouche nan fè yo,

19jiskaske pawòl li te vin acheve.

Pawòl SENYÈ a te fè l kanpe dyanm.

20Wa a te voye lage li.

Dirijan a pèp la menm, te bay li libète.

21Li te fè li mèt lakay li ak chèf sou tout byen li yo,

22pou mete prens li yo nan prizon lè l te pito,

pou l te kab enstwi ansyen sa yo sajès.

23Israël osi te rive an Égypte.

Konsa Jacob te vin demere nan peyi Cham nan.

24SENYÈ a te fè pèp pa Li vin peple anpil.

Li te fè yo vin pifò ke advèsè yo.

25Li te vire kè yo pou yo rayi pèp Li a,

pou yo aji ak gwo mechanste avèk sèvitè Li yo.

26Li te voye Moïse, sèvitè Li a,

avèk Aaron ke Li te chwazi.

27Yo te fè zèv mèvèy Li yo pami yo,

avèk mirak nan peyi Cham yo.

28Li te voye tenèb e te fè l fènwa.

Epi yo pa t fè rebèl kont pawòl Li yo.

29Li te fè dlo yo devni san

e te fè pwason yo mouri.

30Peyi yo te ranvaye avèk krapo,

menm jis rive nan chanm a wa yo.

31Li te pale e te vin rive yon epidemi

mouch yo, ak vèmin nan tout tèritwa yo.

32Li te bay yo lagrèl pou lapli,

avèk dife brile nan peyi yo.

33Li te frape fè desann tout chan fwi yo e

te kraze fann pyebwa nan tèritwa yo.

34Li te pale e krikèt volan yo te vini.

Ak jenn krikèt san kontwòl.

35Yo te manje tout sa ki te vèt nan peyi yo,

e te manje fwi a tèren yo.

36Anplis, Li te frape touye tout premye ne nan peyi yo,

premye fwi a fòs yo.

37Li te fè yo sòti ak ajan ak lò.

Pami pèp Li yo, pa t gen yon grenn ki te tonbe.

38Égypte te kontan lè yo te sòti,

paske laperèz yo te fin tonbe sou yo.

39Li te louvri yon nwaj kon kouvèti,

avèk dife ki pou klere nan nwit lan.

40Yo te mande e li te pote zòtolan pou

te satisfè yo avèk pen syèl la.

41Li te ouvri wòch la e dlo te sòti ladann.

Li te koule kote sèch yo tankou yon rivyè.

42Li te sonje pawòl sen Li yo avèk Abraham, sèvitè Li a.

43Konsa, Li te mennen fè sòti pèp Li a avèk jwa,

sila ke Li te chwazi avèk gwo kri ak kè kontan yo.

44Li te bay yo, anplis, peyi a nasyon yo,

Pou yo ta pran posesyon a zèv a pèp yo,

45pou yo te kab kenbe règleman Li yo, e swiv lwa Li yo.

Louwe SENYÈ a!

¿Sabías que…?

El recuerdo del pacto y los prodigios divinos

  • El Salmo 105 se refiere a Egipto como la "tierra de Cam", reflejando la tradición genealógica bíblica que vincula a los pueblos del noreste de África y del valle del Nilo con Cam, hijo de Noé.Fuentes: el propio texto bíblico · Ham · Egypt
  • El salmo destaca la experiencia de José en Egipto, recordando su dura prisión inicial con grilletes de hierro antes de que el faraón lo liberara para supervisar la casa real y aconsejar a los ancianos del reino.Fuentes: el propio texto bíblico · Joseph (son of Jacob)
  • El himno histórico enmarca el camino de Israel desde las promesas patriarcales dadas a Abraham, Isaac y Jacob hasta la herencia de la fértil tierra de Canaán tras su liberación de la servidumbre egipcia.Fuentes: el propio texto bíblico · Canaan · Abraham

Notas escritas con ayuda de IA a partir de fuentes abiertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, dominio público) y revisadas antes de publicarse.

Lugares de este capítulo

  • Canaan · 32.767, 35.333 · versículos 11, 12, 16
  • Egypt · 30.129, 31.308 · versículos 17, 23, 28, 31, 37, 38, 43
  • Ham · Hoy: Egypt · 30.129, 31.308 · versículos 23, 27

Solo aparecen lugares identificados con alta confianza (90 % o más según las fuentes académicas reunidas por OpenBible). Mapa de la época: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; mapa actual: © colaboradores de OpenStreetMap; lugares: OpenBible.info (CC BY 4.0).

Créditos y licencia de esta traducción
Bib Sen An
The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update
copyright © 2017-2023 Ron Smith
Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian)
Translation by: Ron Smith
Contributor: Felix Nixon
This translation is made available to you under the terms of the
Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0.
You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that:
You include the above copyright and source information.
If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes.
If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original.
Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents.
For other uses, please contact the respective copyright owners.
Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19.
2026-06-11

Fuente: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org

Habla con nosotros

Cuéntanos desde dónde lees, cómo te ha ayudado la Biblia o qué podemos mejorar. Leemos todos los mensajes.