Salmos 104
Bib Sen An · Toca un versículo para ver sus referencias cruzadas.
1Beni SENYÈ a, O nanm mwen!
O SENYÈ, Bondye mwen an, Ou tèlman gran.
Ou abiye avèk bèlte ak majeste.
2Li kouvri Li menm ak limyè kon yon manto.
Ki ouvri syèl la tankou yon rido tant.
3Li poze gran travès wo chanm nan nan dlo.
Li fè nwaj yo sèvi kon cha Li.
Li mache sou zèl van an.
4Li fè van yo vin mesaje Li.
Flanm dife yo se minis Li.
5Li te etabli tè a sou pwòp fondasyon li,
pou l pa varye pou tout tan ni pou tout tan.
6Ou te kouvri li avèk fon an tankou yon vètman.
Dlo yo te kanpe anwo mòn yo.
7Ak repwòch Ou, yo te sove ale.
Lè vwa Ou te sone, yo te kouri ale.
8Mòn yo te leve, vale yo te vin fon
nan plas ke Ou te kòmande pou yo a.
9Ou te plase yon limit pou dlo yo pa ta depase,
pou yo pa retounen kouvri tè a.
10Li fè sous yo vin koule nan vale yo.
Yo koule antre mòn yo.
11Yo bay dlo pou bwè a tout bèt chan yo.
Bourik mawon yo bwè pou satisfè swaf yo.
12Akote yo, zwazo syèl yo va poze kay.
Yo va leve vwa yo pami branch bwa yo.
13Li awoze mòn yo soti nan chanm anwo yo.
Latè satisfè avèk fwi a zèv Li yo.
14Li fè zèb grandi pou bèt yo e vèdi
pou zèv a lòm nan,
pou li kab fè manje sòti nan tè a,
15e diven ki fè kè a lòm kontan an,
pou li kab fè figi li klere ak lwil,
ak manje ki bay soutyen a kè lòm nan.
16Pyebwa a SENYÈ yo bwè dlo jiskaske yo plen,
pye sèd Liban ke Li te plante yo,
17kote zwazo yo fè nich yo.
Sigòy ki fè kay li nan pye sipre yo.
18Mòn wo yo se pou kabrit mawon yo.
Gwo falèz yo se yon kote pou daman yo kache.
19Li te fè lalin nan pou sezon yo.
Solèy la konnen plas kote pou l vin kouche a.
20Ou te chwazi tenèb la e li te devni lannwit,
pou tout bèt forè yo mache toupatou.
21Jenn lyon yo rele fò dèyè viktim yo,
e chache manje yo nan men Bondye.
22Solèy la vin leve.
Yo retire yo pou ale kouche nan tanyè yo.
23Lòm ale fè travay li.
Li fè fòs jis lannwit rive.
24O SENYÈ, a la zèv Ou yo anpil!
Nan sajès, Ou te fè tout bagay.
Latè ranpli ak byen Ou yo.
25Genyen lanmè, gran e vast.
Ladann, gen gwo ekip pwason ki pa kab menm konte
gwo bèt, kòn ti bèt.
26Genyen gwo bato k ap pase ladann, ak
levyatan ke Ou te fòme pou fè spò ladann nan.
27Yo tout ap tann Ou pou bay yo manje nan lè yo.
28Ou bay yo, e yo ranmase li.
Ou ouvri men Ou, e yo satisfè ak bonte.
29Ou kache figi Ou, e yo chagren nèt.
Ou retire lespri yo; yo mouri e yo retounen nan pousyè yo.
30Ou voye Lespri Ou deyò; yo vin kreye.
Konsa, Ou renouvle fas tè a.
31Kite glwa SENYÈ a dire jis pou tout tan.
Kite SENYÈ a rejwi nan zèv Li yo.
32Li gade tè a e tè a vin tranble.
Li touche mòn yo e yo fè lafimen.
33Mwen va chante a SENYÈ a toutotan ke m ap viv.
Mwen va chante lwanj a Bondye mwen an toutotan ke m la.
34Kite refleksyon mwen yo fè L plezi.
Pou kont mwen, mwen va kontan nan SENYÈ a.
35Kite pechè yo vin disparèt sou tè a,
E mechan yo vin pa la ankò.
Beni SENYÈ a, O nanm mwen.
Bay SENYÈ a lwanj!
¿Sabías que…?
El esplendor de la creación y el orden natural
- El Salmo 104 describe el mundo natural como un entorno ordenado donde cada criatura tiene su propio hábitat, desde las altas montañas para las cabras monteses y los riscos para los damanes hasta los manantiales en los valles para los asnos salvajes y las aves.Fuentes: el propio texto bíblico
- El salmo destaca los célebres cedros del Líbano, árboles imponentes propios de la famosa y elevada cordillera montañosa al norte de Israel, presentándolos como regados y sustentados directamente por Dios.Fuentes: el propio texto bíblico · Lebanon
- El salmo presenta el inmenso mar abierto como un lugar de asombro y abundancia en lugar de terror, describiendo barcos que navegan por sus aguas junto al Leviatán, mostrado aquí como una criatura formada simplemente para retozar en las profundidades.Fuentes: el propio texto bíblico
Notas escritas con ayuda de IA a partir de fuentes abiertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, dominio público) y revisadas antes de publicarse.
Lugares de este capítulo
- Lebanon · 33.540, 35.584 · versículo 16
Solo aparecen lugares identificados con alta confianza (90 % o más según las fuentes académicas reunidas por OpenBible). Mapa de la época: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; mapa actual: © colaboradores de OpenStreetMap; lugares: OpenBible.info (CC BY 4.0).
Créditos y licencia de esta traducción
Bib Sen An The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update copyright © 2017-2023 Ron Smith Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) Translation by: Ron Smith Contributor: Felix Nixon This translation is made available to you under the terms of the Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0. You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that: You include the above copyright and source information. If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes. If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original. Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents. For other uses, please contact the respective copyright owners. Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19. 2026-06-11
Fuente: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org