Nations Bible

Proverbios 11

Bib Sen An · Toca un versículo para ver sus referencias cruzadas.

1Yon fo balans se abominasyon a SENYÈ a;

men yon pwa ki jis se plezi Li.

2Lè ògèy vin monte, dezonè vin swiv;

men avèk moun enb lan, se sajès.

3Entegrite a moun dwat la va gide yo;

men koripsyon a sila ki fè konplo a va detwi yo.

4Richès pa gen avantaj nan jou jijman an;

men ladwati va delivre moun soti nan lanmò.

5Ladwati a sila ki san tò a va fè wout li vin swa;

men mechan an va tonbe akoz pwòp inikite pa Li.

6Ladwati a moun dwat yo va delivre yo;

men moun trèt yo va kenbe pa pwòp vorasite yo.

7Lè yon nonm mechan mouri,

sa li anvizaje a mouri avè l.

8Moun dwat la va delivre soti nan twoub;

men mechan an va pran plas li.

9Avèk bouch li, moun san Bondye a detwi vwazen li;

men ak konesans, moun dwat yo va delivre.

10Lè sa ale byen ak moun dwat yo, vil la fè rejwisans;

e lè mechan yo peri, gen gwo kri lajwa.

11Avèk benediksyon a moun dwat yo, yon vil vin leve wo;

men avèk bouch a mechan yo, li vin chire nèt.

12Sila ki meprize vwazen li an, manke bon tèt;

men yon nonm ak bon konprann pa pale menm.

13Sila ki mache toupatou tankou rapòte, revele sekrè yo;

men sila ki dign de konfyans sere yon bagay.

14Kote ki pa gen gid, moun yo tonbe;

men ak anpil konseye, gen viktwa.

15Sila ki se garanti pou yon moun li pa konnen,

va vrèman soufri pou sa a;

men sila ki rayi vin yon garanti va asire.

16Yon fanm ak gras twouve onè;

e mesye san prensip yo twouve richès.

17Yon nonm ki fè gras fè byen pou pwòp tèt li;

men yon nonm mechan fè tèt li mal.

18Mechan an ranmase salè li nan koken;

men sila ki simen ladwati a, va twouve vre rekonpans lan.

19Sila ki fidèl nan ladwati a va jwenn lavi,

e sila ki pouswiv mal la va jwenn pwòp lanmò pa li.

20Sila ki pèvès nan kè yo abominab a SENYÈ a;

men sila ki san tò nan chemen yo, se plezi Li.

21Anverite, moun mechan an p ap chape anba pinisyon;

men desandan a moun dwat yo va delivre.

22Tankou yon bag fèt an lò nan nen a kochon,

se konsa yon bèl fanm ki manke bon sans.

23Dezi a moun dwat la se sèlman sa ki bon;

men dezi a mechan an mennen jijman.

24Gen yon moun ki separe bay; malgre sa li vin ogmante plis.

Genyen ki refize bay sa ke li dwe, e sa fè l vin manke.

25Sila ki bay ak bon kè a va pwospere;

sila ki bay dlo a va jwenn dlo kont pou tèt li.

26Sila ki refize bay manje sereyal la, va modi pa pèp la;

men benediksyon va tonbe sou sila ki vann li an.

27Sila ki chache sa ki bon an, chache favè Bondye;

men sila ki chache mal la,

se mal la k ap vin jwenn li.

28Sila ki mete konfyans nan richès li va vin tonbe;

men moun dwat la va grandi tankou fèy vèt sou pyebwa.

29Sila ki mennen twoub lakay li va eritye van;

e san konprann nan va vin sèvitè a sila ki gen kè saj la.

30Fwi ladwati a se yon pyebwa lavi,

e sila ki saj yo va sove nanm yo.

31Si moun dwat yo twouve rekonpans yo sou latè,

konbyen anplis pou mechan an avèk pechè a!

Ilustración artística: una interpretación, no un registro histórico.

¿Sabías que…?

Integridad, riqueza y la comunidad

  • El comercio antiguo dependía de balanzas con pesas de piedra para medir metales preciosos y mercancías. El capítulo comienza condenando las balanzas deshonestas y elogiando el peso exacto, subrayando que la honradez en las transacciones cotidianas refleja la conducta ante Dios.Fuentes: el propio texto bíblico
  • Proverbios 11 resalta el impacto cívico del comportamiento individual, señalando que la estabilidad y la alegría de una ciudad dependen de la integridad de los justos, de sabios consejeros y de líderes rectos, en contraste con las acciones destructivas de los impíos.Fuentes: el propio texto bíblico
  • En las sociedades agrícolas, acaparar grano durante la escasez para encarecer los precios provocaba un gran sufrimiento. El capítulo contrasta al acaparador de grano, que recibe la maldición del pueblo, con el comerciante que vende su alimento para sustentar a sus vecinos.Fuentes: el propio texto bíblico

Notas escritas con ayuda de IA a partir de fuentes abiertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, dominio público) y revisadas antes de publicarse.

Créditos y licencia de esta traducción
Bib Sen An
The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update
copyright © 2017-2023 Ron Smith
Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian)
Translation by: Ron Smith
Contributor: Felix Nixon
This translation is made available to you under the terms of the
Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0.
You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that:
You include the above copyright and source information.
If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes.
If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original.
Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents.
For other uses, please contact the respective copyright owners.
Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19.
2026-06-11

Fuente: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org

Habla con nosotros

Cuéntanos desde dónde lees, cómo te ha ayudado la Biblia o qué podemos mejorar. Leemos todos los mensajes.