Nations Bible

Proverbios 10

Bib Sen An · Toca un versículo para ver sus referencias cruzadas.

1Pwovèb a Salomon yo.

Yon fis ki saj fè papa li kontan,

men yon fis ki plen ak foli

se yon gwo doulè pou manman l.

2Richès ranmase pa mechanste pa reyisi,

men ladwati delivre soti nan lanmò.

3SENYÈ a p ap kite moun ladwati yo grangou,

men l ap rejte lanvi mechan an.

4Malere se sila ki travay ak men lach;

men lamen moun dilijan an, anrichi.

5Sila ki fè rekòlt nan gran sezon an,

se yon fis ki aji ak sajès;

men sila ki dòmi nan lè rekòlt la,

fè gwo wont.

6Benediksyon se sou tèt a moun dwat la;

men bouch mechan an kache vyolans.

7Memwa a moun dwat la beni;

men non mechan an vin pouri.

8Saj nan kè yo va resevwa lòd chèf la;

men yon moun fou ki pale anpil ap pèdi.

9Sila ki mache ak entegrite a, mache an sekirite;

men sila ki fè wout kwochi a va vin dekouvri.

10Sila ki bat zye a, koze pwoblèm,

e moun fou a ki pale anpil, fè dega.

11Bouch a moun dwat se yon fontèn dlo lavi,

men bouch a mechan an kache vyolans.

12Rayisman pwovoke konfli;

men lanmou kouvri tout fot.

13Sou lèv a moun ki konn disène, nou twouve sajès;

men gen baton pou do a sila ki manke konprann nan.

14Moun saj yo ranmase konesans;

men ak bouch moun fou a, destriksyon an toupre.

15Byen a moun rich se yon sitadèl pou li.

Sa ki detwi malere a se mizè.

16Salè a moun dwat se lavi;

revni a mechan an se pinisyon.

17Sila ki swiv enstriksyon an, sou wout lavi;

men sila ki pa tande repwòch la vin egare nèt.

18Sila ki kache rayisman an gen lèv k ap bay manti;

e sila ki gaye difamasyon an se yon moun fou.

19Lè gen anpil pawòl, transgresyon pa kab evite;

men sila ki frennen lèv li gen sajès.

20Lang a moun dwat yo se tankou ajan pi chwazi a;

men kè a mechan an vo piti.

21Lèv a moun dwat yo fè anpil moun manje;

men moun fou yo mouri akoz mank bon konprann.

22Benediksyon SENYÈ a fè moun rich;

konsa li pa mele ak chagren.

23Fè mal se tankou fè spò pou moun san konprann nan;

e se konsa sajès la ye pou moun entèlijan an.

24Sa ke mechan an pè a, ap rive sou li;

men sa ke moun dwat la vle, va vin reyisi.

25Lè toubiyon an fin pase, mechan an vin disparèt;

men moun dwat la gen yon fondasyon etènèl.

26Tankou vinèg anba dan ak lafimen nan zye;

se konsa parese a ye pou sila ki voye li yo.

27Lakrent SENYÈ a pwolonje lavi;

men lane mechan yo va kout.

28Lespwa a moun dwat la se kè kontan;

men entansyon mechan an va peri.

29Chemen Bondye a se yon sitadèl pou moun dwat yo;

men destriksyon nèt pou tout ouvriye inikite yo.

30Moun ladwati a p ap janm souke;

men mechan yo p ap demere nan peyi a.

31Bouch a moun dwat la koule ak sajès;

men lang pèvès la vin koupe.

32Lèv a moun dwat yo fè parèt sa ki bon;

men bouch a mechan an, sa ki pèvèti.

Ilustración artística: una interpretación, no un registro histórico.

¿Sabías que…?

Los proverbios de Salomón y la sabiduría práctica

  • El capítulo 10 marca el inicio de una colección atribuida directamente al rey Salomón, pasando de poemas instructivos más extensos a máximas concisas de dos líneas que contrastan los caminos del justo y del malvado.Fuentes: el propio texto bíblico · Solomon
  • Varios proverbios de esta sección se inspiran en la vida agraria, empleando el ritmo estacional de la siega de verano para ilustrar cómo la diligencia produce estabilidad, mientras que la pereza acarrea vergüenza y pobreza.Fuentes: el propio texto bíblico
  • El capítulo pone gran énfasis en el hablar, comparando las palabras del justo con una fuente de vida y plata escogida, al tiempo que advierte que el hablar descontrolado o engañoso provoca discordia y ruina.Fuentes: el propio texto bíblico

Notas escritas con ayuda de IA a partir de fuentes abiertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, dominio público) y revisadas antes de publicarse.

Créditos y licencia de esta traducción
Bib Sen An
The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update
copyright © 2017-2023 Ron Smith
Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian)
Translation by: Ron Smith
Contributor: Felix Nixon
This translation is made available to you under the terms of the
Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0.
You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that:
You include the above copyright and source information.
If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes.
If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original.
Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents.
For other uses, please contact the respective copyright owners.
Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19.
2026-06-11

Fuente: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org

Habla con nosotros

Cuéntanos desde dónde lees, cómo te ha ayudado la Biblia o qué podemos mejorar. Leemos todos los mensajes.