Mateo 8
Bib Sen An · Toca un versículo para ver sus referencias cruzadas.
1Lè Jésus te fin desann mòn nan, yon gran foul te swiv Li. 2Epi yon moun lalèp te vin kote L, te bese devan Li. Li te di: “Senyè, si se volonte Ou, Ou kapab fè m vin pwòp”.
3Jésus te lonje men Li e te touche l. Li te di l: “Se volonte Mwen; vin pwòp.” Imedyatman lèp la te vin pwòp. 4Jésus te di li: “Gade pou ou pa di pèsòn sa, men ale prezante ou devan prèt la, epi bay yo ofrann lan ke Moïse te mande a kon yon temwayaj a yo menm.”
5Lè Jésus te fin antre Capernaüm, yon chèf santenye Women an te vin sipliye Li: 6“Senyè, sèvitè mwen an kouche paralize lakay mwen. L ap soufri anpil.”
7Jésus Li te di li: “M ap vin geri li.”
8Men santenye a te reponn Li: “Senyè, mwen pa dign pou Ou pase anba twati kay mwen, men sèlman di yon mo, e sèvitè mwen an va geri. 9Paske mwen menm tou se yon moun anba otorite, avèk sòlda anba mwen. Mwen di a youn ‘ale’, li ale, e a yon lòt ‘vini’, e li vini, epi a esklav mwen ‘Fè sa’ e li fè l.”
10Lè Jésus te tande sa, Li te etone e te di a sila ki t ap swiv Li yo: “Anverite, Mwen di nou, Mwen pa twouve lafwa konsa nan okenn moun an Israël. 11Konsa, Mwen di nou ke anpil moun va vin soti nan lès ak lwès pou chita sou tab avèk Abraham, Isaac ak Jacob nan wayòm syèl la; 12men fis a wayòm yo ap jete deyò nan fon tenèb. E nan plas sa a, yo va rele anmwey e yo va manje dan yo.” 13Jésus te di a santenye a: “Ou mèt ale. Ke sa fèt pou ou jan ou kwè a.” Konsa, sèvitè li a te geri nan menm lè sa a.
14Lè Jésus te antre lakay Pierre, Li te wè bèlmè li kouche malad sou kabann li avèk lafyèv. 15Lè Li fin touche men li, lafyèv la te kite l. Konsa, li te leve pou sèvi Li. 16Lè fènwa te vin rive, yo te pote bay Li anpil moun ki te gen move lespri. Li te jete move lespri sa yo deyò avèk yon mo, e te geri tout malad yo. 17Sa te fèt pou akonpli sa ke pwofèt Ésaïe te pale lè li te di: “Li menm te pran tout enfimite nou yo, e pote tout maladi nou yo.”
18Lè Jésus te wè yon foul t ap antoure l, Li te pase lòd pou pati ale lòtbò lanmè a.
19Yon sèten skrib te parèt. Li te di L: “Mèt, m ap swiv ou nenpòt kote ou ale.”
20Jésus te di li: “Rena yo gen twou pou yo kache, e zwazo anlè yo gen nich pa yo, men Fis a Lòm nan pa gen kote pou repoze tèt Li.”
21Yon lòt nan disip Li yo te di Li: “Senyè, kite mwen premyèman ale antere papa m.”
22Men Jésus te di li: “Swiv Mwen. Kite mò yo antere mò parèy yo.”
23Lè L fin antre nan kannòt la, disip Li yo te swiv Li. 24Epi konsa, te vin leve yon gwo tanpèt sou lanmè a, ki te fè vag lanmè yo kouvri kannòt la; men Jésus, Li menm, t ap dòmi. 25Disip Li yo te vin fè L leve. Yo te di L: “Senyè, sove nou! N ap peri!”
26Li te reponn yo: “Poukisa nou pè konsa, moun ak ti lafwa piti?” Konsa Li te leve. Li te reprimande van an avèk lanmè a, e tan an te vin kalm nèt.
27Moun yo te etone. Yo te di: “Ki kalite moun sa a ye, ke menm van avèk lanmè obeyi Li?”
28Lè li te rive lòtbò nan peyi Gadarenyen yo, de moun ki te gen move lespri te rankontre li pandan yo t ap soti nan tonm yo. Yo te tèlman vyolan ke pèsòn pa t kapab pase nan chemen sa a. 29Epi yo te kriye e te di: “Kisa nou gen avè W, Fis Bondye a? Èske Ou vini la pou toumante nou avan lè a?” 30A yon distans, te gen yon bann kochon ki t ap manje. 31Epi lespri yo te kòmanse sipliye Li konsa: “Si ou ap mete nou deyò, voye nou nan bann kochon sa yo.”
32Li te di yo: “Ale!”
Yo te pati e te ale nan kochon yo. Lapoula, tout bann kochon yo te kouri desann falèz la, tonbe nan lanmè, pou mouri nan dlo a.
33Gadyen yo te kouri ale antre nan vil la kote yo te fè rapò tout bagay sa yo, ansanm avèk sa ki te rive moun move lespri yo. 34Konsa, tout vil la te soti pou rankontre Jésus. Lè yo te wè L, yo te sipliye Li pou kite peyi yo a.

¿Sabías que…?
Curaciones, fe y el mar
- Capernaum, la ciudad a la que Jesús entra en este capítulo, era una ciudad de Galilea que no se menciona en el Antiguo Testamento. El Easton's Bible Dictionary (1897) dice que llegó a ser “su propia ciudad” después de que dejó Nazaret, e incluye la súplica del centurión y la curación en la casa de Pedro entre los hechos situados allí.Fuentes: Capernaum · el propio texto bíblico
- Jesús dice que muchos vendrán del oriente y del occidente para compartir el banquete con Abraham, Isaac y Jacob en el reino de los cielos. El Easton's Bible Dictionary (1897) presenta a Abraham como hijo de Taré y heredero de las promesas, a Isaac como el único hijo de Abraham con Sara, y a Jacob —también llamado Israel— como el hijo gemelo menor de Isaac y Rebeca.Fuentes: el propio texto bíblico · Abraham · Isaac · Jacob (Israel)
- Mateo presenta las curaciones de aquella noche como cumplimiento de lo dicho por medio del profeta Isaías: “Él tomó nuestras dolencias y cargó con nuestras enfermedades.” El Easton's Bible Dictionary (1897) identifica a Isaías como hijo de Amoz, que profetizó durante los reinados de Uzías, Jotam, Acaz y Ezequías.Fuentes: el propio texto bíblico · Isaiah
Notas escritas con ayuda de IA a partir de fuentes abiertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, dominio público) y revisadas antes de publicarse.
Lugares de este capítulo
- Gadara · Hoy: Umm Qais · 32.656, 35.679 · versículo 28
Solo aparecen lugares identificados con alta confianza (90 % o más según las fuentes académicas reunidas por OpenBible). Mapa de la época: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; mapa actual: © colaboradores de OpenStreetMap; lugares: OpenBible.info (CC BY 4.0).
Créditos y licencia de esta traducción
Bib Sen An The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update copyright © 2017-2023 Ron Smith Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) Translation by: Ron Smith Contributor: Felix Nixon This translation is made available to you under the terms of the Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0. You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that: You include the above copyright and source information. If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes. If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original. Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents. For other uses, please contact the respective copyright owners. Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19. 2026-06-11
Fuente: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org