Mateo 7
Bib Sen An · Toca un versículo para ver sus referencias cruzadas.
1“Pa jije pou nou menm pa vin jije. 2Paske menm jan ke nou jije a, nou menm tou, nou va vin jije; pa menm mezi ke nou sèvi a, yo va mezire bay nou. 3E poukisa nou gade ti kras poud ki nan zye frè nou an, men nou pa wè gwo bout bwa ki nan zye pa nou an? 4O kijan nou kapab di frè nou an: ‘Kite m retire ti kras sa a ki nan zye ou a’, epi gade, gwo bout bwa nan zye w? 5Ipokrit! Premyeman, retire gwo bout bwa nan zye ou a, e konsa w ap kapab wè byen klè pou retire ti kras ki nan zye frè ou a.
6“Pa bay sa ki sen a chen yo; ni pa jete pèl nou yo devan kochon yo, sinon yo va foule yo anba pye epi vire pou chire nou an mòso.
7“Mande, e nou va resevwa. Chache, e nou va twouve. Frape nan pòt la, e l ap louvri. 8Paske tout moun ki mande ap resevwa. E sila ki chèche yo va twouve. E a sila ki frape yo, pòt la va louvri. 9O ki moun pami nou lè Pitit li mande yon mòso pen, l ap bay li yon wòch? 10O si li mande yon pwason, èske l ap bay li yon koulèv? 11Si nou menm ki mechan, konnen kijan pou bay bon kado a pitit nou yo, konbyen anplis, Papa nou ki nan syèl la ap bay sa ki bon a sila ki mande Li yo. 12Pou sa, menm jan ke nou vle moun aji avèk nou, fè yo menm bagay la, paske sa se Lalwa, ak Pwofèt yo.
13“Antre pa pòt etwat la; paske pòt laj la, e chemen byen gwo ki mennen nan destriksyon an. Gen anpil moun k ap antre pa li menm. 14Paske pòt etwat la, e chemen piti ki mennen a lavi a. Ni pa gen anpil moun k ap twouve l.
15“Veye nou ak fo pwofèt yo, ki vin kote nou ak vètman brebi; men anndan se lou visye yo ye. 16Nou ap konnen yo pa fwi yo. Rezen pa janm soti nan raje pikan, ni fig frans nan move zèb. 17Menm jan an, chak bon ab ap bay bon fwi, men yon move ab ap bay move fwi. 18Yon bon ab p ap kapab bay move fwi, ni yon move ab p ap pwodwi bon fwi. 19Chak ab ki pa bay bon fwi ap koupe jete nan lanfè. 20Konsa, nou ap konnen yo pa fwi yo.
21“Se pa tout moun ki rele ‘Senyè, Senyè’ k ap antre nan wayòm syèl la, men sila yo ki fè volonte a Papa M ki nan syèl la. 22Anpil ap di Mwen nan jou sa: ‘Senyè, Senyè, èske nou pa t pwofetize nan non Ou? Èske nan non Ou, nou pa t chase move lespri yo e nan non Ou, nou pa t fè anpil mirak?’ 23Konsa, nan moman sa a, M ap deklare: ‘Mwen pa t janm konnen nou. Kite Mwen, nou tout ki pratike lenjistis.’
24“Pou sa, tout moun ki tande pawòl sa yo ke Mwen bay yo, e ki aji sou yo, y ap tankou yon nonm saj ki bati kay li sou wòch. 25Lapli te tonbe, inondasyon te vini, van te soufle e te frape kont kay la, men li pa t tonbe paske fondasyon li te sou wòch. 26Tout moun ki tande pawòl sa yo ke Mwen pale yo, e ki pa aji sou yo, y ap tankou yon moun sòt. Li te bati kay li sou sab. 27Lapli te tonbe, inondasyon te vini, van te soufle e te frape kont kay la. Li te tonbe, e tonbe sa a te byen gwo.”
28Lè Jésus te fin pale mo sa yo, foul la te byen etone pou jan Li te enstwi yo a. 29Paske Li te enstwi yo tankou yon moun avèk otorite, e pa tankou skrib yo.

¿Sabías que…?
El juicio, el camino angosto y un fundamento firme
- El registro del acontecimiento fecha el inicio del Sermón del Monte en el año 28 d. C. y su duración en un día. Este capítulo termina con las multitudes asombradas de la enseñanza de Jesús, porque él enseñaba como quien tiene autoridad, y no como sus escribas.Fuentes: Sermon on the Mount · el propio texto bíblico
- Jesús advierte que el juicio que alguien pronuncia, y la medida que esa persona usa, se volverán contra ella. Describe a alguien que nota la paja en el ojo de su hermano, pero no advierte la viga en el propio, y dice que la viga debe quitarse primero.Fuentes: el propio texto bíblico
- El capítulo llama esencia de la Ley y los Profetas hacer a los demás lo que uno querría que le hicieran. Contrasta una puerta ancha y un camino espacioso que lleva a la destrucción, por el que entran muchos, con una puerta pequeña y un camino angosto que lleva a la vida, que pocos hallan, y compara oír estas palabras y ponerlas en práctica con una casa edificada sobre la roca y no sobre la arena.Fuentes: el propio texto bíblico
Notas escritas con ayuda de IA a partir de fuentes abiertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, dominio público) y revisadas antes de publicarse.
Créditos y licencia de esta traducción
Bib Sen An The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update copyright © 2017-2023 Ron Smith Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) Translation by: Ron Smith Contributor: Felix Nixon This translation is made available to you under the terms of the Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0. You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that: You include the above copyright and source information. If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes. If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original. Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents. For other uses, please contact the respective copyright owners. Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19. 2026-06-11
Fuente: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org