Nations Bible

Mateo 21

Bib Sen An · Toca un versículo para ver sus referencias cruzadas.

1Lè yo te pwoche Jérusalem pou rive kote Bethphagé nan Mòn Oliv la, Jésus te voye de nan disip li yo, 2epi te di yo: “Ale nan vilaj anfas nou an, epi nou va twouve yon bourik ki mare la avèk pitit li. Demare yo, e mennen yo ban Mwen. 3Epi si yon moun di nou yon bagay, nou va di li konsa: ‘Senyè a gen bezwen yo’, epi lapoula, l ap voye yo.”

4Tout sa te fèt pou sa ki te pale pa pwofèt la ta kapab akonpli, lè li te di:

5“Pale a fi Sion an,

Men gade, Wa ou ap vin kote ou,

dou, e monte sou yon bourik,

yon jenn bourik, Pitit a yon bèt ki pote chaj”.

6Epi disip yo te ale fè tout sa Li te mande yo. 7Konsa yo te mennen bourik la avèk Pitit li a e te mete vètman yo, epi konsa, sou vètman yo Li te chita.

8Pifò nan foul la te plase vètman yo louvri sou wout la, e kèk lòt t ap koupe branch nan bwa yo pou plase sou wout la.

9Foul la ki te ale devan Li, ni sa ki te swiv Li t ap rele: “Ozana (Glwa a Bondye) a Fis a David la! Beni se Sila ki vini nan non Senyè a! Ozana nan pi wo a!”

10Lè Li te antre Jérusalem, tout vil la te byen boulvèse e t ap di: “Ki moun sa ye?” 11Epi foul la t ap di: “Sa se pwofèt Jésus ki sòti Nazareth nan Galilée a”.

12Jésus te antre nan tanp lan e te chase mete tout moun deyò ki t ap achte e vann nan tanp lan. Li te chavire tab a moun ki t ap chanje lajan yo, avèk chèz a moun ki t ap vann toutrèl yo. 13Li te di yo: “Li ekri: ‘Lakay Mwen an va rele yon kay pou lapriyè,’ men nou menm, nou fè li yon twou kachèt pou vòlè!”

14Avèg yo avèk bwate yo te vin kote L nan tanp lan, e Li te geri yo.

15Men lè chèf prèt yo avèk skrib yo te wè tout mèvèy ke Li te fè yo, epi timoun nan tanp yo ki t ap kriye: “Ozana a Fis a David la!”, yo te ankòlè anpil. 16Epi yo te di Li: “Ou pa tande kisa timoun sa yo ap di?” Jésus te reponn yo: “Wi, nou pa janm konn li ‘Nan bouch a timoun avèk ti bebe k ap tete yo, nou prepare lwanj pou Ou menm’”?

17Li te kite yo, e sòti pou ale nan vil Béthanie pou pase nwit lan.

18Alò nan maten, Li te retounen nan vil la. Li te vin grangou. 19Li te wè yon sèl pye fig frans akote wout la. Men lè L vin kote l, Li pa twouve anyen sof ke fèy yo. Konsa Li pale li: “Ou p ap janm gen fwi ki sòti sou ou ankò!” Epi lapoula, pye fig frans lan te vin fennen nèt.

20Lè yo wè sa, disip yo te etone. Yo te di: “Kijan fig frans sa a fè vin fennen nan yon moman konsa?”

21Jésus te reponn e te di yo: “Anverite Mwen di nou: Si nou gen lafwa e nou pa doute, non sèlman n ap fè sa ki te fèt a fig frans lan, men menm si nou di a mòn sa a: ‘Leve ale jete ou nan lanmè’, sa va fèt. 22Epi tout sa nou mande nan lapriyè e kwè, nou va resevwa li.”

23Lè Li te fin antre nan tanp lan, chèf prèt yo avèk lansyen pami pèp la te vin kote L pandan Li t ap enstwi pou mande L: “Pa ki otorite Ou fè bagay sa yo? Se kilès ki te bay ou otorite sila a?”

24Jésus te reponn yo: “M ap mande nou yon bagay tou, e si nou reponn Mwen, M ap fè nou konnen pa ki otorite Mwen fè bagay sila yo. 25Batèm a Jean an, kibò li sòti? Èske sous li se syèl la, oubyen lòm?”

Konsa, yo te kòmanse rezone pami yo menm. Yo te di: “Si nou di ‘syèl la’, L ap di nou ‘ebyen poukisa nou pa t kwè l?’ 26Men si nou di ‘lòm’, nou pè foul la, paske yo tout kwè ke Jean te yon pwofèt.”

27Yo te reponn Jésus. Yo te di: “Nou pa konnen”.

Li te reponn yo: “Ni Mwen menm p ap di nou pa ki otorite Mwen fè bagay sa yo.”

28“Men kisa nou panse? Yon nonm te gen de fis. Li te vini a premye a, e te di l: ‘Fis mwen, ale travay pou mwen jodi a nan chan rezen an.’”

29“Li te reponn: ‘M p ap prale’. Men, apre li te regrèt sa, e li te ale.

30“Nonm nan te rive kote dezyèm nan, e te di menm bagay la. Men li menm te reponn, e te di: Avozòd! Men li pa t ale. 31Kilès nan de fis sa yo ki te fè volonte a papa l?”

Yo te reponn: “Premye a”.

Jésus te di yo: “Anverite, Mwen di nou ke kolektè kontribisyon yo avèk fanm movèz vi yo va antre nan wayòm syèl la avan nou menm. 32Paske Jean te vini a nou menm nan chemen ladwati, men nou pa t kwè li; men kolektè kontribisyon yo avèk fanm movèz vi yo te kwè li.. Men nou menm ki te wè sa, nou pa t menm repanti lè l fin fèt pou nou ta kwè li.

33“Koute yon lòt parabòl. Te gen yon mèt tè ki te plante yon chan rezen. Li te antoure li avèk yon miray. Li te fouye yon rezèvwa pou kraze rezen yo, e te bati yon tou ki wo. Li te antann demwatye ak kiltivatè yo, e te ale fè yon vwayaj.

34“Lè lè rekòlt la te rive, li te voye esklav li yo jwenn kiltivatè yo pou resevwa pwodwi pa li a. 35Konsa, kiltivatè yo te pran esklav li yo, te bat youn, te touye yon lòt, e yo te kalonnen twazyèm lan avèk kout wòch.

36“Ankò li te voye yon lòt ekip esklav pi gran pase premye yo, e yo fè yo menm bagay la.

37“Men anfen, li te voye fis li a. Li te di: ‘Y ap respekte fis mwen an.’ 38Men lè kiltivatè yo te wè fis la, yo te di pami yo, ‘Sa se eritye a. Vini, annou touye li epi sezi eritaj li a.’ 39Konsa, yo te pran li, voye li deyò chan an e yo te touye li.”

40“Akoz sa, lè mèt tèren an vini, kisa l ap fè avèk kiltivatè sa yo?”

41Yo te di Li: “L ap mennen malveyan sa yo a yon move fen, epi li va lwe chan sa a bay lòt kiltivatè k ap peye li sa yo dwe yo nan pwòp lè yo.”

42Jésus te di yo:

“Èske nou pa janm li nan Ekriti Sen yo,

‘Wòch ke sila ki t ap bati yo te rejte a,

te devni wòch ang prensipal la.

Sa te sòti nan Senyè a, e se te yon mèvèy nan zye nou.’?”

43“Akoz sa Mwen di nou: Wayòm syèl la ap vin pran nan men nou pou plase bay yon nasyon k ap pwodwi fwi li. 44Epi sila ki tonbe sou wòch sila ap kraze an mòso, men sou sila ke li tonbe a, l ap gaye li tankou poud.”

45Lè chèf prèt ak Farizyen yo te tande parabòl Li yo, yo te konprann ke Li t ap pale de yo menm. 46Lè yo te chèche mwayen sezi Li, yo te krent foul la paske yo te konsidere Li kon yon pwofèt.

Ilustración artística: una interpretación, no un registro histórico.

¿Sabías que…?

Jesús entra en Jerusalén

  • Al acercarse a Jerusalén, Jesús y los discípulos llegaron a Betfagé, en el Monte de los Olivos, y desde allí él envió a dos discípulos a traer una asna y su pollino. Betfagé significa “casa del higo aún no maduro”; estaba en el camino de Jerusalén a Jericó, muy cerca de Betania, donde pasó la noche, y era el límite de una jornada de sábado desde la ciudad, 2.000 codos. El Monte de los Olivos debe su nombre a los olivos que cubren sus laderas y es una sierra al este de Jerusalén, separada de la ciudad por el valle del Cedrón.Fuentes: el propio texto bíblico · Bethphage · Mount of Olives
  • El pasaje dice que la entrada cumplió lo que se había dicho por medio del profeta a la Hija de Sion: su rey vendría a ella manso, montado en un asno, en un pollino, cría de asna. Sion era el monte suroriental de Jerusalén; cuando David la tomó de los jebuseos, construyó allí una ciudadela y un palacio, y llegó a conocerse como la ciudad de David. Las multitudes que iban delante y las que lo seguían gritaban: “¡Hosanna al Hijo de David!”Fuentes: el propio texto bíblico · Zion
  • Cuando Jesús entró en Jerusalén, toda la ciudad se conmovió y preguntó quién era; las multitudes respondieron que era Jesús, el profeta de Nazaret de Galilea. Nazaret no se menciona en el Antiguo Testamento y era el hogar de José y María. El Diccionario Bíblico de Easton (1897) dice que el nombre se entiende por lo general como forma griega de una palabra hebrea que significa “retoño” o “brote”, aunque algunos lo relacionan con el monte detrás del pueblo y con una palabra para quien guarda o vigila; Galilea significa “circuito” y se llamaba “Galilea de los gentiles”, y se distinguía la Alta Galilea de la Baja Galilea, más al sur.Fuentes: el propio texto bíblico · Nazareth · Galilee

Notas escritas con ayuda de IA a partir de fuentes abiertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, dominio público) y revisadas antes de publicarse.

Lugares de este capítulo

  • Jerusalem · 31.777, 35.234 · versículos 1, 10, 18
  • Mount of Olives · 31.778, 35.246 · versículo 1
  • Zion · Hoy: Jerusalem · 31.777, 35.234 · versículo 5
  • Galilee · 32.760, 35.527 · versículo 11
  • Nazareth · 32.702, 35.298 · versículo 11

Solo aparecen lugares identificados con alta confianza (90 % o más según las fuentes académicas reunidas por OpenBible). Mapa de la época: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; mapa actual: © colaboradores de OpenStreetMap; lugares: OpenBible.info (CC BY 4.0).

Créditos y licencia de esta traducción
Bib Sen An
The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update
copyright © 2017-2023 Ron Smith
Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian)
Translation by: Ron Smith
Contributor: Felix Nixon
This translation is made available to you under the terms of the
Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0.
You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that:
You include the above copyright and source information.
If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes.
If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original.
Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents.
For other uses, please contact the respective copyright owners.
Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19.
2026-06-11

Fuente: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org

Habla con nosotros

Cuéntanos desde dónde lees, cómo te ha ayudado la Biblia o qué podemos mejorar. Leemos todos los mensajes.