Mateo 20
Bib Sen An · Toca un versículo para ver sus referencias cruzadas.
1“Paske wayòm syèl la tankou yon mèt tè ki ale deyò granmmaten pou anplwaye ouvriye pou chan rezen li. 2Lè li te fin antann li avèk ouvriye yo pou yon denye (frè kòb jounalye) pou jou a, li voye yo nan chan an.
3“Vè twazyèm lè, li te soti pou wè lòt moun san anyen pou fè, ki te kanpe nan mache a. 4Li te di yo: ‘Nou menm tou, ale nan chan rezen an, epi nenpòt bagay ki jis, m ap bannou.’ Konsa, yo ale.
5“Ankò li ale deyò vè sizyèm lè, nevyèm lè, e te fè menm bagay la. 6“Vè onzyèm lè, li te ale deyò e te twouve lòt moun ki tap kanpe. Li te di yo: ‘Poukisa nou kanpe la tout lajounen san fè anyen?’
7“Yo te reponn li: ‘Paske pèsòn pa anplwaye nou.’
“Li te di yo: ‘Nou menm tou, ale nan chan rezen an.’
8“Lè aswè rive, mèt chan rezen an te di fòmann nan: ‘Rele ouvriye yo pou peye yo salè yo. Kòmanse avèk dènye ekip la, pou ale nan premye a.’
9“Lè ouvriye ki te antre vè onzyèm lè yo te vini, yo chak te resevwa yon denye. 10Konsa, lè sa ki te anplwaye anpremye yo te vini, yo te sipoze yo t ap resevwa plis, men yo chak te resevwa yon denye. 11Alò, lè yo te resevwa l, yo te plenyen kont mèt tè a. 12Yo te di: ‘Moun sa yo te travay sèlman pou yon èdtan, men ou fè yo menm jan avèk nou ki pote tout fado a, avèk chalè ki t ap brile nou tout jounen an.’
13“Men li te reponn a youn nan yo: ‘Zanmi m, mwen pa fè ou okenn tò. Èske ou pa t vin dakò pou yon denye? 14Pran sa ki pou ou a, epi al fè wout ou. Se volonte m pou bay moun sa menm fòs avèk ou. 15Èske m pa gen dwa fè sa mwen vle avèk sa ki pou mwen? Oubyen èske zye ou plen ak lanvi paske mwen gen jenewozite?’
16“Konsa dènye a ap vin premye, e premye a ap vin dènye.”
17Lè Jésus te apèn parèt pou monte a Jérusalem, Li te pran douz disip yo akote pou kont yo. Pandan yo nan wout la, Li te di yo: 18“Gade, n ap monte Jérusalem, epi Fis a Lòm nan ap livre a chèf prèt yo ak Skrib yo, e y ap kondane Li a lanmò. 19Konsa, y ap livre Li a payen yo pou yo ka moke L e bay Li kout fwèt, e y ap krisifye Li. Epi nan twazyèm jou a, L ap leve.”
20Manman a fis Zébédée yo te vin kote L avèk fis li yo. Li te bese devan L pou mande L yon favè.
21Li te di L: “Kisa ou vle?”
Li te di L: “Pase lòd pou nan Wayòm ou an, de fis mwen yo kapab chita youn sou bò dwat Ou ak youn sou bò goch Ou.”
22Men Jésus te reponn: “Nou pa konnen kisa n ap mande a. Èske nou kapab bwè tas ke Mwen prè pou M bwè a?”
Yo te di Li: “Nou kapab”.
23Li te di yo: “Tas Mwen an nou ap bwè, men pou chita adwat Mwen, oubyen agoch Mwen, se pa Mwen ki pou bay li, men se pou sila papa M te prepare li yo.”
24Konsa, lè dis yo te tande sa, yo te vin trè fache avèk de frè yo.
25Men Jésus te rele yo a Li menm e te di yo: “Ou konnen ke chèf payen yo pran pozisyon yo kon gwo chèf sou yo, epi moun enpòtan pa yo egzèse gwo otorite sou yo.
26“Li pa konsa pami nou, men sila ki ta vle gran pami nou an, ap vin sèvitè nou. 27Epi sila a ki vle premye pami nou an, va vin esklav nou. 28Menm jan ke Fis a Lòm nan pa t vini pou fè lòt sèvi Li, men pou sèvi lòt yo, e pou bay vi li pou ranson vi a anpil lòt moun.”
29Pandan yo t ap kite Jéricho, yon gran foul te swiv Li.
30Epi konsa de moun avèg ki te chita akote wout la, lè yo te tande ke Jésus t ap pase la, te kòmanse kriye: “Senyè, gen pitye pou nou, Fis a David la!”
31Men moun yo te pale ak yo sevèman pou yo sispann pale, men yo rele pi fò: “Senyè, gen pitye pou nou, Fis a David la”.
32Epi Jésus te rete la. Li te rele yo, e te di: “Kisa nou ta renmen Mwen fè pou nou?”
33Yo te reponn Li: “Senyè, nou vle zye nou louvri”.
34Jésus, ranpli avèk konpasyon, te touche zye yo. Imedyatman yo te vin wè, e yo te swiv Li.

¿Sabías que…?
Los últimos y los primeros en el camino a Jerusalén
- En este capítulo Jesús sube a Jerusalén y, al final, el grupo sale de Jericó. El Easton's Bible Dictionary llama a Jericó “lugar de fragancia”, una ciudad fortificada entre palmeras en la llanura del Jordán, a unas cinco millas al oeste del río, y la llave de la Palestina occidental. También llama a Jerusalén, conocida además como la ciudad santa, ciudad de montaña, y vincula su nombre dual con Sión y Moriah o, como algunos suponen, con la ciudad alta y la ciudad baja.Fuentes: Jericho · Jerusalem · el propio texto bíblico
- La mujer que se arrodilla para pedir que sus dos hijos se sienten a la derecha y a la izquierda de Jesús es la madre de los hijos de Zebedeo. Zebedeo, pescador galileo y padre de Jacobo y Juan, parece, según el Easton's Bible Dictionary, haber tenido cierta posición en Capernaúm, con dos barcas y jornaleros propios. No se le menciona de nuevo después de que Jesús llamó a sus hijos.Fuentes: Zebedee · el propio texto bíblico
- Al salir de Jericó, dos ciegos llaman a Jesús “Señor, Hijo de David”. David, cuyo nombre el Easton's Bible Dictionary da como “Amado”, era el octavo y el más joven de los hijos de Isaí, de Belén; de joven cuidaba las ovejas de su padre en las tierras altas de Judá.Fuentes: David · el propio texto bíblico
Notas escritas con ayuda de IA a partir de fuentes abiertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, dominio público) y revisadas antes de publicarse.
Lugares de este capítulo
- Jerusalem · 31.777, 35.234 · versículos 17, 18
- Jericho · Hoy: Tell el Alayiq · 31.852, 35.436 · versículo 29
Solo aparecen lugares identificados con alta confianza (90 % o más según las fuentes académicas reunidas por OpenBible). Mapa de la época: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; mapa actual: © colaboradores de OpenStreetMap; lugares: OpenBible.info (CC BY 4.0).
Créditos y licencia de esta traducción
Bib Sen An The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update copyright © 2017-2023 Ron Smith Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) Translation by: Ron Smith Contributor: Felix Nixon This translation is made available to you under the terms of the Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0. You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that: You include the above copyright and source information. If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes. If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original. Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents. For other uses, please contact the respective copyright owners. Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19. 2026-06-11
Fuente: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org