Lucas 24
Bib Sen An · Toca un versículo para ver sus referencias cruzadas.
1Men nan premye jou semèn nan, nan granmmaten, yo te vini nan tonm nan, e te pote epis ke yo te fin prepare yo. 2Konsa, yo te twouve wòch la woule akote tonm nan, 3men lè yo te antre, yo pa t twouve kò a Senyè Jésus a. 4Pandan yo te twouble akoz sa, vwala sibitman, de mesye te kanpe toupre yo a ak yon abiman briyan. 5Fanm yo te sezi avèk laperèz, e te bese figi yo jis atè.
Mesye yo te di yo: “Poukisa nou ap chache Sila ki vivan an pami mò yo? 6Li pa la, men Li gen tan leve. Sonje jan Li te pale avèk nou pandan Li te toujou Galilée a? 7Li t ap di ke fòk Fis a Lòm nan livre nan men a moun pechè yo, pou krisifye, e leve ankò nan twazyèm jou a.”
8Konsa yo te sonje pawòl Li yo. 9Yo te retounen soti nan tonm nan e te bay rapò a tout bagay sa yo a onz yo ak tout lòt yo. 10Alò, se te Marie Magdala, Jeanne, Marie, manman a Jacques; anplis, lòt fanm ki te avèk yo, ki t ap pale apòt yo bagay sa yo. 11Men pawòl sa yo te parèt a yo menm tankou foli, e yo te refize kwè yo. 12Men Pierre te leve, e te kouri nan tonm nan. Lè l te bese pou gade ladann, li te wè sèlman twal lèn ki te sèvi pou vlope a; epi li te sòti pou rive lakay li byen etone de sa ki te pase a.
13E konsa, de nan yo t ap prale menm jou sa nan yon vil yo te rele Emmaüs, ki te anviwon a onz kilomèt de Jérusalem. 14Yo t ap pale youn ak lòt sou tout bagay sa yo ki te fèt. 15Pandan yo t ap pale ak diskite, Jésus Li menm te pwoche, e te kòmanse mache fè wout la ansanm avèk yo. 16Men zye pa yo te anpeche yo rekonèt Li. 17Li te di yo: “Kilès pawòl sa yo ke n ap pataje youn avèk lòt konsa pandan n ap mache a, plen tristès konsa?” 18Youn nan yo ke yo te rele Cléopas, te reponn e te di Li: “Èske se ou sèl k ap vizite Jérusalem ki pa konnen sa ki te pase isit la nan jou sa yo?”
19Li te di yo: “Ki bagay”? Epi yo te di Li: “Bagay sou Jésus de Nazareth la, ki te yon pwofèt byen fò nan zèv, ak pawòl nan zye Bondye avèk tout pèp la. 20Kijan chèf prèt yo avèk dirijan nou yo te livre li kondane a lanmò, e te krisifye Li. 21Men nou t ap espere ke se te Li ki t ap fè redanmsyon Israël la. Anplis de tout sa, se twazyèm jou a depi bagay sa yo te fèt. 22Men osi, kèk fanm pami nou te etone nou. Lè yo te nan tonm nan bonè maten an, 23epi pa t twouve kò Li, yo te vin di ke yo te wè yon aparisyon de zanj ki te di ke Li te vivan. 24Kèk nan sila ki te avèk nou yo te ale nan tonm nan, e te twouve li vrèman menm jan ke fanm yo te di a; men Li menm, yo pa t wè L.”
25Konsa, Li te reponn yo: “O moun ki manke konprann, e ki gen kè lan pou kwè nan tout sa ke pwofèt yo te pale yo; 26Èske li pa t nesesè pou Kris la te soufri bagay sa yo, pou antre nan glwa Li?” 27Answit, Li te kòmanse avèk Moïse, ak tout pwofèt yo, e Li te eksplike yo bagay konsènan Li menm nan tout Ekriti Sen yo.
28Konsa, yo te pwoche vil kote yo t ap prale a, e Li te fè tankou Li t ap prale pi lwen.
29Men yo te ankouraje Li, e te di L: “Rete avèk nou, paske nwit lan ap pwoche, e jounen an prèt pou fini.” Konsa, Li te antre pou rete avèk yo. 30Lè Li te repoze sou tab avèk yo, Li te pran pen an; Li te beni li, kase li, e Li te kòmanse bay yo li. 31Answit zye yo te vin ouvri e yo te rekonèt Li; epi Li te disparèt devan zye yo. 32Yo te di youn ak lòt: “Èske kè nou pa t ap boule nan nou pandan Li t ap pale avèk nou sou wout la, pandan Li t ap eksplike nou Ekriti Sen yo?” 33Epi yo te leve menm lè a; yo te retounen Jérusalem, e yo te twouve onz yo reyini ansanm avèk sila ki te avèk yo. 34Yo te di yo ke Senyè a vrèman leve, e te parèt a Simon. 35Yo te kòmanse pataje sa ki te pase nan wout la, ak jan yo te vin konnen Li nan kase pen an.
36Pandan yo t ap pale bagay sa yo, Li menm te kanpe nan mitan yo, e te di yo: “Ke lapè rete avèk nou.”
37Men yo te etone, pè e te panse ke se te yon lespri ke yo te wè a.
38Epi Li te di yo: “Poukisa nou twouble, e poukisa dout leve nan kè nou? 39Gade men Mwen, ak pye Mwen, ke se Mwen menm; touche Mwen pou wè, paske yon lespri pa gen chè avèk zo, tankou nou wè ke M genyen an.” 40Lè l fin di sa, Li te montre yo men Li avèk pye Li. 41Pandan yo te toujou mal pou kwè akoz lajwa ak sezisman yo, Li te di yo: “Èske nou pa gen anyen isit la pou manje?”
42Yo te bay Li yon mòso pwason boukannen. 43Li te pran l e te manje l devan yo. 44Alò, Li te di yo: “Sa se pawòl Mwen yo ke Mwen te pale avèk nou pandan Mwen te toujou avèk nou an. Ke tout bagay ki ekri sou Mwen menm nan Lalwa Moïse avèk Pwofèt yo avèk Sòm yo ta oblije akonpli.”
45Answit Li te ouvri lespri pa yo pou konprann Ekriti Sen yo. 46Li te di yo: “Se konsa li ekri ke Kris la va soufri, e leve ankò soti nan lanmò nan twazyèm jou a. 47Epi ke repantans pou padon peche yo ta pwoklame nan non Li a tout nasyon yo, kòmanse depi Jérusalem. 48Nou menm se temwen a bagay sa yo. 49Gade byen, Mwen ap voye kote nou pwomès Papa M nan. Men fòk nou rete nan vil la jiskaske nou vin abiye avèk pwisans ki sòti anwo a.”
50Li te mennen yo deyò jiska Béthanie, e Li te leve men L yo, e te beni yo. 51Pandan Li t ap beni yo, Li te kite yo e te leve monte nan syèl la. 52Yo menm, lè yo te fin adore Li, yo te retounen Jérusalem avèk gran jwa. 53Yo te rete nan tanp lan tout tan e yo t ap bay lwanj a Bondye.

¿Sabías que…?
La mañana de la resurrección y el camino a Emaús
- Lucas describe Emaús como una aldea a unas siete millas de Jerusalén. El Easton's Bible Dictionary (1897) cita esa distancia como sesenta furlongs y registra dos identificaciones: el-Kubeibeh, a más de siete millas al noroeste de Jerusalén, cuyo nombre, 'pequeña cúpula', procede de los restos de una iglesia de los cruzados que aún se encuentran allí, y Khurbet Khamasa, 'las ruinas de Khamasa', a unas ocho millas al suroeste, donde también hay ruinas de los cruzados.Fuentes: Emmaus · el propio texto bíblico
- María Magdalena, Juana, María la madre de Santiago y otras mujeres que iban con ellas fueron quienes contaron a los apóstoles lo que había ocurrido en el sepulcro. María Magdalena toma su nombre de Magdala, su lugar de nacimiento, y el Easton's Bible Dictionary (1897) llama error identificarla con la mujer descrita como 'pecadora' en Lucas 7. Juana, la esposa de Chuza, administrador de Herodes Antipas, tetrarca de Galilea, era una de las mujeres que servían a Jesús, y el mismo diccionario dice que él se le apareció después de la resurrección.Fuentes: Mary Magdalene · Joanna · el propio texto bíblico
- Uno de los dos discípulos del camino se llama Cleofás, forma abreviada de Cleópatros. El Easton's Bible Dictionary (1897) dice que no se sabe nada definitivo de él y que no es seguro que fuera el Clopas de Juan 19:25 ni el Alfeo de Mateo 10:3, aunque pudo haberlo sido.Fuentes: Cleophas · el propio texto bíblico
Notas escritas con ayuda de IA a partir de fuentes abiertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, dominio público) y revisadas antes de publicarse.
Lugares de este capítulo
- Galilee · 32.760, 35.527 · versículo 6
- Jerusalem · 31.777, 35.234 · versículos 13, 18, 33, 47, 49, 52
- Nazareth · 32.702, 35.298 · versículo 19
Solo aparecen lugares identificados con alta confianza (90 % o más según las fuentes académicas reunidas por OpenBible). Mapa de la época: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; mapa actual: © colaboradores de OpenStreetMap; lugares: OpenBible.info (CC BY 4.0).
Créditos y licencia de esta traducción
Bib Sen An The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update copyright © 2017-2023 Ron Smith Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) Translation by: Ron Smith Contributor: Felix Nixon This translation is made available to you under the terms of the Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0. You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that: You include the above copyright and source information. If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes. If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original. Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents. For other uses, please contact the respective copyright owners. Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19. 2026-06-11
Fuente: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org