Lucas 23
Bib Sen An · Toca un versículo para ver sus referencias cruzadas.
1Alò kon yon sèl kò, yo te leve pou mennen L devan Pilate. 2Yo te kòmanse akize L, e te di: “Nou te twouve mesye sa t ap egare nasyon nou an, e t ap anpeche yo peye kontribisyon yo bay César, e te di ke Li menm, Li se Kris la, yon Wa.”
3Donk Pilate te mande Li: “Èske Ou se Wa a Jwif yo?” Epi Li te reponn li: “Se sa ou di l la”.
4Answit Pilate te di a chèf prèt yo avèk foul la: “Mwen pa twouve okenn koupabilite nan mesye sa a”.
5Men yo te kontinye ensiste, e t ap di: “L ap boulvèse pèp la, e L ap enstwi yo toupatou nan Juda, kòmanse soti nan Galilée, pou menm rive nan plas sa a.”
6Men lè Pilate te tande sa, li te mande si mesye sa a te yon Galileyen. 7Lè l te vin aprann ke Li te anba otorite Hérode, li te voye Li vè Hérode, ki te osi nan Jérusalem nan moman sa a.
8Alò, Hérode te trè kontan lè l te wè Jésus; paske li te vle wè L depi lontan, akoz ke li t ap tande de Li, e te espere wè l fè kalite mirak ki te fèt pa Li. 9Li te kesyone Li anpil, men Li pa t reponn li menm. 10Chèf prèt yo avèk skrib yo te kanpe la, e t ap akize Li avèk vanjans. 11Epi lè Hérode avèk sòlda li yo, te fin trete L avèk ensolans, e moke L, yo te fè L abiye ak yon bèl manto, e te voye Li retounen bay Pilate. 12Alò nan menm jou sa a, Hérode avèk Pilate te vin zanmi youn avèk lòt men avan sa, yo te lènmi youn ak lòt.
13Pilate te rasanble chèf prèt yo avèk ofisye yo avèk pèp la. 14Li te di yo: “Nou te mennen nonm sa a kote mwen tankou yon moun ki t ap pouse pèp la a rebelyon, e gade byen, selon egzamen ki fèt devan nou, mwen pa twouve okenn koupabilite nan Li, selon chaj ke nou fè kont Li yo. 15Non, ni Hérode pa twouve anyen, paske li te voye Li tounen bò kote nou; epi byen gade, anyen ki merite lanmò pa t fèt pa Li. 16Konsa, mwen va pini Li, epi lage Li.”
17Alò li te oblije lage pou yo yon prizonye nan fèt la. 18Men yo te kriye fò tout ansanm, e te di: “Fè nonm sa ale! Libere pou nou Barabbas!” 19(Li te yon moun ki te jete nan prizon pou yon rebelyon ki te fèt nan vil la, ak pou touye moun.)
20Pilate, ki te vle lage Jésus, te pale avèk yo ankò, 21men yo te kontinye kriye fò, e te di: “Krisifye! Krisifye Li!”
22Li te di yo yon twazyèm fwa: “Poukisa? Ki mal mesye sa a fè? Mwen pa twouve nan Li okenn fot ki mande lanmò. Konsa, mwen va pini Li, epi lage Li.” 23Men yo te ensiste toujou, e t ap mande ak gwo vwa pou Li krisifye. Epi vwa pa yo te kòmanse vin genyen. 24Konsa, Pilate te pase lòd ofisyèl pou sede bay yo sa yo te mande a. 25Li te libere mesye ke yo t ap mande a, ki te jete nan prizon pou rebelyon ak touye moun nan, men li te livre Jésus kon volonte pa yo.
26Lè yo te mennen L sòti, yo te mete men sou yon Simon de Cyrène ki t ap sòti andeyò, e te mete kwa a sou li pou l ta pote l dèyè Jésus. 27Yon gran foul nan pèp la t ap swiv Li, avèk fanm yo ki t ap kriye e fè lamantasyon pou Li. 28Men Jésus, te vin vire vè yo, e te di: “Fi Jérusalem yo, sispann kriye pou Mwen, men kriye pou nou menm, ak pou pitit nou yo. 29Paske, veye byen, jou yo ap vini lè yo va di: ‘Beni se sila ki esteril yo, e vant ki pa t janm fè pitit yo, ak tete ki pa t janm bay timoun tete yo.’ 30Alò, yo va kòmanse di a mòn yo: ‘Tonbe sou nou, e a ti kolin yo, kouvri nou.’ 31Paske si yo fè bagay sa yo avèk bwa ki vèt, kisa k ap rive lè l sèch.”
32De lòt mesye ki te kriminèl yo t ap mennen sòti pou mete a lanmò avèk Li. 33Lè yo te rive nan plas yo rele Plas Tèt Mò a, yo te krisifye Li avèk kriminèl yo, youn sou bò dwat, e youn sou bò goch.
34Men Jésus t ap di: “Papa, padone yo; paske yo pa konnen kisa y ap fè.” Epi yo te tire osò pou divize vètman Li pami yo menm. 35Pèp la te kanpe akote, e t ap gade. Menm ofisye yo t ap moke L, e t ap di: “Li te sove lòt yo, kite Li sove pwòp tèt Li si se Kris a Bondye a, Sila Ke Li Chwazi a.”
36Sòlda yo osi ki t ap moke Li, te vin kote L, pou ofri Li diven si. 37Yo t ap di: “Si Ou se Wa a Jwif yo, sove tèt Ou!”
38Alò te gen yon enskripsyon anwo Li: “Sa Se Wa a Jwif Yo”.
39Youn nan kriminèl ki te pann yo t ap voye pawòl abizif vè Li; li t ap di: “Èske se pa Kris la Ou ye? Sove tèt Ou, avèk nou!”
40Men lòt la te reponn ak repwòch e te di: “Èske ou pa menm pè Bondye, paske ou anba menm lòd kondanasyon an? 41Epi nou menm avèk jistis, paske nou ap resevwa sa ke nou merite pou zèv nou yo; men mesye sila a pa fè okenn mal.” 42Konsa li te di: “Jésus, sonje mwen lè Ou antre nan wayòm Ou an!”
43Li te reponn li: “Anverite Mwen di ou, jodi a, ou va avè M nan Paradi.”
44Alò se te anviwon sizyèm lè, e tenèb te tonbe sou tout latè jiska nevyèm lè. 45Solèy la te kache nèt, e vwal tanp lan te chire an de bout. 46Jésus te kriye avèk yon gwo vwa, e te di: “Papa, nan men Ou Mwen remèt lespri Mwen.” Lè L fin di sa, Li te respire dènye souf Li.
47Alò, lè santenye a te wè sa ki te rive a, li te kòmanse bay lwanj a Bondye, e te di: “Anverite, mesye sa a te inosan.” 48Alò tout foul la ki te vini ansanm pou espektak sila a, lè yo te wè sa ki te rive a, yo te retounen e t ap bat lestomak yo. 49Epi tout sila ki te rekonèt Li yo, ak fanm Galilée ki te akonpanye Li yo, te kanpe a yon distans e t ap gade tout bagay sa yo.
50Yon mesye ki te rele Joseph, yon manm Konsèy la, te yon nonm ki te bon e jis. 51Li pa t dakò avèk plan yo a. Se te yon mesye ki te soti Arimathée, yon vil a Jwif yo, e li t ap tann vini wayòm Bondye a. 52Mesye sila a te ale kote Pilate, e te mande kò Jésus. 53Konsa, li te desann kò li, li te vlope li nan yon twal lèn, e li te depoze li nan yon tonbo ki te fouye nan wòch, kote pèsòn pa t janm te depoze. 54Se te Jou Preparasyon an, e Saba te prèt pou kòmanse. 55Alò fanm ki te vini avèk Li yo depi Galilée te swiv, e te wè tonm nan ak jan kò L te depoze a. 56Answit yo te retounen pou prepare epis avèk pafen. Epi nan Saba a, yo te repoze selon Lalwa a.

¿Sabías que…?
Juicio, cruz y sepultura
- Poncio Pilato, identificado por el Diccionario Bíblico de Easton (1897) como el sexto procurador romano de Judea (26–36 d.C.), tenía su sede en Cesarea, pero subía con frecuencia a Jerusalén. Las acusaciones del consejo en este capítulo son políticas: que Jesús subvertía a la nación, prohibía el pago de impuestos al César y se proclamaba el Cristo, un rey.Fuentes: Pontius Pilate · el propio texto bíblico
- Cuando Pilato supo que Jesús era galileo y estaba bajo la jurisdicción de Herodes, lo envió a Herodes Antipas, hijo de Herodes con Maltace, que entonces estaba en Jerusalén. Herodes hacía tiempo que quería ver a Jesús y esperaba un milagro, pero Jesús no respondió a sus preguntas. Después de que Herodes y sus soldados se burlaron de Jesús y lo vistieron con un manto fino, lo enviaron de vuelta, y aquel día Herodes y Pilato, que habían sido enemigos, se hicieron amigos.Fuentes: Herod Antipas · el propio texto bíblico
- El lugar de la crucifixión se llama la Calavera; la forma latina Calvaria traducía el griego Kranion, que vertía el hebreo Gulgoleth. Probablemente recibió ese nombre por su forma, una elevación baja, redondeada y desnuda, algo parecida a un cráneo humano, y la Escritura en ningún lugar lo llama colina. La crucifixión tuvo lugar fuera de los muros de la ciudad y cerca de un camino público.Fuentes: Skull · el propio texto bíblico
Notas escritas con ayuda de IA a partir de fuentes abiertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, dominio público) y revisadas antes de publicarse.
Lugares de este capítulo
- Galilee · 32.760, 35.527 · versículos 5, 6, 7, 49, 55
- Jerusalem · 31.777, 35.234 · versículos 5, 7, 19, 28
- Judea · Hoy: Judea 1 · 31.777, 35.234 · versículos 5, 51
- Cyrene · 32.821, 21.851 · versículo 26
Solo aparecen lugares identificados con alta confianza (90 % o más según las fuentes académicas reunidas por OpenBible). Mapa de la época: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; mapa actual: © colaboradores de OpenStreetMap; lugares: OpenBible.info (CC BY 4.0).
Créditos y licencia de esta traducción
Bib Sen An The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update copyright © 2017-2023 Ron Smith Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) Translation by: Ron Smith Contributor: Felix Nixon This translation is made available to you under the terms of the Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0. You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that: You include the above copyright and source information. If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes. If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original. Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents. For other uses, please contact the respective copyright owners. Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19. 2026-06-11
Fuente: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org