Nations Bible

Lucas 17

Bib Sen An · Toca un versículo para ver sus referencias cruzadas.

1Li te di a disip Li yo: “Li nesesè ke wòch k ap fè moun chite yo vin parèt, men malè a sila a ke atravè l sa rive! 2Li ta miyò pou li si yon wòch moulen te pann nan kou li, e te jete nan mitan lanmè, pase ke li ta fè youn nan pitit sa yo vin tonbe.

3“Fè atansyon! Si frè nou peche, reprimande l; e si li repanti, padone l. 4Epi si li peche kont nou sèt fwa pa jou, e retounen vè nou sèt fwa pou di ‘Mwen repanti’, padone l.”

5Alò, apòt yo te di: “Senyè, fè nou gen plis lafwa!”

6Senyè a te di: “Si nou te gen lafwa tankou yon grenn moutad, nou ta di a pye sikomò sila a, ‘Derasine ou e ale plante ou nan lanmè;’ konsa, li ta obeyi nou.

7“Men kilès nan nou, ki te gen yon esklav ki t ap laboure tè a, oswa k ap okipe mouton, ki va di li lè li vini soti nan chan an, vini koulye a pou chita manje? 8Men èske li p ap di li: ‘Prepare yon bagay pou m manje; mete rad pwòp sou ou, e sèvi m pandan mwen ap manje ak bwè? E aprè, ou va manje e bwè’? 9Li p ap remèsye esklav la paske li te fè bagay ki te kòmande yo. Èske se pa vre?

10“Konsa, nou menm tou lè nou fè tout bagay ke yo kòmande nou fè, nou di: ‘Nou se esklav ki pa dign; nou fè sèlman sa ke nou dwe fè.’”

11Pandan Li te nan wout vè Jérusalem, Li t ap pase antre Samarie ak Galilée.

12Pandan Li t ap antre nan yon sèten vilaj, dis lepre ki te kanpe a yon distans te rankontre L. 13Yo te leve vwa yo e t ap di: “Jésus, Mèt, fè nou gras!”

14Lè Li te wè yo, Li te di yo: “Ale montre nou menm a prèt yo.” Pandan yo t ap prale, yo te vin pirifye.

15Men youn nan yo, lè l wè ke li te geri, te vire retounen e te bay glwa a Bondye avèk yon vwa byen fò. 16Li te tonbe sou figi li nan pye Jésus, e t ap bay Li remèsiman. Li te yon Samariten.

17Jésus te reponn e te di: “Se pa dis ki te pirifye? Men nèf yo—-kote yo ye? 18Èske pa t gen youn ki te vire tounen pou bay glwa a Bondye sof etranje sila a?” 19Epi Li te di li: “Leve al fè wout ou. Lafwa ou geri ou.”

20Alò, lè L te kesyone pa Farizyen yo sou kilè wayòm a Bondye a t ap vini, Li te reponn yo e te di: “Wayòm syèl la p ap vini avèk sign ak mirak pou nou kab wè; 21ni yo p ap di: ‘Men li isit la!’ Oubyen ‘men li la!’ Paske, veye byen, wayòm syèl la nan mitan nou.”

22Ankò Li te di a disip yo: “Jou yo ap vini lè nou va anvi wè youn nan jou Fis a Lòm yo, e nou p ap wè l. 23Yo va di nou: ‘Gade la! Gade isit la!’ Pa ale, e pa kouri dèyè yo.

24“Paske menm jan ak loray, lè l fè ekleraj nan yon pati nan syèl la briye jis rive nan lòt pati syèl la, se konsa Fis a Lòm nan va ye nan jou Li a. 25Men dabò, fòk li soufri anpil bagay e rejte pa jenerasyon sila a.

26“Menm jan ke sa te rive nan tan Noé a, se konsa l ap ye nan jou Fis a Lòm yo. 27“Yo t ap manje, yo t ap bwè, yo t ap marye e bay nan maryaj jis rive jou ke Noé te antre nan lach la; konsa, delij la te parèt e te detwi yo tout.

28“Se te menm jan ke sa te rive nan jou Lot yo; yo t ap manje, yo t ap bwè, yo t ap achte, yo t ap vann, yo t ap plante, yo t ap bati.

29“Men nan jou ke Lot te sòti nan Sodome nan, dife avèk souf te tonbe tankou lapli e te detwi yo tout.

30“Li va menm jan nan jou ke Fis a Lòm nan ap revele a. 31Nan jou sa a, sila a ki sou twati kay, e ki gen byen nan kay la, pa pou desann pou pran yo. Menm jan an, sila ki nan chan an pa pou vire tounen.

32“Sonje madanm a Lot.

33“Nenpòt moun ki chache sove lavi li va pèdi li, e Nenpòt moun ki pèdi lavi li va konsève l.

34“Mwen di nou ke nan nwit sa a, ap gen de moun nan yon sèl kabann; youn ap pran, e lòt la ap rete. 35Va gen de fanm k ap moulen nan menm kote a. Youn va pran, e lòt la va rete. 36De mesye va nan chan an. Youn ap pran, e lòt la va rete.”

37Konsa yo te reponn: “Ki kote, Senyè?”

E Li te di yo: “Kote kadav la ye, se la votou yo va rasanble.”

Ilustración artística: una interpretación, no un registro histórico.

¿Sabías que…?

Diez leprosos y el día del Hijo del Hombre

  • Lucas cuenta que, de camino a Jerusalén, Jesús pasaba entre Samaria y Galilea cuando diez leprosos lo encontraron al entrar en una aldea. El Diccionario Bíblico de Easton (1897) relaciona el nombre Samaria con Shomeron, un monte en las montañas de Israel que el rey Omri compró a Shemer y donde edificó su capital, y explica Galilea, que significa “circuito”, como una tierra ocupada durante mucho tiempo por sus habitantes originales y por eso llamada “Galilea de los gentiles”. De los diez que fueron sanados, solo un samaritano regresó, y Jesús lo llamó extranjero.Fuentes: el propio texto bíblico · Samaria · Galilee
  • Jesús dice que el día del Hijo del Hombre será como los días de Noé, cuando la gente comía y bebía, se casaba y era dada en matrimonio, hasta que Noé entró en el arca y el diluvio los destruyó a todos. El Diccionario Bíblico de Easton (1897) explica el nombre Noé como “descanso” y lo identifica como hijo de Lamec y padre de Sem, Cam y Jafet.Fuentes: el propio texto bíblico · Noah
  • Jesús también recuerda los días de Lot, cuando la gente comía y bebía, compraba y vendía, plantaba y edificaba, hasta el día en que Lot salió de Sodoma y llovieron fuego y azufre del cielo. El Diccionario Bíblico de Easton (1897) explica el nombre Sodoma como “quema” o “la amurallada” y sitúa la ciudad en el valle de Sidim, donde, según el diccionario, fuego del cielo la destruyó. En la misma advertencia, Jesús dice que nadie que esté en el terrado o en el campo debe volver por sus bienes, y añade: “¡Acuérdense de la mujer de Lot!”Fuentes: el propio texto bíblico · Sodom

Notas escritas con ayuda de IA a partir de fuentes abiertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, dominio público) y revisadas antes de publicarse.

Lugares de este capítulo

  • Galilee · 32.760, 35.527 · versículo 11
  • Jerusalem · 31.777, 35.234 · versículo 11
  • Samaria · Hoy: Samaria 2 · 32.276, 35.195 · versículo 11

Solo aparecen lugares identificados con alta confianza (90 % o más según las fuentes académicas reunidas por OpenBible). Mapa de la época: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; mapa actual: © colaboradores de OpenStreetMap; lugares: OpenBible.info (CC BY 4.0).

Créditos y licencia de esta traducción
Bib Sen An
The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update
copyright © 2017-2023 Ron Smith
Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian)
Translation by: Ron Smith
Contributor: Felix Nixon
This translation is made available to you under the terms of the
Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0.
You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that:
You include the above copyright and source information.
If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes.
If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original.
Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents.
For other uses, please contact the respective copyright owners.
Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19.
2026-06-11

Fuente: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org

Habla con nosotros

Cuéntanos desde dónde lees, cómo te ha ayudado la Biblia o qué podemos mejorar. Leemos todos los mensajes.