Nations Bible

Lucas 16

Bib Sen An · Toca un versículo para ver sus referencias cruzadas.

1Alò, Li t ap osi di a disip yo: “Te gen yon sèten mesye rich ki te gen yon jeran. Konsa, yon rapò te vin rive ke li t ap gaspiye byen li yo. 2Li te rele li, e te di li: ‘Kisa ke m tande sou ou la a? Bay yon kontwòl sou jerans ou, paske ou pa kab jeran ankò.’

3“Jeran an te di a pwòp tèt li: ‘Kisa m ta fè, paske mèt mwen ap retire jerans lan nan men mwen? Mwen pa gen ase fòs pou m fouye, e mwen wont mande lacharite. 4Mwen konnen kisa mwen va fè, pou lè yo retire m nan jerans lan, pou moun yo kab resevwa m lakay pa yo a.’

5“Konsa, li te rele chak moun ki te dwe mèt li a. Li te kòmanse di a premye a: ‘Konbyen ou dwe mèt mwen an?’

6“Li te di: ‘San mezi lwil’. E li te di li: ‘Pran nòt ou e chita byen vit pou ekri senkant.’

7“Answit, li te di a yon lòt: ‘Epi konbyen ou dwe?

“Li te reponn: ‘San mezi ble.’ E li te di li: ‘Pran nòt ou pou ekri katreven.’

8“Konsa, mèt la te fè konpliman a jeran enjis la, paske li te aji avèk yon koken sajès. Paske fis a laj sila yo pi koken nan relasyon a moun parèy yo pase fis a limyè yo.

9“Mwen di nou: “Fè zanmi pou tèt nou pa mwayen a richès enjis yo; pou lè l echwe, yo kapab resevwa nou nan kay ki etènèl yo.

10“Sila a ki fidèl nan yon ti bagay piti, ap fidèl osi nan bagay ki gran. E sila ki enjis nan ti bagay piti, ap enjis osi nan bagay ki gran.

11“Donk, si nou pa fidèl nan sèvis richès enjis yo, kilès ki va konfye nou vre richès yo. 12Epi si nou pa fidèl nan sèvis ak sa ki pou yon lòt, kilès ki va bannou sa ki pou nou?

13“Okenn sèvitè pa kapab sèvi de mèt; paske swa l ap rayi youn, e renmen lòt la, oswa l ap kenbe a youn e meprize lòt la. Nou pa kapab sèvi Bondye, ak richès yo.”

14Alò, Farizyen yo ki te renmen lajan anpil t ap koute tout bagay sa yo, e yo t ap moke L.

15Li te di yo: “Nou menm se sila yo ki jistifye pwòp tèt nou nan zye lèzòm, men Bondye konnen kè nou. Paske sila ki gen gwo valè pami lèzòm yo, yo abominab nan zye Bondye.

16“Lalwa avèk pwofèt yo te pwoklame jiska Jean. Depi lè sa a bòn nouvèl a wayòm Bondye a preche, e tout moun ap fòse antre ladann. 17Men li pi fasil pou syèl la avèk tè a vin disparèt pase pou yon sèl mak oubyen lèt Lalwa ta anile.

18“Nenpòt moun ki divòse ak madanm li pou marye avèk yon lòt fè adiltè; e sila a ki marye a youn ki divòse ak yon mari, fè adiltè.

19“Alò, te gen yon sèten mesye rich ki te toujou abiye an mov ak len fen, e ki t ap viv nan gran richès chak jou.

20“Alò, yon sèten mesye pòv ki te rele Lazare te kouche devan pòtay li, kouvri nèt avèk maleng. 21Li te byen anvi resevwa sèl ti mòso ki t ap tonbe soti sou tab mesye rich la. Anplis menm chen te konn vin pou niche maleng li yo.

22“Epi li rive ke nonm malere a te mouri, e li te vin pote pa zanj yo pou rive nan sen Abraham nan. Konsa, mesye rich la te mouri tou, e li te antere. 23Nan plas sejou mò yo, li te nan toumant. Li te leve zye li, e te wè Abraham byen lwen, ak Lazare nan sen li. 24Li te kriye fò, e te di: ‘Papa Abraham, fè m gras, voye Lazare pou li kapab mete dwèt li nan dlo pou rafrechi lang mwen! Paske mwen nan doulè ekstrèm nan flanm sa a.

25“Men Abraham te di: ‘Pitit, sonje ke pandan lavi ou, ou te resevwa bon bagay yo. E menm jan an, Lazare te resevwa move bagay yo. Men koulye a, l ap konsole isit la, e ou menm nan gran doulè. 26Anplis de sa, antre nou avèk ou menm, gen yon gran vid byen etabli pou anpeche sila isit yo ki vle travèse kote ou a, e ke pèsòn pa kapab travèse soti la a pou rive kote nou menm nan.’

27“Pou sa li te di: ‘Alò, mwen sipliye ou Papa, pou ou voye li lakay papa m— 28Pwiske mwen gen senk frè—pou li kapab avèti yo, pou ke yo menm tou pa vini nan plas toumant sa a.’

29“Men Abraham te di: ‘Yo gen Moïse avèk pwofèt yo. Kite yo tande yo.’

30“Men li te di: ‘Non. Papa Abraham, men si yon moun ta sòti nan mò a, ale kote yo, yo va repanti!’

31“Men li te di yo: ‘Si yo pa koute Moïse avèk pwofèt yo, nonpli, yo p ap kwè menm si yon moun leve soti nan lanmò.

Ilustración artística: una interpretación, no un registro histórico.

¿Sabías que…?

Riqueza, dos amos y Lázaro

  • En las palabras de Jesús sobre el rico y Lázaro, el rico clama: 'Padre Abraham', y Abraham responde: 'Hijo'. El Diccionario Bíblico de Easton (1897) explica el nombre Abraham como 'Padre de una multitud' y lo describe como heredero de las promesas.Fuentes: el propio texto bíblico · Abraham
  • Hablando a los fariseos, que se burlaban de él, Jesús dice que la Ley y los Profetas fueron proclamados hasta Juan, y que desde entonces se predica el evangelio del reino de Dios. El Diccionario Bíblico de Easton (1897) llama a Juan el Bautista 'precursor de nuestro Señor', afirma que su misión fue objeto de profecía, entre ellas Isaías 40:3 y Malaquías 3:1, y declara que su nacimiento ocurrió seis meses antes del de Jesús.Fuentes: el propio texto bíblico · John the Baptist
  • A un administrador acusado de desperdiciar los bienes de su señor se le ordena rendir cuentas y dejar el puesto. Hace que los deudores reescriban sus cuentas, reduciendo cien medidas de aceite de oliva a cincuenta y cien medidas de trigo a ochenta, y el señor elogia al administrador deshonesto porque había actuado con astucia. Jesús dice entonces que ningún siervo puede servir a dos amos, y que nadie puede servir al mismo tiempo a Dios y al dinero.Fuentes: el propio texto bíblico

Notas escritas con ayuda de IA a partir de fuentes abiertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, dominio público) y revisadas antes de publicarse.

Créditos y licencia de esta traducción
Bib Sen An
The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update
copyright © 2017-2023 Ron Smith
Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian)
Translation by: Ron Smith
Contributor: Felix Nixon
This translation is made available to you under the terms of the
Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0.
You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that:
You include the above copyright and source information.
If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes.
If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original.
Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents.
For other uses, please contact the respective copyright owners.
Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19.
2026-06-11

Fuente: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org

Habla con nosotros

Cuéntanos desde dónde lees, cómo te ha ayudado la Biblia o qué podemos mejorar. Leemos todos los mensajes.