Nations Bible

Levítico 25

Bib Sen An · Toca un versículo para ver sus referencias cruzadas.

1Alò, SENYÈ a te pale a Moïse. Li te di: 2“Pale a fis Israël yo pou di yo: ‘Lè nou vini nan peyi ke Mwen va bannou an, alò, tè a va gen yon Saba pou SENYÈ a. 3Pandan sis ane, nou va plante chan nou yo, e pandan sis ane, nou va netwaye chan rezen an e rasanble pou fè rekòlt li, 4men pandan setyèm ane a, tè a va gen yon repo Saba, yon Saba pou SENYÈ a. Nou p ap ni plante chan an ni netwaye chan rezen an. 5Donn nan chan ki grandi pa aza konsa a, nou pa pou rekòlte li, e rezen nou yo ki parèt sou branch ki pa t taye yo, nou pa pou ranmase yo. Tè a va gen yon ane Saba. 6Konsa, nou tout va gen pwodwi Saba nan peyi a kòm manje nou; nou menm, esklav yo, ni mal ni femèl, anplwaye nou yo, etranje ki rezidan pami nou yo, sila ki viv tankou moun lòt nasyon pami nou yo. 7Menm bèf nou yo avèk bèt ki nan peyi a va gen tout pwodwi li kòm manje.

8“‘Nou dwe osi kontwole sèt Saba pa lane yo pou nou menm; sèt fwa sèt ane, jiskaske nou kontwole tan ke sèt Saba nan Saba ekoule yo; otreman, karant-nèf ane. 9Alò, lè lè sa a rive nou va sone kòn belye a toupatou nan dizyèm jou nan setyèm mwa a. Nan jou ekspiyasyon an, nou va sone yon kòn toupatou nan peyi a. 10Se konsa, nou va konsakre senkantyèm ane a e pwoklame remisyon toupatou nan peyi a, a tout abitan li yo. Li va yon jibile pou nou, e nou chak va retounen nan pwòp tèren pa nou ak pwòp fanmi pa nou. 11Nou va gen senkantyèm ane a kòm yon ane jibile. Nou pa pou plante, ni rekòlte sa ki grandi konsa nan tè, ni ranmase fwi ki sòti nan branch ki pa t netwaye yo. 12Paske se yon jibile; li va sen pou nou. Nou va manje pwodwi li ki sòti nan chan an.

13“‘Nan ane jibile sila a, nou chak va retounen nan pwòp tè pa nou.

14“‘Anplis, si nou fè lavant bay zanmi nou, oswa achte nan men zanmi nou, nou pa pou fè tò a youn lòt. 15Konsènan nonb ane apre jibile yo, konsa, nou va achte nan men zanmi nou. Li dwe vann nou selon nonb ane rekòlt yo ki rete. 16Nan menm fòs ane ki rete yo, nou va ogmante pri a, e nan menm fòs ane ki manke yo, nou va redwi pri a, paske li se fòs rekòlt ki rete ke l ap vann ou an. 17Konsa, pinga nou fè tò a youn lòt, men nou va krent Bondye nou an; paske Mwen se SENYÈ a, Bondye nou an.

18“‘Se konsa ke nou va obsève règleman Mwen yo e kenbe jijman Mwen yo, pou akonpli yo, pou nou kapab viv an sekirite sou tè a.

19“‘Konsa, tè a va donnen pwodwi li pou nou kapab manje vant plen, e viv an sekirite sou tè a.’”

20“Men si nou ta di: ‘Kisa n ap manje nan setyèm ane a si nou pa ni plante ni rekòlte rekòlt nou yo? Gade byen, nou p ap simen, ni rasanble pwodwi nou;’ 21alò, Mwen va tèlman regle benediksyon Mwen yo pou nou nan sizyèm ane a, pou li kab pote yon rekòlt twazan. 22Lè nou ap plante nan uityèm ane a, nou kapab toujou manje ansyen bagay a rekòlt yo, e nou va kontinye manje vye a jis rive nan nevyèm ane a lè rekòlt pa li kòmanse antre a.

23“Tè a, anplis, pa pou vann nèt, paske tè a se pa M; paske nou se sèlman etranje k ap demere avè M. 24Konsa, nan chak mòso tè ke nou posede, fòk nou fè pwovizyon pou peye ranson tè a.

25“Si yon moun peyi parèy nou an vin tèlman pòv ke li oblije vann yon pati nan tè li a, alò, se fanmi pi pre li a ki dwe peye ranson ke manm fanmi li te vann nan. 26Oswa nan ka a yon moun ki pa gen fanmi, men ki tèlman regle zafè li pou twouve ase mwayen pou peye ranson an, 27alò, li va kalkile ane yo soti lè li te vann nan, e remèt fòs balans sa a moun ke li te vann li an. Konsa li va retounen vin pwòp tèren pa l. 28Men si li poko twouve ase mwayen pou reprann li pou kont li, alò, sa ke li te vann nan, va rete nan men a sila ki achte li a jis rive nan ane jibile a. Men nan jibile a, li va libere, pou li kapab retounen kon pwòp tè pa li.

29“Menm jan an, si yon mesye vann yon kay nan yon vil ki antoure avèk miray, alò, dwa pou peye ranson pa l la va dire pou tout 1 nan. 30Men si li pa peye ranson li an nan 1 nan ki ekoule a, alò, kay ki nan vil antoure avèk miray la va pase nèt bay sila ki te achte li pou tout jenerasyon li yo. Li p ap remèt nan jibile a. 31Men kay nan vil ki pa antoure avèk miray yo va konsidere kòm chan ouvri; yo gen dwa peye ranson an e yo va remèt nan jibile a.

32“Men nan vil ki pou Levit yo, Levit yo gen yon dwa pèmanan pou peye ranson nan vil ki se posesyon pa yo. 33Konsa, sa ki pou Levit yo kapab peye ranson e yon vant kay nan vil posesyon sila a va remèt nan jibile a. Paske vil Levit yo se posesyon pa yo pami fis Israël yo. 34Men chan pou bèt nan vil pa yo pa pou vann, paske sa se posesyon pa yo pou tout tan.

35“Alò, nan ka ke yon moun peyi nou an vin pòv e zafè li vin gate, alò, nou gen pou bay li soutyen. Li va viv tankou etranje, oswa yon moun k ap demere, pou li kapab toujou rete pami nou. 36Pa pran enterè ni avantaj sou li, men onore Bondye ou a pou li kapab viv avèk ou. 37Ou pa pou bay li lajan ou avèk enterè, ni manje ou pou fè pwofi. 38Mwen se SENYÈ a, Bondye nou an ki te fè nou sòti nan peyi Égypte la pou bannou peyi Canaan an pou M kapab Bondye nou.

39“Si yon moun peyi parèy nou vin tèlman pòv pami nou menm, e li vin vann tèt li bannou, nou pa pou desann li nan sèvis esklavaj. 40Li va rete avèk nou kòm yon jounalye, menm kòm yon demere. Li va sèvi avèk nou jis rive nan ane jibile a. 41Konsa li va sòti de nou menm, li menm avèk fis li yo avè l, e li va retounen vè fanmi li, pou li kapab retounen nan tèren zansèt li yo. 42Paske yo se sèvitè Mwen ke Mwen te mennen sòti nan peyi Égypte la. Yo pa pou vann kon vant esklav la. 43Nou pa pou domine li avèk severite, men onore Bondye nou an.

44“Selon esklav, mal ak femèl ke petèt nou kapab gen,—-nou kapab jwenn esklav mal ak femèl nan nasyon payen ki antoure nou yo. 45Alò, osi, se soti nan fis a demere k ap viv pami nou yo, ke nou kapab vin genyen yo, e ladann nan fanmi pa yo ki avèk nou, ke yo va gen tan pwodwi nan peyi nou; yo menm osi kapab devni posesyon pa nou. 46Nou kapab menm sede a fis apre nou yo, pou resevwa yo kòm yon posesyon. Nou kapab sèvi yo kòm esklav pou tout tan. Men pou moun peyi nou an, nou pa pou domine avèk severite youn sou lòt.

47“Alò, si mwayen a yon etranje, oswa yon demere avèk nou vin rich, e yon moun peyi parèy a nou an vin tèlman pòv ke li vin vann tèt li bay yon etranje ki demere pami nou, oswa desandan a yon fanmi etranje, 48alò, li va gen dwa peye ranson nan moman li fenk vann nan. Youn nan frè li yo kapab peye ranson li an, 49oswa tonton li, oswa fis tonton li, kapab peye ranson li an, oswa si li vin pwospere, li kapab peye ranson an pou pwòp tèt li. 50Konsa, li menm avèk sila ki te achte li a, va kalkile ansanm soti nan ane ke li te vann tèt li bay li menm nan jis pou rive nan jibile a. Pri lavant li an va koresponn a nonb ane ke li te avèk li yo. Se tankou jou a yon jounalye ke li va avèk li. 51Si gen toujou anpil ane, li va remèt yon pati nan pri lavant lan pou kouvri yo pou peye pwòp ranson pa li. 52Si se pa anpil ane ki rete pou rive nan ane jibile a, li va kalkile sa avèk li. Selon ane ki rete yo li va remèt menm fòs la pou pri ranson an. 53Menm tankou yon ouvriye ki anplwaye ane pa ane li va konsa avèk li. Li p ap domine sou li avèk severite devan zye nou.

54“Menm si li pa peye ranson an pa mwayen sila yo, li va toujou sòti nan ane jibile a, li menm avèk fis li yo avè l. 55Paske fis Israël yo se sèvitè Mwen; yo se sèvitè Mwen ke M te mennen fè sòti nan peyi Égypte yo. Mwen se Senyè a, Bondye nou an.

Ilustración artística: una interpretación, no un registro histórico.

¿Sabías que…?

El Año Sabático y el Año del Jubileo

  • La ley dada en el monte Sinaí estableció un ciclo agrícola de siete años en el que la tierra descansaba cada séptimo año, seguido por un quincuagésimo Año del Jubileo tras siete ciclos de siete años. Comenzando en el Día de la Expiación con el toque de una trompeta, el Jubileo proclamaba libertad, daba descanso a la tierra y devolvía las tierras ancestrales a sus familias originales.Fuentes: el propio texto bíblico · Mount Sinai
  • La tierra no podía venderse a perpetuidad porque los israelitas eran considerados forasteros y residentes en una tierra que pertenecía a Dios. En consecuencia, las transacciones inmobiliarias funcionaban como arrendamientos, con precios calculados según el número de cosechas restantes hasta el siguiente Jubileo.Fuentes: el propio texto bíblico
  • El capítulo incluye protecciones para los israelitas empobrecidos, prohibiendo el cobro de intereses en préstamos y la servidumbre perpetua de compatriotas. Puesto que Dios los había librado de Egipto, cualquier israelita obligado por deudas a servir debía ser tratado como jornalero y liberado en el Jubileo.Fuentes: el propio texto bíblico · Egypt

Notas escritas con ayuda de IA a partir de fuentes abiertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, dominio público) y revisadas antes de publicarse.

Lugares de este capítulo

  • Canaan · 32.767, 35.333 · versículo 38
  • Egypt · 30.129, 31.308 · versículos 38, 42, 55

Solo aparecen lugares identificados con alta confianza (90 % o más según las fuentes académicas reunidas por OpenBible). Mapa de la época: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; mapa actual: © colaboradores de OpenStreetMap; lugares: OpenBible.info (CC BY 4.0).

Créditos y licencia de esta traducción
Bib Sen An
The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update
copyright © 2017-2023 Ron Smith
Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian)
Translation by: Ron Smith
Contributor: Felix Nixon
This translation is made available to you under the terms of the
Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0.
You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that:
You include the above copyright and source information.
If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes.
If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original.
Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents.
For other uses, please contact the respective copyright owners.
Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19.
2026-06-11

Fuente: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org

Habla con nosotros

Cuéntanos desde dónde lees, cómo te ha ayudado la Biblia o qué podemos mejorar. Leemos todos los mensajes.