Nations Bible

Levítico 23

Bib Sen An · Toca un versículo para ver sus referencias cruzadas.

1SENYÈ a te pale ankò avèk Moïse. Li te di: 2“Pale avèk fis Israël yo pou di yo: ‘Fèt chwazi SENYÈ a, ke nou va pwoklame kòm konvokasyon sen yo—fèt chwazi Mwen yo se sa yo.

3“‘Pandan sis jou, travay kapab fèt, men sou setyèm jou a, va gen yon repo Saba konplè, yon konvokasyon sen. Nou pa pou fè okenn travay. Se yon Saba a SENYÈ a nan tout domisil nou yo.

4“‘Sa yo se lè fèt chwazi pou SENYÈ a, konvokasyon sen ke nou va pwoklame nan lè ki apwente pou yo. 5Nan premye mwa nan katòzyèm jou mwa a, avan l fènwa, se Pak SENYÈ a. 6Alò, nan kenzyèm jou nan menm mwa sa a, fèt Pen San Ledven pou SENYÈ a ap fèt. Pandan sèt jou, nou va manje pen san ledven. 7Nan premye jou a, nou va gen yon konvokasyon sen. Nou p ap fè okenn travay di. 8Men pandan sèt jou, nou va prezante yon ofrann pa dife bay SENYÈ a. Nan setyèm jou a, se yon konvokasyon sen. Nou pa pou fè okenn travay ki di.’”

9Konsa, SENYÈ a te pale avèk Moïse. Li te di: 10“Pale avèk fis Israël yo pou di yo: ‘Lè nou antre nan peyi ke Mwen ap bannou pou fè rekòlt li a, alò, nou va pote premye pake a kòm premye fwi rekòlt la bay prèt la. 11Li va fè sign voye pake a anlè devan SENYÈ a pou nou, pou l kapab aksepte. Nan jou apre Saba a, prèt la va voye li anlè. 12Alò, nan jou lè nou voye pake a anlè a, nou va ofri yon jenn mouton ki gen laj ennan(1 an) ki san defo pou yon ofrann brile bay SENYÈ a. 13Ofrann sereyal li, alò, va 2 dizyèm yon efa farin melanje avèk lwil, yon ofrann pa dife bay SENYÈ a, yon bagay santi bon, avèk ofrann bwason li, yon ka in diven. 14Jis rive nan jou sa a, jiskaske nou pote ofrann Bondye nou an, nou pa pou manje ni pen, ni sereyal boukannen, ni nouvo tij vèt. Sa dwe rete yon règleman ki la pou tout tan pami tout jenerasyon nou yo, nan tout domisil nou yo.

15“‘Nou va osi kontwole pou kont nou sèt jou Saba yo, soti nan jou ke nou te pote premye pake ofrann voye anlè a: va gen sèt Saba konplè. 16Nou va kontwole senkant jou jis rive nan jou apre setyèm Saba a, epi nou va prezante yon ofrann sereyal nèf bay SENYÈ a. 17Nou va pote soti nan domisil nou yo de (2) pen kòm yon ofrann voye anlè, ki fèt avèk de dizyèm yon efa. Yo va fèt avèk farin fen, kwit avèk ledven kòm premye fwi bay SENYÈ a. 18Ansanm avèk pen an, nou va prezante sèt jenn mouton nan laj 1 nan, mal san defo, ak yon towo twoupo avèk de belye. Yo dwe yon ofrann brile bay SENYÈ a, avèk ofrann sereyal pa yo ak ofrann bwason pa yo, yon ofrann pa dife ki dous e santi bon a SENYÈ a. 19Nou va osi ofri yon mal kabrit kòm yon ofrann peche, ak de mal mouton ki gen laj 1 nan kòm yon sakrifis ofrann lapè. 20Konsa, prèt la va voye yo anlè avèk pen premye fwi yo kòm yon ofrann voye anlè avèk de jenn mouton yo devan SENYÈ a. Yo dwe sen a SENYÈ a pou prèt la. 21Nan menm jou sa a, nou va osi fè yon pwoklamasyon ke nou va gen yon konvokasyon sen. Nou pa pou fè okenn travay di. Se yon règleman pou tout tan nan tout domisil nou yo pandan tout jenerasyon nou yo.

22“‘Lè nou fè rekòlt la nan peyi nou, anplis, nou pa pou rekòlte jis nan kwen chan nou yo, ni ranmase ti retay nan rekòlt la. Se pou nou kite yo pou malere avèk etranje yo. Mwen se SENYÈ a, Bondye nou an.’”

23Ankò SENYÈ a te pale avèk Moïse. Li te di: 24“Pale avèk fis Israël yo pou di: ‘Nan setyèm mwa nan premye jou nan mwa a, nou va fè yon repo, yon tan pou sonje avèk son twonpèt yo, yon konvokasyon sen. 25Nou pa pou fè okenn travay di, men nou va prezante yon ofrann pa dife bay SENYÈ a.’”

26SENYÈ a te pale avèk Moïse. Li te di: 27Nan dizyèm jou nan setyèm mwa sa a, se jou ekspiyasyon an. Li va yon konvokasyon sen pou nou. Nou va imilye nanm nou pou prezante yon ofrann pa dife bay SENYÈ a. 28Nou pa pou fè okenn travay nan menm jou sa a, paske li se yon jou ekspiyasyon, pou fè ekspiyasyon pou nou menm devan SENYÈ a, Bondye nou an. 29Si gen yon moun ki refize nye li menm nan jou sa a, li va koupe retire de pèp li a. 30Pou nenpòt moun ki fè yon travay nan menm jou sa a, moun sa a, Mwen va detwi li pami pèp li a. 31Nou pa pou travay menm. Se yon règleman k ap dire pandan tout jenerasyon nou yo nan tout kay nou yo. 32Fòk se yon repo Saba konplè pou nou, e nou va imilye nanm nou. Nan nevyèm jou mwa a nan aswè, nou va obsève Saba nou.

33Ankò SENYÈ a te pale a Moïse. Li te di: 34“Pale avèk fis Israël yo pou di: ‘Nan kenzyèm jou nan mwa sa a ki se setyèm mwa a, se Fèt Ti Tonèl Yo pandan sèt jou anvè SENYÈ a. 35Nan premye jou a, se yon konvokasyon sen. Nou pa pou fè okenn kalite travay ki di. 36Pandan sèt jou, nou va prezante yon ofrann pa dife bay SENYÈ a. Nan uityèm jou a, nou va fè yon konvokasyon sen e prezante yon ofrann pa dife bay SENYÈ a. Se yon asanble solanèl. Nou pa pou fè okenn travay di.

37“‘Sa yo se lè chwazi SENYÈ a ke nou va pwoklame kòm konvokasyon sen, pou prezante ofrann dife bay SENYÈ a—ofrann brile ak ofrann sereyal yo, sakrifis yo avèk ofrann bwason yo, zafè chak jou nan pwòp jou pa li— 38apati Saba sila ki pou SENYÈ yo, apati kado nou yo, apati tout ofrann ve avèk ofrann bòn volonte ke nou bay SENYÈ yo.

39“‘Byen jis nan kenzyèm jou nan setyèm mwa a, lè nou gen tan antre rekòlt nan peyi a, nou va fete fèt ki pou SENYÈ a pandan sèt jou. Nou va fè yon repo solanèl nan premye jou a, e yon repo solanèl nan uityèm jou a. 40Alò, nan premye jou a, nou va pran pou nou menm fèy ki sòti nan pyebwa ki bèl yo, branch pal yo avèk branch nan pyebwa ki gen fèy yo, pyebwa ki pann sou kote rivyè a ak ti dlo yo, e nou va rejwi devan SENYÈ a Bondye nou an pandan sèt jou. 41Nou va selebre li konsa kòm yon fèt bay SENYÈ a pandan sèt jou nan ane a. Sa va yon règleman k ap dire nèt pandan tout jenerasyon nou yo. Nou va selebre li nan setyèm mwa a. 42Nou va viv nan tonèl yo pandan sèt jou. Tout natif Israël yo va viv nan tonèl yo, 43pou jenerasyon nou yo kapab vin konnen ke fis Israël yo te viv nan tonèl lè Mwen te mennen yo, fè yo sòti nan peyi Égypte la. Mwen se SENYÈ a, Bondye nou an.’”

44Se konsa Moïse te deklare a fis Israël yo tout lè ki te deziye pa Bondye yo.

Ilustración artística: una interpretación, no un registro histórico.

¿Sabías que…?

Las fiestas señaladas del Señor

  • Levítico 23 describe el calendario sagrado de Israel, comenzando con el reposo del sábado semanal y detallando festividades anuales como la Pascua, los Panes sin Levadura, las Primicias, la Fiesta de las Semanas, el Día de Expiación y la Fiesta de los Tabernáculos.Fuentes: el propio texto bíblico
  • Junto a las fiestas agrícolas, la ley instituyó una disposición social al prohibir que los agricultores segaran hasta los bordes de sus campos o recogieran las espigas caídas, dejándolas para los pobres y los extranjeros residentes.Fuentes: el propio texto bíblico
  • Durante los siete días de la Fiesta de los Tabernáculos, los israelitas debían recolectar ramas de palmera, árboles frondosos y sauces para habitar en cabañas temporales, recordando que sus antepasados vivieron en enramadas tras salir de la tierra de Egipto.Fuentes: el propio texto bíblico · Egypt

Notas escritas con ayuda de IA a partir de fuentes abiertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, dominio público) y revisadas antes de publicarse.

Lugares de este capítulo

  • Egypt · 30.129, 31.308 · versículo 43

Solo aparecen lugares identificados con alta confianza (90 % o más según las fuentes académicas reunidas por OpenBible). Mapa de la época: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; mapa actual: © colaboradores de OpenStreetMap; lugares: OpenBible.info (CC BY 4.0).

Créditos y licencia de esta traducción
Bib Sen An
The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update
copyright © 2017-2023 Ron Smith
Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian)
Translation by: Ron Smith
Contributor: Felix Nixon
This translation is made available to you under the terms of the
Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0.
You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that:
You include the above copyright and source information.
If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes.
If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original.
Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents.
For other uses, please contact the respective copyright owners.
Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19.
2026-06-11

Fuente: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org

Habla con nosotros

Cuéntanos desde dónde lees, cómo te ha ayudado la Biblia o qué podemos mejorar. Leemos todos los mensajes.