Nations Bible

Job 9

Bib Sen An · Toca un versículo para ver sus referencias cruzadas.

1Konsa, Job te reponn. Li te di:

2“Anverite, mwen konnen sa se vrè;

alò, kijan yon nonm kapab genyen dwa

devan Bondye?

3Si yon moun te vle diskite avèk Li,

li pa t ap kab byen reponn li menm yon fwa nan mil.

4Bondye saj nan kè e pwisan nan fòs;

se kilès ki konn reziste ak Li san donmaj?

5Se Li Menm ki deplase mòn yo, ki jan yo pa menm konnen,

lè Li boulvèse yo nan fachez Li.

6Li souke latè sòti nan plas li,

e fè pilye fondasyon li yo tranble.

7Li kòmande solèy la pou l pa klere

e ki mete yon so sou zetwal yo.

8Se Li menm sèl ki rale lonje syèl yo

e bese vag lanmè yo.

9Li sèl ki fè sou syèl la gwo Ourse la ak Orion an,

avèk Pleiades yo, avèk chanm ki nan sid yo.

10Li menm ki fè gwo bagay mèvèy yo,

avèk zèv mèvèy san kontwòl yo.

11Si Li ta vin pase bò kote mwen, mwen pa t ap wè L.

Si Li ta depase m nan wout, mwen pa t ap apèsi L.

12Gade byen, Li rache retire,

se kilès ki ka anpeche L?

Kilès ki ka di L: ‘Kisa w ap fè la a’?

13“Bondye p ap detounen kòlè Li.

Anba Li, byen akwoupi, se asistan a Rahab yo.

14Kijan mwen kab reponn Li,

e chwazi pwòp pawòl mwen yo devan L?

15Paske malgre mwen te gen rezon,

mwen pa t kab reponn.

Mwen ta oblije mande gras a Jij mwen an.

16Menmsi mwen te rele, e Li te reponn mwen,

mwen pa t ap kab kwè ke Li ta koute vwa m.

17Paske Li fin brize m nèt ak yon tanpèt,

e ogmante blese mwen yo san koz.

18Li pa lèse m pran souf,

men fè m debòde ak sa ki anmè.

19Men pou pouvwa, men gade, se Li menm ki gen fòs!

Epi pou jistis, se kilès menm k ap voye

pwosè vèbal bay Li menm?

20Malgre mwen dwat, bouch mwen ap kondane m;

malgre mwen san tò, Li va deklare m koupab.

21Mwen inosan; mwen pa okipe mwen menm;

mwen rayi lavi m.

22“Tout se menm bagay.

Akoz sa mwen di Li detwi inosan yo avèk koupab yo.’

23Si frèt la vin touye sibitman,

l ap moke dezolasyon inosan an.

24Ak lemonn nan ki sede nan men a mechan yo,

Li fin kouvri figi a jij latè yo.

Si se pa Li menm, eh byen se kilès?

25“Alò, jou m yo vin pi rapid pase yon nonm k ap fè kous;

Yo kouri ale. Yo pa wè anyen ki bon.

26Yo glise pase tankou kannòt k ap pase nan wozo,

tankou yon èg ki vole plonje sou viktim li.

27Malgre mwen di ke m va bliye plent mwen,

ke m va kite figi tris la pou fè kè kontan,

28mwen krent tout doulè mwen yo.

Mwen konnen ke Ou p ap bliye fot mwen yo.

29Mwen gen tan fin jije koupab.

Konsa, poukisa mwen ta dwe fè fòs anven?

30Si m ta lave m nèt ak lanèj,

e pwòpte men m ak savon lesiv ki fò,

31malgre sa, Ou ta plonje mwen nan kanal la,

e pwòp rad mwen yo ta vin rayi m.

32Paske Li pa yon nonm kon mwen, pou m ta reponn Li,

pou nou ta kab rive nan tribinal ansanm.

33Nanpwen moun ki pou fè antant antre nou,

ki ta kab mete men l sou nou toulède.

34Kite Li retire baton Li sou mwen,

e pa kite laperèz Li plen m ak gwo latèrè.

35Konsa, mwen ta pale san fè laperèz devan L;

men mwen pa kab konsa pou kont mwen.”

Ilustración artística: una interpretación, no un registro histórico.

¿Sabías que…?

El anhelo de Job por un árbitro

  • Al reconocer el inmenso poder creador de Dios, Job señala el cielo nocturno y menciona formaciones estelares específicas: la Osa, Orión, las Pléyades y las constelaciones del sur.Fuentes: el propio texto bíblico
  • Job expresa su sufrimiento en términos jurídicos, lamentando que, al no ser Dios un ser humano, no pueden comparecer juntos ante un tribunal, y anhela un árbitro o mediador que ponga su mano sobre ambos.Fuentes: el propio texto bíblico
  • Para describir cuán rápido pasan sus días sin alivio, Job recurre a tres imágenes vívidas de velocidad: un corredor veloz, barcas de papiro y un águila que se lanza sobre su presa.Fuentes: el propio texto bíblico

Notas escritas con ayuda de IA a partir de fuentes abiertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, dominio público) y revisadas antes de publicarse.

Créditos y licencia de esta traducción
Bib Sen An
The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update
copyright © 2017-2023 Ron Smith
Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian)
Translation by: Ron Smith
Contributor: Felix Nixon
This translation is made available to you under the terms of the
Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0.
You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that:
You include the above copyright and source information.
If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes.
If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original.
Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents.
For other uses, please contact the respective copyright owners.
Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19.
2026-06-11

Fuente: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org

Habla con nosotros

Cuéntanos desde dónde lees, cómo te ha ayudado la Biblia o qué podemos mejorar. Leemos todos los mensajes.