Job 13
Bib Sen An · Toca un versículo para ver sus referencias cruzadas.
1“Veye byen, zye m gen tan wè tout sa.
Zòrèy mwen tande e konprann li.
2Sa ou konnen yo, mwen konnen yo tou;
mwen pa pi ba pase ou.
3“Men mwen ta pale ak Toupwisan an;
mwen vle diskite ak Bondye.
4Men nou sal moun ak manti.
Se yon bann doktè sanzave nou ye.
5Oswa pito ke ou ta rete an silans nèt;
ke sa ta sèvi kon sajès ou!
6Souple, tande pawòl mwen, e koute mo a lèv mwen.
7Èske ou kab pale pou Bondye sa ki pa jis,
e pale sa ki manti pou Li?
8Èske ou va pran ka pa Li?
Èske ou va diskite pou Bondye?
9Èske sa va sòti byen lè Li bay ou egzamen?
Oswa èske ou va twonpe Li
kon yon moun konn twonpe yon moun?
10Anverite, Li va repwoche ou
si ou apiye yon bò ak patipri.
11Èske majeste Li p ap bay ou lakrent?
Laperèz Li p ap tonbe sou ou?
12Ansyen pwovèb ou yo se pwovèb ki fèt ak sann;
defans ou yo se defans ki fèt ak ajil.
13“Rete an silans devan m pou m kab pale;
epi kite nenpòt sa ki rive m k ap rive.
14Poukisa mwen ta mete chè m nan pwòp dan m
e mete lavi m nan men m?
15Malgre Li ta touye mwen,
mwen va mete espwa m nan Li.
Malgre, mwen va fè diskou chemen mwen yo devan L.
16Se sa, anplis, ki va delivrans mwen;
paske yon enkwayan p ap parèt nan prezans Li.
17Koute pawòl mwen byen pre e
kite deklarasyon mwen yo ranpli zòrèy ou.
18Tande koulye a, mwen te prepare ka mwen an;
mwen konnen ke mwen va jistifye.
19Se kilès ki va diskite kont mwen?
Paske konsa, mwen ta rete anpè e mouri.
20“Se sèl de bagay pou pa fè mwen;
konsa mwen p ap kache devan figi Ou:
21Retire men Ou sou mwen e
pa kite laperèz Ou fè m sezi.
22Epi rele e mwen va reponn;
oswa kite m pale epi reponn mwen.
23Fè m wè fòs kantite inikite mwen yo
avèk peche m yo?
Fè m rekonèt rebelyon mwen ak peche m yo.
24Poukisa Ou kache figi Ou e
konsidere m kon lènmi Ou?
25Èske Ou ta fè yon fèy k ap vole nan van tranble?
Oswa èske Ou va kouri dèyè pay van an seche a.
26Paske Ou ekri bagay anmè kont mwen
e fè m eritye tout inikite a jenès mwen yo.
27Ou mete pye m nan chenn e
ou veye tout chemen mwen yo.
Ou limite distans pla pye m kab rive,
28pandan mwen ap dekonpoze
kon yon bagay k ap pouri,
kon yon vètman ki manje pa mit.”
¿Sabías que…?
Job Apela Directamente a Dios
- Job rechaza los consejos de sus compañeros, calificándolos de médicos inútiles y comparando sus argumentos tradicionales con proverbios de ceniza y defensas de barro. Les advierte que Dios reprenderá a cualquiera que intente defenderlo con engaño o parcialidad.Fuentes: el propio texto bíblico
- A lo largo del capítulo, Job plantea su discurso en términos jurídicos, afirmando que ha preparado su causa y que busca una audiencia directa ante el Todopoderoso. Manifiesta la certeza de que será vindicado, aun reconociendo el inmenso riesgo de defender su conducta cara a cara con Dios.Fuentes: el propio texto bíblico
- Para ilustrar su vulnerabilidad, Job recurre a metáforas de fragilidad y cautiverio, preguntando por qué el Todopoderoso persigue a alguien tan endeble como una hoja arrastrada por el viento o la paja seca, mientras aprisiona sus pies en el cepo.Fuentes: el propio texto bíblico
Notas escritas con ayuda de IA a partir de fuentes abiertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, dominio público) y revisadas antes de publicarse.
Créditos y licencia de esta traducción
Bib Sen An The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update copyright © 2017-2023 Ron Smith Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) Translation by: Ron Smith Contributor: Felix Nixon This translation is made available to you under the terms of the Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0. You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that: You include the above copyright and source information. If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes. If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original. Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents. For other uses, please contact the respective copyright owners. Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19. 2026-06-11
Fuente: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org