Nations Bible

Job 12

Bib Sen An · Toca un versículo para ver sus referencias cruzadas.

1Job te reponn:

2Anverite, konsa, se nou menm ki se pèp la.

Se ak nou menm tout sajès ap mouri!

3Men mwen gen lespri menm tankou ou;

mwen pa pi ba pase ou.

Epi se kilès ki pa konnen bagay parèy a sila yo?

4Mwen se yon blag devan zanmi mwen yo,

sila ki te fè apèl Bondye a, e Li te reponn li an.

Nonm nan ki dwat e san tò a vin yon blag.

5Sila ki alèz la ri sou malè a;

men l ap tann pye l chape.

6Tant volè a fè pwofi,

e sila ki pwovoke Bondye byen alez.

Se nan men yo pote dye pa yo.

7“Alò, mande bèt yo menm pou yo kab enstwi ou;

ak zwazo syèl yo; kite yo pale ou.

8Oswa, pale ak tè a e kite li enstwi ou.

Kite pwason lanmè yo fè deklarasyon pou ou.

9Se kilès pami tout sila yo ki pa konnen

ke se men SENYÈ a ki fè sa?

10Nan men a Sila poze lavi a tout sa ki viv la,

ansanm ak souf tout limanite a.

11Èske zòrèy la pa pase a leprèv tout pawòl,

menm jan ke bouch la goute manje li a?

12Sajès rete ak granmoun;

yon lavi ki long gen bon konprann.

13“Avèk Bondye se sajès ak pwisans.

A Li menm se konsèy avèk bon konprann.

14Gade byen, se Li menm ki detwi; e sa p ap kab rebati.

Li mete yon nonm nan prizon, e nanpwen lage pou li.

15Gade byen, Li anpeche dlo yo, e yo seche nèt;

Li voye yo deyò pou yo inonde latè a.

16Avèk Li menm se fòs ak sajès pwofon;

sa ke lòt moun egare ak sila ki egare yo,

tou de se pou Li.

17Li fè konseye yo mache pye atè

e fè jij yo antre nan foli.

18Li detache chenn ki mare wa yo,

e mare senti yo ak yon sentiwon.

19Li fè prèt yo mache san rad,

e boulvèse sila ki ansekirite yo.

20Li fè moun konfyans pa kab pale,

e retire bon jijman a ansyen yo.

21Li vide mepriz sou prens yo,

e lache senti a pwisan yo.

22Li devwale mistè ki nan tenèb yo,

e mennen fènwa pwofon yo antre nan limyè a.

23Li fè nasyon yo vin gran, e Li detwi yo.

Li fè nasyon yo grandi, e Li mennen yo ale.

24Li rache lespri a chèf pèp latè yo,

e fè yo egare nan yon savann san chemen.

25Yo tatonnen nan fènwa a san limyè.

Li fè yo kilbite tankou moun sou.

Ilustración artística: una interpretación, no un registro histórico.

¿Sabías que…?

La defensa de Job y la soberanía de Dios

  • Job inicia su respuesta con marcada ironía, sugiriendo con sarcasmo que la sabiduría morirá con sus amigos. Sostiene que el conocimiento del poder de Dios no es un secreto exclusivo de ellos, sino algo evidente incluso para los animales, las aves, los peces y la tierra misma.Fuentes: el propio texto bíblico
  • En este capítulo, Job describe la soberanía absoluta de Dios sobre las instituciones y gobernantes humanos. Destaca que Dios desmantela el poder establecido al quitar el discernimiento a los ancianos, descalzar a consejeros y sacerdotes, y derribar a reyes, jueces y naciones enteras.Fuentes: el propio texto bíblico

Notas escritas con ayuda de IA a partir de fuentes abiertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, dominio público) y revisadas antes de publicarse.

Créditos y licencia de esta traducción
Bib Sen An
The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update
copyright © 2017-2023 Ron Smith
Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian)
Translation by: Ron Smith
Contributor: Felix Nixon
This translation is made available to you under the terms of the
Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0.
You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that:
You include the above copyright and source information.
If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes.
If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original.
Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents.
For other uses, please contact the respective copyright owners.
Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19.
2026-06-11

Fuente: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org

Habla con nosotros

Cuéntanos desde dónde lees, cómo te ha ayudado la Biblia o qué podemos mejorar. Leemos todos los mensajes.