Jeremías 27
Bib Sen An · Toca un versículo para ver sus referencias cruzadas.
1Nan kòmansman règn wa Sédécias, fis a Josias la, wa Juda a, pawòl sa a te rive kote Jérémie soti nan SENYÈ a, epi te di, 2Konsa SENYÈ a pale ak mwen: “Fè pou kont ou lyen ak jouk e mete yo sou kou ou. 3Epi voye pawòl kote wa Edom an, wa Moab la, wa a fis Ammon yo, wa Tyre la e wa a Sidon an pa mesaje ki vini Jérusalem kote Sédécias, wa Juda a. 4Kòmande yo ale kote mèt pa yo e di yo: ‘Konsa pale SENYÈ dèzame yo, Bondye Israël la, konsa nou va di a mèt nou yo, 5“Mwen te fè latè, lèzòm ak bèt ki sou sifas latè yo pa gran pouvwa Mwen ak men M lonje, e Mwen va bay li a sila ki fè M plezi nan zye mwen. 6Koulye a, Mwen te bay tout peyi sila yo nan men a Nebucadnetsar, wa Babylone, sèvitè Mwen an e Mwen te bay li, anplis, bèt sovaj chan yo pou sèvi li. 7Tout nasyon yo va sèvi li e fis li ak gran fis li jis rive nan lè pwòp peyi li vini. Nan moman sa a, anpil nasyon ak anpil wa va fè li vin sèvitè yo.”’”
8“Li va rive ke nasyon oswa wayòm ki refize sèvi Nebucadnetsar, wa Babylone nan, e ki pa mete kou li anba jouk a wa Babylone nan, Mwen va pini nasyon sa a ak nepe a, ak gwo grangou e ak envazyon ensèk k ap ravaje tout chan yo,” deklare SENYÈ a: “jiskaske Mwen fin detwi nasyon sa a pa men li.
9“Men pou nou menm, pa koute pwofèt nou yo, divinò nou yo, moun ki fè rèv yo, moun k ap devine yo, ni sila ki fè wanga yo, k ap di: ‘Nou p ap sèvi wa Babylone nan’. 10Paske pwofesi pa yo se manti y ap bannou pou yo deplase nou ale lwen peyi nou, pou fè M ta pouse bourade nou deyò e nou va peri. 11Men nasyon an ki bese kou li anba jouk wa Babylone nan e ki sèvi li, Mwen va kite li nan peyi li,” deklare SENYÈ a. “Konsa, yo va travay tè a pou viv ladann.”
12Mwen te pale pawòl tankou sila yo a Sédécias, wa Juda a. Mwen te di l: “Mennen kou nou anba jouk a wa Babylone nan pou sèvi li ak pèp li a, e viv! 13Poukisa nou va mouri, nou menm avèk pèp nou an, pa nepe, gwo grangou, ak ravaj bèt ki manje tout chan yo, kon SENYÈ a te pale a nasyon sa a ki refize sèvi wa Babylone nan? 14Konsa, pa koute pawòl a pwofèt k ap pale ak nou, k ap di: ‘Nou p ap oblije sèvi wa Babylone nan,’ paske y ap fè pwofesi manti a nou menm. 15Paske Mwen pa t voye yo,” deklare SENYÈ a: “Yo fè fo pwofesi nan non Mwen, pou m ka pouse bourade nou deyò pou nou ka peri, nou menm ak pwofèt ki fè pwofesi sa yo bannou yo.”
16Apre, mwen te pale ak prèt yo e a tout pèp sa a. Mwen te di: “Konsa pale SENYÈ a: Pa koute pawòl a pwofèt nou yo ki fè pwofesi bannou ki di: ‘Gade byen, veso lakay SENYÈ yo va retounen rapid soti Babylone;’ paske yo fè pwofesi manti bannou. 17Pa koute yo. Sèvi wa Babylone nan e viv! Poukisa vil sa a ta dwe detwi nèt? 18Men si se pwofèt yo ye, e si pawòl SENYÈ a avèk yo, kite yo koulye a fè demann a SENYÈ dèzame yo, pou veso ki rete lakay SENYÈ yo, lakay wa Juda a ak Jérusalem yo pa ale Babylone. 19Paske se konsa pale SENYÈ dèzame yo konsènan pilye yo, konsènan lanmè a, konsènan baz yo e konsènan tout lòt veso ki rete nan vil sa a, 20ke Nebucadnetsar, wa Babylone nan, pa t pran lè l te pote Jeconia, fis a Jojakim nan, wa Juda a, te fè sòti Jérusalem pou rive Babylone, ak tout gwo moun Juda ak Jérusalem yo. 21Wi, se konsa SENYÈ dèzame yo, Bondye Israël la, te pale konsènan veso ki rete lakay SENYÈ yo, lakay wa Juda a ak Jérusalem yo, 22‘Yo va pote rive Babylone e yo va la jis rive jou ke m vizite yo a,’ deklare SENYÈ a. ‘Apre, Mwen va mennen yo retounen e restore yo nan plas sa a.’”
¿Sabías que…?
El yugo de Babilonia
- Dios le ordenó a Jeremías que se hiciera un yugo con correas y se lo pusiera al cuello como un mensaje visual en vivo. Fue instruido para dirigirse a los enviados de Edom, Moab, Amón, Tiro y Sidón que visitaban al rey Sedequías en Jerusalén, instando a sus naciones a someterse a Babilonia en lugar de rebelarse.Fuentes: el propio texto bíblico
- En este mensaje, Dios se refiere a Nabucodonosor, el gobernante de Babilonia, como 'mi siervo'. El texto recalca que el Creador de la tierra otorga el dominio sobre tierras y reinos a quien le place, sometiendo a las naciones vecinas al dominio babilónico.Fuentes: el propio texto bíblico · Nebuchadnezzar
- Mientras profetas rivales aseguraban que los utensilios sagrados llevados durante el exilio de Jeconías (Joaquín) pronto regresarían, Jeremías advirtió que eso era una mentira. Anunció que los objetos restantes del templo, incluidas las columnas de bronce, el mar y las basas, también serían llevados a Babilonia.Fuentes: el propio texto bíblico · Jehoiachin
Notas escritas con ayuda de IA a partir de fuentes abiertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, dominio público) y revisadas antes de publicarse.
Lugares de este capítulo
- Ammon · 31.955, 35.934 · versículo 3
- Edom · 30.746, 35.604 · versículo 3
- Jerusalem · 31.777, 35.234 · versículos 3, 18, 20, 21, 22
- Moab · Hoy: Moab 1 · 31.181, 35.701 · versículo 3
- Sidon · Hoy: Sandikli archaeological site in Sidon · 33.561, 35.372 · versículo 3
- Tyre · 33.271, 35.196 · versículo 3
- Babylon · 32.543, 44.422 · versículos 6, 7, 8, 9, 11, 12, 13, 14, 16, 17, 18, 20, 22
Solo aparecen lugares identificados con alta confianza (90 % o más según las fuentes académicas reunidas por OpenBible). Mapa de la época: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; mapa actual: © colaboradores de OpenStreetMap; lugares: OpenBible.info (CC BY 4.0).
Créditos y licencia de esta traducción
Bib Sen An The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update copyright © 2017-2023 Ron Smith Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) Translation by: Ron Smith Contributor: Felix Nixon This translation is made available to you under the terms of the Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0. You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that: You include the above copyright and source information. If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes. If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original. Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents. For other uses, please contact the respective copyright owners. Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19. 2026-06-11
Fuente: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org