Jeremías 26
Bib Sen An · Toca un versículo para ver sus referencias cruzadas.
1Nan kòmansman règn a wa Jojakim nan, fis a Josias la, wa a Juda a, pawòl sa a te sòti nan SENYÈ a: 2“Konsa pale SENYÈ a: ‘Kanpe nan lakou lakay SENYÈ a pou pale ak tout vil Juda a ki te vin adore lakay SENYÈ a'. Bay yo tout pawòl ke M te kòmande ou pou pale avèk yo. Pa manke menm yon mo! 3Petèt yo va koute e tout moun va vire kite pwòp wout mechan pa yo, pou M ta kapab repanti de malè ke M planifye pou fè rive yo, akoz mechanste a zak yo.’” 4Men sa ou va di yo: “Konsa pale SENYÈ a: ‘Si nou refize koute Mwen, pou mache nan lalwa ke M te mete devan nou an, 5pou koute pawòl a sèvitè Mwen yo, pwofèt ke M te voye a nou menm tout tan, tout tan yo,—men nou pa t koute— 6konsa, Mwen va fè kay sila kon Silo e vil sa a, Mwen va fè li vin yon madichon pou tout nasyon sou latè yo.’”
7Prèt yo, pwofèt yo ak tout pèp la te tande Jérémie pale pawòl sa yo lakay SENYÈ a. 8Lè Jérémie te fin pale tout sa ke SENYÈ a te kòmande pale a tout pèp la, prèt yo ak pwofèt yo ak tout pèp la te sezi li. Yo te di: “Fòk ou mouri! 9Poukisa ou te pwofetize nan non SENYÈ a e te di: ‘Kay sa a va tankou Silo e vil sa a va vin dezète, san moun?’” Konsa, tout pèp la te rasanble antoure Jérémie lakay SENYÈ a.
10Lè ofisye a Juda yo te tande bagay sa yo, yo te vin monte soti lakay a wa a pou rive lakay SENYÈ a, e yo te chita nan antre Pòtay Nèf lakay SENYÈ a. 11Epi prèt yo ak pwofèt yo te pale ak ofisye yo ak tout pèp la e te di: “Nonm sa a merite mouri! Li te pwofetize kont vil sila a, jan nou te koute ak pwòp tande nou an.”
12Konsa, Jérémie te pale ak tout ofisye yo ak tout pèp la. Li te di: “SENYÈ a te voye mwen pou pwofetize kont tout kay sila a, tout pawòl ke nou te tande yo. 13Alò, pou sa, korije chemen nou yo ak zèv nou yo, e obeyi a vwa SENYÈ a, Bondye nou an; epi SENYÈ a va chanje lide sou malè ke Li te pwononse kont nou an. 14Men pou mwen menm, se nan men nou mwen ye. Fè sa nou pito avè m jan nou wè li bon nan zye nou an. 15Sèlman, konnen byen ke si nou mete m a lanmò, nou va mennen san inosan vin tonbe sou nou menm, sou vil sa a, ak tout moun ki rete ladann; paske anverite, SENYÈ a te voye mwen kote nou pou pale tout pawòl sa yo nan zòrèy nou.”
16Epi ofisye yo ak tout pèp la te di a prèt yo e a pwofèt yo: “Nou p ap pase lòd lanmò pou nonm sa a, paske li te pale nou nan non SENYÈ a, Bondye nou an.”
17Epi kèk nan ansyen peyi a te leve e te pale a tout asanble a pèp la. Yo te di: 18“Michée, moun Moréscheth la, te pwofetize nan tan Ézéchias, wa Juda a. Li te pale a tout pèp Juda a e te di: ‘Konsa SENYÈ dèzame yo te pale:
“Sion va raboure kon yon chan,
Jérusalem va vin yon pil mazi
e mòn kay la kon pwent ki piwo nan yon forè.”
19“‘Èske Ézéchias, wa Juda a, ak tout Juda te mete l a lanmò? Èske li pa t gen lakrent SENYÈ a, chache favè SENYÈ a, e SENYÈ a te chanje lide Li sou malè ke li te pwononse kont yo a? Men nou ap komèt yon gwo mal kont pwòp tèt pa nou.’”
20Anverite, te gen yon nonm ki te pwofetize nan non SENYÈ a, Urie, fis a Schemaeja a, a Kirjath-Jearim. Li te pwofetize kont vil sa a e kont peyi sa a, pawòl parèy a tout sa a Jérémie yo. 21Lè wa Jojakim ak tout mesye pwisan pa li yo ak tout ofisye yo te tande pawòl li yo, alò, wa a te eseye mete l a lanmò. Men Urie te tande. Li te krent e li te sove ale rive an Égypte. 22Konsa, wa Jojakim te voye mesye li yo an Égypte: Elnathan, fis a Acbor a e kèk lòt mesye avèk li te ale antre an Égypte. 23Epi yo te mennen Urie soti an Égypte, te fè l rive kote wa Jojakim ki te touye l ak yon nepe e te jete kadav li nan simityè endijan yo.
24Men, men Achikam la, fis a Schaphan an, te avèk Jérémie, ki te fè l pa rive nan men a pèp la pou mete l a lanmò.

¿Sabías que…?
El juicio de Jeremías y sus precedentes
- Cuando sacerdotes y profetas exigieron la muerte de Jeremías por anunciar la ruina del templo, varios ancianos apelaron al precedente de Miqueas de Moreset, ocurrido más de un siglo atrás. En tiempos del rey Ezequías, Miqueas proclamó una advertencia similar contra Jerusalén, pero el monarca buscó el favor del Señor en lugar de ejecutar al profeta.Fuentes: el propio texto bíblico · Micah · Hezekiah
- El pasaje subraya el peligro que corría Jeremías al recordar la suerte de Urías hijo de Semaías, quien anunció un mensaje idéntico. Cuando el rey Joacim intentó matarlo, Urías huyó a Egipto, pero el monarca envió soldados a extraditarlo, lo hizo degollar y arrojó su cadáver a las fosas del pueblo común.Fuentes: el propio texto bíblico · Urijah · Jehoiakim
- Jeremías se salvó en gran medida gracias a la intervención de Ahicam hijo de Safán, un noble influyente cuya familia había colaborado en las reformas religiosas del rey Josías.Fuentes: el propio texto bíblico · Ahikam
Notas escritas con ayuda de IA a partir de fuentes abiertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, dominio público) y revisadas antes de publicarse.
Lugares de este capítulo
- Jerusalem · 31.777, 35.234 · versículos 6, 9, 18
- Shiloh · Hoy: Khirbet Seilun · 32.056, 35.290 · versículos 6, 9
- New Gate · Hoy: in Jerusalem · 31.777, 35.234 · versículo 10
- Mount Zion · 31.772, 35.229 · versículo 18
- Zion · Hoy: Jerusalem · 31.777, 35.234 · versículo 18
- Kiriath-jearim · Hoy: Deir el Azar · 31.809, 35.104 · versículo 20
- Egypt · 30.129, 31.308 · versículos 21, 22, 23
Solo aparecen lugares identificados con alta confianza (90 % o más según las fuentes académicas reunidas por OpenBible). Mapa de la época: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; mapa actual: © colaboradores de OpenStreetMap; lugares: OpenBible.info (CC BY 4.0).
Créditos y licencia de esta traducción
Bib Sen An The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update copyright © 2017-2023 Ron Smith Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) Translation by: Ron Smith Contributor: Felix Nixon This translation is made available to you under the terms of the Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0. You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that: You include the above copyright and source information. If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes. If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original. Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents. For other uses, please contact the respective copyright owners. Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19. 2026-06-11
Fuente: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org