Nations Bible

Jeremías 19

Bib Sen An · Toca un versículo para ver sus referencias cruzadas.

1Konsa pale SENYÈ a: “Ale achte yon po kanari nan men mèt krich la. Pran kèk nan ansyen a pèp yo, ak kèk nan prèt prensipal yo. 2Konsa, ale deyò nan vale Ben-Hinnom nan, ki akote antre pòtay kanari kraze a, e la pwoklame pawòl ke M pale ou yo. 3Di: ‘Tande pawòl SENYÈ a, O wa Juda yo ak moun ki rete Jérusalem yo: konsa pale SENYÈ dèzame yo, Bondye Israël la: “Gade byen, Mwen prèt pou mennen gwo malè sou plas sa a, k ap fè zòrèy a tout moun ki tande yo vin toudi. 4Akoz yo te abandone Mwen, yo te fè plas sa a vin pa pwòp, e yo te brile sakrifis nan li bay lòt dye, ke ni yo menm, ni papa zansèt yo, ni wa a Juda yo pa t janm konnen—epi akoz yo te plen plas sa a ak san a inosan yo, 5akoz yo te bati wo plas a Baal yo pou brile pwòp fis pa yo nan dife kon ofrann brile a Baal yo, yon bagay ke Mwen pa t janm kòmande, ni pale, ni li pa t janm antre nan tèt Mwen.’ 6Akoz tout sa a, gade byen, jou yo ap vini,” deklare SENYÈ a: “pou plas sa a pa rele ‘Topheth’ ankò, oswa ‘Vale Ben-Hinnom’ nan; men pito, ‘Vale a Gwo Masak’ la.

7“‘“Mwen va fè nil tout konsèy Juda ak Jérusalem nan plas sa a. Mwen va fè yo tonbe pa nepe devan lènmi yo, e pa men a sila k ap chache lavi yo. Konsa, Mwen va bay kadav yo pou manje a zwazo syèl yo, ak bèt sovaj latè yo. 8Anplis, Mwen va fè vil sa a yon dega, yon objè degoutan k ap fè moun soufle anlè kon koulèv. Tout moun ki pase akote li va vin etone, e sifle anlè akoz tout dezas li yo. 9Mwen va fè yo manje chè pwòp fis pa yo ak fi pa yo. Yo va manje chè youn lòt nan syèj la, ak nan gwo twoub avèk sila lènmi pa yo, ak sila k ap chache lavi yo va twouble yo.”’

10“Nan moman sa a, ou gen pou kraze kanari a devan zye a tout moun ki akonpanye ou. 11Epi di yo: ‘Konsa pale SENYÈ dèzame yo: “Se konsa Mwen va kraze pèp sa a ak vil sa a, jis jan ke yon moun kraze yon po kanari, pou l pa ka repare ankò. Yo va antere Topheth, jis lè pa gen plas pou antere ankò. 12Se konsa, mwen va trete plas sa a ak moun ki rete ladann yo,” deklare SENYÈ a, “pou fè vil sa a tankou Topheth. 13Lakay Juda ak lakay a wa Juda yo va vin souye kon Topheth, akoz anwo twati a tout kay yo te brile sakrifis a tout lame syèl yo, e te vide bwason kon ofrann a lòt dye yo.”’”

14Konsa, Jérémie te sòti Topheth, kote SENYÈ a te voye l pwofetize a. Li te kanpe nan lakou lakay SENYÈ a e te di a tout pèp la: 15“Konsa pale SENYÈ dèzame yo, Bondye Israël la: ‘Gade byen, Mwen prèt pou mennen sou vil sila a ak tout bouk li yo tout gwo twoub ke M te deklare kont li yo, akoz yo te fè tèt yo di pou pa koute pawòl Mwen yo.’”

Ilustración artística: una interpretación, no un registro histórico.

¿Sabías que…?

La vasija rota y el valle de Ben-hinom

  • Dios ordenó a Jeremías que guiara a ancianos y sacerdotes por la Puerta de los Tiestos—que conducía hacia el campo del alfarero—al valle de Ben-hinom, también conocido como Tofet. Allí, el pueblo de Judá había ofrecido sacrificios de niños y edificado lugares altos a Baal, por lo que Dios declaró que el lugar pasaría a llamarse Valle de la Matanza.Fuentes: el propio texto bíblico · East Gate · Baal
  • Jeremías realizó un acto profético al romper una vasija de barro ante los líderes que lo acompañaban. Esta destrucción irreparable sirvió como símbolo visual de que Jerusalén y sus casas serían quebrantadas sin remedio debido a sus prácticas idólatras, incluida la quema de incienso a otros dioses en las azoteas.Fuentes: el propio texto bíblico

Notas escritas con ayuda de IA a partir de fuentes abiertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, dominio público) y revisadas antes de publicarse.

Lugares de este capítulo

  • Valley of Hinnom · Hoy: Hinnom Valley · 31.769, 35.228 · versículos 2, 6
  • Jerusalem · 31.777, 35.234 · versículos 3, 7, 8, 11, 13
  • Topheth · Hoy: in the Hinnom Valley · 31.769, 35.228 · versículos 6, 11, 12, 13, 14

Solo aparecen lugares identificados con alta confianza (90 % o más según las fuentes académicas reunidas por OpenBible). Mapa de la época: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; mapa actual: © colaboradores de OpenStreetMap; lugares: OpenBible.info (CC BY 4.0).

Créditos y licencia de esta traducción
Bib Sen An
The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update
copyright © 2017-2023 Ron Smith
Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian)
Translation by: Ron Smith
Contributor: Felix Nixon
This translation is made available to you under the terms of the
Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0.
You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that:
You include the above copyright and source information.
If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes.
If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original.
Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents.
For other uses, please contact the respective copyright owners.
Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19.
2026-06-11

Fuente: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org

Habla con nosotros

Cuéntanos desde dónde lees, cómo te ha ayudado la Biblia o qué podemos mejorar. Leemos todos los mensajes.