Nations Bible

Jeremías 18

Bib Sen An · Toca un versículo para ver sus referencias cruzadas.

1Pawòl ki te vini a Jérémie soti nan SENYÈ a ki te di: 2“Leve desann lakay mèt krich la, e la Mwen va anonse pawòl Mwen yo a ou menm.”

3Konsa, mwen te desann lakay mèt krich la. E gade byen, li t ap fè yon bagay sou wou a. 4Men veso ke li t ap fè ak ajil la te gate nan men mèt krich la. Pou sa, li te refòme l fè yon lòt veso jan sa te fè l plezi fè a.

5Pawòl SENYÈ a te vin kote mwen. Li te di: 6Èske Mwen pa kabab, O lakay Israël, aji avèk ou menm jan mèt krich la konn fè a? deklare SENYÈ a. Gade byen, tankou ajil la nan men mèt krich la a, se konsa ou ye nan men Mwen, O lakay Israël. 7Nan yon moman, Mwen ka pale konsa konsènan yon nasyon, oswa konsènan yon wayòm pou dechouke li, pou jete li atè, oswa pou detwi li. 8Men si nasyon sa a ke Mwen te pale a, vin kite mechanste li a, Mwen va vin repanti konsènan gwo twoub ke m te gen entansyon fè rive l la. 9Oswa, nan yon lòt moman, Mwen ka pale konsènan yon nasyon, oswa konsènan yon wayòm pou bati li, oswa pou etabli li. 10Men si li fè mal nan zye M e pa obeyi vwa M, alò, Mwen va repanti de byen nan ke M te fè pwomès fè yo.

11“Alò, pou sa, pale ak mesye Juda yo, ak moun ki rete Jérusalem yo. Di yo: ‘Konsa pale SENYÈ a: “Gade byen, Mwen ap prepare gwo malè kont nou, e Mwen ap fòme yon plan kont nou. Vire fè bak, nou chak, soti nan wout mechan li, e korije de zak nou yo.”’ 12Men yo va di: ‘Sa pa ka fèt! Paske nou ap swiv pwòp plan pa nou, e nou chak va aji selon pwòp panse a kè di nou.’

13Akoz sa a, pale SENYÈ a:

“Mande, koulye a, pami nasyon yo;

se kilès ki konn tande yon koze konsa?

Vyèj Israël la te fè yon bagay pi lèd pase tout bagay.

14Èske lanèj Liban konn fè fayit

pou l pa kite wòch chan an?

Oswa èske dlo frèt ki koule soti depi lwen

va vin sèch?

15Paske pèp Mwen an fin bliye Mwen.

Yo brile lansan bay dye ki san valè yo.

Yo chape tonbe kite chemen yo,

soti nan chemen ansyen yo, pou mache nan vye ti wout,

men pa sou gran chemen an.

16Y ap fè peyi nou vin yon dega,

yon objè moun ap sifle.

Tout sila ki pase ladann va etone pou sa

e va souke tèt yo.

17Tankou van lès, Mwen va gaye yo nèt devan lènmi an,

Nan jou kalamite yo, Mwen va ba yo do m.

Yo p ap wè figi M.

18Konsa yo te di: “Vini! Annou fè konplo kont Jérémie! Anverite, lalwa a p ap pral pèdi de prèt la, ni konsèy a saj yo, ni pawòl sen a pwofèt la! Vini, annou frape li ak kout lang, e pa okipe okenn nan pawòl li yo.”

19Koute mwen, SENYÈ e,

koute sa ke lènmi m yo ap di!

20Èske se ak mal ke yon moun dwe rekonpanse pou sa ki bon?

Paske se yon fòs yo fin fouye pou mwen.

Sonje kijan mwen te kanpe devan Ou,

pou pale sa ki bon pou yo menm,

pou m ta ka fè kòlè Ou vire kite yo.

21Pou sa, livre pitit yo a gwo grangou

e livre yo anba pouvwa nepe a.

Kite madanm pa yo rete san pitit e vèv.

Kite mesye yo tou vin frape a lanmò;

e jennonm yo vin frape ak nepe nan batay la.

22Pou yon gwo kri ka tande soti lakay yo

lè sibitman, Ou mennen rive yon bann piyajè sou yo;

paske yo te fouye yon fòs pou pran mwen,

e te kache pèlen pou pye m.

23Malgre sa, Ou menm, O SENYÈ, Ou konnen tout

manèv mòtèl yo kont mwen yo.

Pa padone inikite pa yo, ni efase peche yo devan zye Ou.

Men kite yo boulvèse nèt jis yo jete nèt devan Ou.

Aji avèk yo nan lè kòlè Ou a!

Ilustración artística: una interpretación, no un registro histórico.

¿Sabías que…?

El Alfarero y el Barro

  • En la casa del alfarero, Jeremías observa a un artesano remodelar en el torno una vasija estropeada para hacer otra vasija. El pasaje utiliza este oficio para ilustrar la autoridad divina y el juicio condicional: si una nación advertida se aparta del mal, el castigo se detiene, pero si obra mal, la bendición prevista se retira.Fuentes: el propio texto bíblico
  • La profecía contrasta el abandono de Dios por parte de Israel con la constancia de la naturaleza, preguntando si la nieve del Líbano alguna vez abandona sus riscos rocosos. La cordillera del Líbano, cuyo nombre significa blanco, era célebre por sus elevadas cumbres y sus corrientes de aguas frescas.Fuentes: Lebanon · el propio texto bíblico
  • La conspiración contra Jeremías surgió de opositores que presumían tener seguridad religiosa, alegando que la ley nunca faltaría al sacerdote, ni el consejo al sabio, ni la palabra al profeta. El mensaje de juicio de Jeremías desafiaba directamente esa confianza institucional.Fuentes: Jeremiah · el propio texto bíblico

Notas escritas con ayuda de IA a partir de fuentes abiertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, dominio público) y revisadas antes de publicarse.

Lugares de este capítulo

  • Jerusalem · 31.777, 35.234 · versículo 11
  • Lebanon · 33.540, 35.584 · versículo 14
  • Mount Hermon · 33.400, 35.850 · versículo 14

Solo aparecen lugares identificados con alta confianza (90 % o más según las fuentes académicas reunidas por OpenBible). Mapa de la época: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; mapa actual: © colaboradores de OpenStreetMap; lugares: OpenBible.info (CC BY 4.0).

Créditos y licencia de esta traducción
Bib Sen An
The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update
copyright © 2017-2023 Ron Smith
Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian)
Translation by: Ron Smith
Contributor: Felix Nixon
This translation is made available to you under the terms of the
Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0.
You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that:
You include the above copyright and source information.
If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes.
If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original.
Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents.
For other uses, please contact the respective copyright owners.
Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19.
2026-06-11

Fuente: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org

Habla con nosotros

Cuéntanos desde dónde lees, cómo te ha ayudado la Biblia o qué podemos mejorar. Leemos todos los mensajes.