Nations Bible

Jueces 8

Bib Sen An · Toca un versículo para ver sus referencias cruzadas.

1Alò, mesye Éphraïm yo te di li: “Kisa nou te fè ou; kòmsi ou pa rele nou pou antre nan batay avèk Madian an?” Epi yo te menase li byen rèd. 2Men li te di yo: “Kisa menm mwen te fè ki konpare avèk nou? Èske se pa vre ke li pi bon pou ranmase dèyè rekòlt Éphraïm nan pase fè gwo rekòlt nan chan Abiézer a? 3Bondye vin mete chèf a Madian yo, Oreb avèk Zeeb nan men ou menm. Epi kisa mwen te reyisi fè ki konpare avèk nou?” Alò, chalè kòlè kont li te bese lè li te di sa a.

4Konsa, Gédéon avèk twa-san lòm ki te avè l yo te rive nan Jourdain an e te travèse l. Yo te byen fatige, men toujou t ap kouri dèyè yo. 5Li te di a mesye Succoth yo: “Souple, ban mwen pen pou pèp la k ap swiv mwen an, paske yo fatige, e mwen ap kouri dèyè Zébach avèk Tsalmunna, wa a Madian yo.”

6Chèf Succoth yo te di: “Èske men a Zébach avèk Zalmunna deja nan men ou, pou nou ta bay pen a lame ou a?”

7Gédéon te di: “Trè byen, lè SENYÈ a fin mete Zébach avèk Tsalmunna nan men m, m ap vin kale nou avèk pikan dezè yo e avèk chadwon savann nan.”

8Li te monte soti la nan Penuel. Li te pale menm jan an avèk yo, epi mesye Penuel yo te reponn li menm jan mesye Succoth yo te reponn nan. 9Konsa, li te pale osi avèk mesye Penuel yo, e li te di: “Lè m retounen an bon eta, m ap chire fò sa a.”

10Alò, Zébach avèk Tsalmunna te nan Kakor, e lame yo te avèk yo, anviwon kenz-mil lòm, tout sila ki te rete nan lame a fis a lès yo nèt; paske sila ki te tonbe yo se te san-ven-mil mesye ak nepe. 11Gédéon te monte pa chemen a sila ki te rete nan tant yo sou lès a Nobach avèk Jogbeha, e te atake lame a an lè yo pa t sispèk anyen. 12Lè Zébach avèk Tsalmunna te fin sove ale, li te swiv yo. Li te kaptire de wa a Madian yo, Zébach avèk Tsalmunna e te mete tout lame a an dewout. 13Konsa, Gédéon, fis a Joas la te retounen soti nan batay akote pant Héres la. 14Li te kaptire yon jenn gason ki sòti Succoth e te kesyone l. Epi li te bay li detay prens a Succoth yo ak ansyen li yo, swasann-dis-sèt lòm. 15Li te vini kote mesye Succoth yo e te di: “Gade byen, Zébach avèk Tsalmunna, pa sila nou te anmède mwen yo, lè nou te di: ‘Èske men a Zébach avèk Tsalmunna nan men ou deja, pou nou ta dwe bay pen a mesye ou ki fatige yo?’” 16Li te pran ansyen lavil Succoth yo, e avèk pikan ak chadwon savann, li te enstwi yo. 17Li te chire fò Penuel la e te touye mesye lavil yo.

18Alò, li te di a Zébach avèk Tsalmunna: “Ki kalite mesye sa yo ke nou te touye Thabor a?”

Epi yo te di: “Yo te sanble avèk ou. Yo tout te sanble a fis a yon wa.”

19Li te di: “Yo se frè mwen, fis a manman m jan SENYÈ a viv la, si sèlman nou te kite yo viv, mwen pa t ap touye nou.”

20Konsa, li te di a Jéther, premye ne li a: “Leve touye yo.” Men jennonm nan pa t rale nepe li, paske li te pè, paske li te toujou jèn.

21Alò, Zébach avèk Tsalmunna te di: “Leve ou menm vin tonbe sou nou; paske jan yon gason ye, konsa fòs li ye.” Pou sa, Gédéon te leve e te touye Zébach avèk Tsalmunna e te pran òneman lin kaba yo ki te sou kou chamo yo.

22Alò, mesye Israël yo te di a Gédéon: “Vin renye sou nou, ni ou menm ni fis ou yo, ni fis a fis ou yo, paske ou te delivre nou soti nan men Madian.”

23Men Gédéon te di yo: “Mwen p ap renye sou nou, ni fis mwen p ap renye sou nou. Se SENYÈ a k ap renye sou nou.” 24Men Gédéon te di yo: “Mwen ta fè yon demand a nou, pou nou chak ta ban mwen yon zanno soti nan piyaj li yo.” (Paske yo te gen zanno an lò, akoz se te Izmayelit ke yo te ye.)

25Yo te di: “Anverite, n ap bay yo.” Konsa, yo te ouvri yon vètman e yo chak te jete yon zanno la soti nan piyaj yo. 26Pèz a zanno lò sila ke li te mande yo se te mil-sèt-san sik, anplis bijou yo, kolye zòrèy yo, manto mov ki te pou wa Madian yo, e anplis, kolye kou chamo ki te sou kou chamo yo. 27Gédéon te sèvi l pou fòme yon efòd, li te plase li nan vil pa li a, Ophra e tout Israël te jwe pwostitiye avè l la. Konsa, li te vin yon pèlen pou Gédéon avèk lakay li.

28Konsa Madian te kraze ba devan fis Israël yo. Yo pa t leve tèt yo ankò. Epi peyi a te san twoub pandan karant ane nan jou a Gédéon yo.

29Alò, Jerubbaal, fis a Joas la te ale rete nan pwòp kay li. 30Gédéon te gen swasann-dis fis ki te desandan dirèk pa li, paske li te gen anpil madanm. 31Mennaj li ki te nan Sichem, osi te fè yon fis pou li e li te bay li non Abimélec. 32Konsa, Gédéon, fis a Joas la te mouri a yon laj granmoun, e li te antere nan tonm a papa li, Joas, nan Ophra ki te pou Abizerit yo.

33Li te vin rive ke depi Gédéon te fin mouri, fis Israël yo ankò te jwe pwostitiye avèk Baal yo e te fè Baal-Berith dye pa yo. 34Konsa, fis Israël yo pa t sonje SENYÈ a, Bondye pa yo a, ki te delivre yo nan men a tout lènmi pa yo tout kote. 35Ni yo pa t bay favè a kay Jerubbaal (sa vle di, Gédéon) an akò avèk tout byen ke li te fè pou Israël yo.

Ilustración artística: una interpretación, no un registro histórico.

¿Sabías que…?

La persecución de Madián y los últimos años de Gedeón

  • Cuando la tribu de Efraín protestó con violencia por no haber sido llamada antes a la batalla, Gedeón calmó la disputa con una metáfora diplomática. Comparó los 'rebuscos de Efraín'—la captura de los príncipes madianitas Oreb y Zeeb—favorablemente frente a toda la 'vendimia' de su propio clan, Abiezer.Fuentes: el propio texto bíblico · Gideon · Abiezer · Oreb
  • Las ciudades de Sucot y Penuel, ubicadas al este del río Jordán, se negaron a dar alimento a los trescientos hombres exhaustos de Gedeón. Por temor a represalias si los reyes madianitas Zeba y Zalmuna prevalecían, sus líderes retuvieron la ayuda, lo que provocó que Gedeón castigara severamente a ambas poblaciones tras su victoria.Fuentes: el propio texto bíblico · Succoth · Penuel · Zebah
  • Aunque Gedeón rechazó la propuesta de una monarquía dinástica sobre Israel afirmando que solo Dios debía reinar, solicitó los pendientes de oro tomados del botín de los invasores. Con este oro elaboró un efod para su ciudad natal de Ofra, el cual terminó convirtiéndose en un lazo de idolatría para Israel.Fuentes: el propio texto bíblico · Ophrah · Gideon

Notas escritas con ayuda de IA a partir de fuentes abiertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, dominio público) y revisadas antes de publicarse.

Lugares de este capítulo

  • Midian · 28.495, 35.012 · versículos 1, 3, 5, 12, 22, 26, 28
  • Abiezer · Hoy: about 15 km around Afula · 32.606, 35.290 · versículo 2
  • Jordan · Hoy: Jordan River · 31.761, 35.558 · versículo 4
  • East · Hoy: region around Amman · 31.955, 35.934 · versículo 10
  • Mount Tabor · Hoy: Jebel et Tur · 32.686, 35.393 · versículo 18
  • Shechem · Hoy: Tell Balatah · 32.214, 35.282 · versículo 31

Solo aparecen lugares identificados con alta confianza (90 % o más según las fuentes académicas reunidas por OpenBible). Mapa de la época: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; mapa actual: © colaboradores de OpenStreetMap; lugares: OpenBible.info (CC BY 4.0).

Créditos y licencia de esta traducción
Bib Sen An
The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update
copyright © 2017-2023 Ron Smith
Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian)
Translation by: Ron Smith
Contributor: Felix Nixon
This translation is made available to you under the terms of the
Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0.
You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that:
You include the above copyright and source information.
If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes.
If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original.
Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents.
For other uses, please contact the respective copyright owners.
Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19.
2026-06-11

Fuente: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org

Habla con nosotros

Cuéntanos desde dónde lees, cómo te ha ayudado la Biblia o qué podemos mejorar. Leemos todos los mensajes.