Nations Bible

Jueces 7

Bib Sen An · Toca un versículo para ver sus referencias cruzadas.

1Epi Jerubbaal (sa vle di Gédéon) avèk tout pèp ki te avèk li a te leve granmmaten e te fè kan an kote sous Harod la. Kan Madian an te vè nò de yo menm, akote ti mòn Moreh nan vale a. 2SENYÈ a te di a Gédéon: “Pèp la ki avèk ou a twòp pou M ta delivre Madian nan men yo, paske Israël ta vin ògeye, e di: ‘Se pouvwa mwen ki delivre mwen.’ 3Pou sa, vin pwoklame nan zòrèy a tout pèp la, e di: ‘Nenpòt moun ki gen lakrent e k ap tranble, ke li retounen sòti nan Mòn Galaad.’” Konsa, venn-de-mil moun te retounen; men te gen di-mil moun ki te rete.

4Alò, SENYÈ a te di a Gédéon: “Pèp la twòp toujou. Mennen yo desann kote dlo a, e Mwen va pase yo a leprèv pou ou la. Konsa li va ye ke si M di ou: ‘Sila a prale avè w’, l ap prale; men a tout sila ke M di w: ‘Sila a pa prale’, li pa prale.” 5Konsa, li te mennen pèp la desann vè dlo a. Epi SENYÈ a te di a Gédéon: “Ou va separe tout sila ki lape dlo a avèk lang yo tankou chen ak, anplis sila ki mete kò l ajenou pou bwè yo.” 6Alò, kantite a sila ki te lape dlo a, ki pa rale l nan men yo pou rive nan bouch yo se te twa-san lòm, e rès yo te mete yo ajenou pou bwè. 7SENYÈ a te di a Gédéon: “Mwen va delivre nou avèk twa-san lòm sila ki te lape dlo yo e yo va mete Madyanit yo nan men nou. Pou sa, kite tout lòt moun yo ale, tout moun rive lakay yo.” 8Konsa, twa-san lòm te pran pwovizyon a pèp la, avèk twonpèt pa yo nan men yo. Epi Gédéon te voye tout lòt mesye Israël yo chak nan pwòp tant pa yo, men te kenbe twa-san mesye yo. Kan Madian an te anba nan vale a. 9Alò, menm nwit lan, li te vin rive ke SENYÈ a te vin di li: “Leve, desann nan kan an, paske mwen te livre li nan men ou. 10Men si ou pè desann, ale avèk Pura, sèvitè ou a, anba nan kan an. 11Ou va tande kisa yo di: apre sa, men w ap vin fò pou ou kapab desann kont kan an.” Konsa, li te ale avèk Pura, sèvitè li a, anba kote avan-gad a lame ki te nan kan yo.

12Alò, Madyanit yo avèk Amalekit yo ak tout fis a lès la, te kouche nan vale a. Yo te plis an kantite pase krikèt volan, epi chamo pa yo te twòp pou konte, an gran nonb tankou grenn sab bò lanmè a.

13Lè Gédéon te rive, veye byen, yon nonm t ap revele yon rèv a zanmi li. Li t ap di: “Gade byen, mwen te fè yon rèv; yon mòso pen lòj te tonbe antre nan kan Madian an. Li te rive nan tant lan, li te frape li pou l te tonbe, e, konsa, li te vire l tèt anba pou l kouche plat.”

14Zanmi li an te reponn: “Sa se pa anyen mwens ke nepe a Gédéon an, fis a Joas la, yon nonm de Israël. Bondye te mete Madian avèk tout kan an nan men li.”

15Lè Gédéon te tande afè rèv la ak entèpretasyon li, li te bese an adorasyon. Li te retounen nan kan Israël la, e li te di: “Leve, paske SENYÈ a gen tan mete kan Madian an nan men nou.”

16Li te divize twa-san lòm yo an twa konpayi, e li te mete twonpèt yo avèk krich vid yo nan men yo tout, avèk tòch yo anndan krich yo.

17Li te di yo: “Gade mwen, e fè menm bagay la. Epi veye byen, lè m rive kote bò kan an, fè menm sa ke m fè a. 18Lè mwen avèk tout sila ki avè m yo soufle twonpèt la, alò, nou, osi, nou va soufle twonpèt yo toutotou kan an, e nou va di: ‘Pou SENYÈ a e pou Gédéon.’”

19Konsa, Gédéon avèk san mesye ki te avèk li yo te rive bò kan an, nan kòmansman premye ve a, lè yo te fenk plase gad yo. Konsa, yo te soufle twonpèt la e te kraze krich ki te nan men yo. 20Lè twa konpayi yo te soufle twonpèt yo e kraze krich yo, yo te kenbe tòch yo nan men goch avèk twonpèt yo nan men dwat pou soufle, e yo te kriye fò: “Yon nepe pou SENYÈ a ak pou Gédéon!” 21Tout moun te kanpe nan plas li ki te antoure kan an, epi tout lame a te sove ale. Yo te kriye fò e yo te pran flit. 22Lè yo te soufle twa-san twonpèt yo, SENYÈ a te mete nepe a youn kont lòt e kont tout lanmè a nèt. Konsa, lame a te sove ale jis rive nan Beth-Schitta anvè Tseréra, jis rive nan Abel-Mehola akote Tabath. 23Mesye Israël yo te rasanble sòti jis Nephtali avèk Aser ak tout Manassé, epi yo te kouri dèyè Madian. 24Gédéon te voye mesaje toupatou nan peyi ti kolin Éphraïm yo. Li te di: “Vin desann kont Madian e pran dlo devan yo jis rive nan Beth-Bara avèk rivyè Jourdain an!” 25Yo te kaptire de chèf dirijan a Madian yo, Oreb avèk Zeeb. Yo te touye Oreb nan wòch Oreb la, e yo te touye Zeeb nan pez divin Zeeb la, pandan yo t ap kouri dèyè Madian. Konsa, yo te pote tèt a Oreb avèk Zeeb bay Gédéon soti lòtbò Jourdain an.

Ilustración artística: una interpretación, no un registro histórico.

¿Sabías que…?

Los trescientos de Gedeón

  • Antes de la batalla, el ejército de 32.000 hombres de Gedeón se redujo a solo 300 junto a la fuente de Harod. Primero, se permitió que 22.000 hombres temerosos regresaran a sus casas, y los 10.000 restantes fueron puestos a prueba según cómo bebían agua del manantial, quedando solo quienes llevaban el agua a la boca con la mano.Fuentes: el propio texto bíblico · Harod
  • Gedeón recurrió a tácticas nocturnas y confusión psicológica al dividir a sus 300 hombres en tres escuadrones armados únicamente con cuernos de carnero, antorchas y vasijas de barro. Al rodear el campamento de los madianitas y nómadas orientales cerca de la colina de Moreh durante el cambio de guardia nocturno, el repentino estruendo de vasijas rotas y cuernos desató el pánico y provocó que los enemigos lucharan entre sí en la oscuridad.Fuentes: el propio texto bíblico · Moreh (little Hermon) · East
  • Mientras los madianitas huían hacia el río Jordán, la tribu de Efraín fue convocada para cortarles la retirada en los vados del río. Los efraimitas capturaron y ejecutaron a dos caudillos madianitas, Oreb (cuyo nombre significa 'cuervo') y Zeeb (que significa 'lobo').Fuentes: el propio texto bíblico · Oreb · Zeeb · Ephraim

Notas escritas con ayuda de IA a partir de fuentes abiertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, dominio público) y revisadas antes de publicarse.

Lugares de este capítulo

  • Midian · 28.495, 35.012 · versículos 1, 2, 7, 8, 12, 13, 14, 15, 23, 24, 25
  • Amalek · 30.648, 34.422 · versículo 12
  • East · Hoy: region around Amman · 31.955, 35.934 · versículo 12
  • Jordan · Hoy: Jordan River · 31.761, 35.558 · versículos 24, 25

Solo aparecen lugares identificados con alta confianza (90 % o más según las fuentes académicas reunidas por OpenBible). Mapa de la época: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; mapa actual: © colaboradores de OpenStreetMap; lugares: OpenBible.info (CC BY 4.0).

Créditos y licencia de esta traducción
Bib Sen An
The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update
copyright © 2017-2023 Ron Smith
Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian)
Translation by: Ron Smith
Contributor: Felix Nixon
This translation is made available to you under the terms of the
Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0.
You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that:
You include the above copyright and source information.
If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes.
If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original.
Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents.
For other uses, please contact the respective copyright owners.
Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19.
2026-06-11

Fuente: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org

Habla con nosotros

Cuéntanos desde dónde lees, cómo te ha ayudado la Biblia o qué podemos mejorar. Leemos todos los mensajes.