Isaías 9
Bib Sen An · Toca un versículo para ver sus referencias cruzadas.
1Men nanpwen tristès ankò pou sila ki te nan gwo lapèn nan; nan tan pase yo, Li te trete peyi Zabulon ak peyi Nephthali tankou sa ki pa t gen valè; men pi lwen, Li te fè li plen glwa, pa lòtbò rivyè Jourdain an, Galilée a pèp etranje yo.
2Pèp ki mache nan tenèb la va wè yon gwo limyè;
sila ki rete nan peyi lonbraj lamò a,
limyè va fonse briye sou yo;
3Ou te fè pèp la grandi anpil;
Ou ogmante kè kontan yo.
Yo kontan prezans Ou. Menm jan moun yo gen kè kontan an nan rekòlt la lè y ap divize piyaj la. 4Paske Ou va kraze fado ki peze sou do yo a ak baton sou zepòl yo; baton a sila ki oprime yo, tankou nan batay Madian an. 5Paske tout pwotèj gèrye a ak bwi gwo batay, ak manto ki woule nan san va sèvi pou brile, yon lwil pou dife a. 6Paske yon pitit va ne a nou menm, yon fis va bay a nou menm; epi gouvènman an va rete sou zepòl Li. Non Li va rele Konseye Mèvèye, Bondye Pwisan an, Papa Etènèl la, Prens Lapè a. 7P ap gen fen nan gouvènman Li an ni p ap manke gen lapè sou twòn David la ak sou wayòm li an, pou etabli li e soutni l ak jistis avèk ladwati soti nan moman sa a jis rive pou tout tan. Zèl a SENYÈ dèzame yo va akonpli sa a.
8SENYÈ a voye yon mesaj rive nan Jacob
e li tonbe sou Israël.
9Tout pèp la va konnen sa;
Éphraïm ak moun ki rete Samarie yo,
k ap pale ak awogans e ak ògèy nan kè yo:
10“Brik yo fin tonbe,
men nou va rebati ak wòch taye;
bwa sikomò yo fin koupe,
men nou va ranplase yo ak bwa sèd.”
11Akoz sa, SENYÈ a fè leve kont yo
advèsè ki sòti Retsin yo
e chofe ènmi yo,
12Siryen lès yo ak Filisten lwès yo;
epi yo va devore Israël ak machwè ki ouvri.
Malgre sa, kòlè Li p ap detounen
e men L va toujou lonje.
13Sepandan, pèp la p ap vire retounen
kote Sila ki te frape yo a,
ni yo pa chache SENYÈ dèzame yo.
14Konsa, SENYÈ a va koupe retire ni tèt ni ke sou Israël,
ni branch palmis ak wozo nan yon sèl jou.
15Tèt la se ansyen ki byen respekte a
e ke a se pwofèt ki ansegne manti a.
16Paske sila k ap gide pèp sa yo, egare yo.
Epi sila ki gide pa yo ap mennen yo antre nan gwo konfizyon.
17Akoz sa, SENYÈ a pa pran plezi nan jennonm yo,
ni Li pa fè pitye pou òfelen yo, ni pou vèv yo;
paske yo tout se malfektè ki san Bondye
e bouch yo tout ap pale nan foli.
Malgre tout sa, kòlè Li pa detounen,
e men L toujou lonje.
18Paske mechanste brile tankou dife;
li manje ni pikan ni raje.
Menm gwo rak bwa forè, li fè pran flanm
e yo woule monte kon yon gwo kolòn lafimen.
19Se gwo kòlè a SENYÈ dèzame yo ki brile peyi a,
e se pèp la ki se lwil pou dife a.
Nanpwen moun ki eseye sove frè l.
20Yo manje sou men dwat la, men yo rete grangou;
yo manje sou men goch la, men yo pa satisfè.
Yo chak manje chè pwòp bra yo.
21Manassé devore Éphraïm, Éphraïm devore Manassé
e ansanm, yo kont Juda.
Malgre tout sa, kòlè Li pa detounen
e men Li toujou lonje.

¿Sabías que…?
Una gran luz y el juicio sobre el norte
- Los territorios tribales del norte pertenecientes a Zabulón y Neftalí se hallaban en Galilea, nombre derivado de una palabra que significa circuito. Debido a que los habitantes originales permanecieron mucho tiempo en la zona junto a los israelitas, se la conoció como Galilea de las naciones o de los gentiles.Fuentes: Galilee · el propio texto bíblico
- La alusión al día de Madián evoca la histórica liberación de la opresión ejercida por los madianitas, un pueblo nómada de las regiones desérticas al norte de la península arábiga.Fuentes: Midian · el propio texto bíblico
- La advertencia profética se dirige al reino del norte mediante su capital Samaria —edificada por el rey Omri en la cima de un monte aislado en las colinas de Israel— y su tribu principal Efraín, describiendo intensas discordias civiles entre tribus hermanas como Manasés y Efraín.Fuentes: Samaria · Ephraim · Manasseh (son of Joseph) · el propio texto bíblico
Notas escritas con ayuda de IA a partir de fuentes abiertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, dominio público) y revisadas antes de publicarse.
Lugares de este capítulo
- Galilee · 32.760, 35.527 · versículo 1
- Jordan · Hoy: Jordan River · 31.761, 35.558 · versículo 1
- Midian · 28.495, 35.012 · versículo 4
- Samaria · 32.276, 35.195 · versículo 9
- Philistia · 31.664, 34.546 · versículo 12
- Syria · Hoy: Aram · 33.511, 36.306 · versículo 12
Solo aparecen lugares identificados con alta confianza (90 % o más según las fuentes académicas reunidas por OpenBible). Mapa de la época: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; mapa actual: © colaboradores de OpenStreetMap; lugares: OpenBible.info (CC BY 4.0).
Créditos y licencia de esta traducción
Bib Sen An The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update copyright © 2017-2023 Ron Smith Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) Translation by: Ron Smith Contributor: Felix Nixon This translation is made available to you under the terms of the Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0. You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that: You include the above copyright and source information. If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes. If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original. Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents. For other uses, please contact the respective copyright owners. Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19. 2026-06-11
Fuente: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org