Nations Bible

Isaías 3

Bib Sen An · Toca un versículo para ver sus referencias cruzadas.

1Paske gade byen, Senyè BONDYE dèzame yo va retire sou Jérusalem ak Juda ni sipò, ni mwayen materyo,

tout sa ki pou founi pen

e tout sa ki pou founi dlo;

2Nonm pwisan an,

gèrye a,

jij ak pwofèt la,

divinò a ak ansyen an,

3Kapitèn dè senkant yo,

nonm ki resevwa onè a,

konseye a,

atizan an,

ak sila ki fò nan fè wanga a.

4Konsa, Mwen va fè senp tigason yo vin chèf sou yo,

e timoun san kontwòl yo va vin renye sou yo.

5Epi pèp la va oprime,

youn pa yon lòt e chak pa vwazen li;

jenn yo va fè rebèl kont granmoun yo

e sila ki enferyè a kont sila ki gen onè a.

6Lè yon nonm mete men l sou frè l lakay papa l, epi di:

“Se ou ki gen manto a, se ou k ap chèf nou an,

e tout miray kraze sa yo va anba pouvwa ou”,

7Nan jou sa a, li va diskite ak yo e li va di:

“Se pa mwen menm k ap geri nou an;

paske lakay mwen pa gen ni pen, ni manto;

se pa mwen menm pou nou ta chwazi chèf sou pèp la.”

8Paske Jérusalem chape glise e Juda fin tonbe akoz

pawòl ak zak yo kont SENYÈ a;

pou yo fè rebèl kont prezans sen Li an.

9Vizaj figi yo fè temwen kont yo,

e yo montre tout moun peche yo tankou Sodome.

Yo pa menm kache sa a. Malè a yo menm!

Paske yo mennen mal la vin tonbe sou yo.

10Di a moun dwat yo sa prale byen pou yo,

paske yo va manje fwi a zèv yo.

11Malè a mechan an!

Sa prale mal pou li.

Paske sa li merite a, se sa k ap rive li.

12O pèp Mwen an! Moun ki oprime yo se timoun

ak fanm ki gouvène sou yo.

O pèp Mwen an! Sila k ap gide ou yo, egare ou,

e konfonn direksyon chemen nou yo.

13Se SENYÈ a ki parèt kon advèsè yo

e ki kanpe pou jije pèp la.

14SENYÈ a antre nan jijman ak ansyen ak prens a pèp Li a.

“Se nou ki te devore chan rezen an;

piyaj malere a fèt anndan lakay nou.

15Se kilès ki bannou dwa pou kraze pèp Mwen an,

e foule figi malere yo?” SENYÈ dèzame yo pale.

16Anplis SENYÈ a di: “Akoz fi a Sion yo ògeye,

mache ak tèt anlè ak zye k ap sedwi,

mache ak ti pa kout pou atire zye gason,

e fè sone tout ti son braslè sou pye yo.

17Pou sa, SENYÈ a va aflije tèt fi a Sion yo ak kal,

e SENYÈ a va fè tèt yo chòv.”

18Nan jou sa a, SENYÈ a va retire bèlte a braslè pye yo, bando sou tèt yo, dekorasyon kwasan yo, 19zanno zòrèy yo, braslè yo, vwal yo, 20dekorasyon tèt yo, chenn nan pye yo, bèl twal sentiwon yo ak bwat pafen yo, bwòch yo, 21bag dwèt yo, zanno nen yo. 22Vètman gwo fèt yo, gwo manto yo, bous lajan yo, 23miwa men yo, ti sou-vètman yo, tiban yo, ak vwal yo.

24Epi li va fin rive ke olye sant pafen dous,

ap gen move odè pouriti;

olye se sentiwon, ap gen yon kòd;

olye se cheve swa byen ranje,

ap gen yon tèt chòv;

olye se bèl vètman, ya mete twal sak;

epi y ap pote etanp sou kò pou ranplase bote.

25Gason nou yo va tonbe devan nepe,

ak moun pwisan nou yo nan batay.

26Epi pòtay vil la va kriye fò ak lamantasyon,

doulè ak dezolasyon nèt. Li va chita atè.

Ilustración artística: una interpretación, no un registro histórico.

¿Sabías que…?

Juicio sobre los líderes y los lujos de Jerusalén

  • En Isaías 3:9, el profeta compara el descaro público de Jerusalén con la antigua ciudad de Sodoma, cuya notoria maldad causó una destrucción total. En lugar de encubrir sus faltas, los habitantes hacían alarde abierto de su pecado.Fuentes: el propio texto bíblico · Sodom
  • El capítulo reprende a las hijas de Sion, en alusión al monte Sion, la colina suroriental donde el rey David construyó su ciudadela y palacio. La detallada lista de lujos —como tobilleras, pendientes, frascos de perfume y mantos festivos— se contrasta con la inminente pobreza y el luto de la ciudad.Fuentes: el propio texto bíblico · Zion
  • La profecía describe un colapso total del orden civil en el que se suprimen los jueces, guerreros y ancianos capacitados. La desesperación llega a tal punto que los familiares le suplican a un hombre que gobierne simplemente porque posee un manto entre las ruinas.Fuentes: el propio texto bíblico

Notas escritas con ayuda de IA a partir de fuentes abiertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, dominio público) y revisadas antes de publicarse.

Lugares de este capítulo

  • Jerusalem · 31.777, 35.234 · versículos 1, 8
  • Zion · Hoy: Jerusalem · 31.777, 35.234 · versículos 16, 17, 26

Solo aparecen lugares identificados con alta confianza (90 % o más según las fuentes académicas reunidas por OpenBible). Mapa de la época: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; mapa actual: © colaboradores de OpenStreetMap; lugares: OpenBible.info (CC BY 4.0).

Créditos y licencia de esta traducción
Bib Sen An
The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update
copyright © 2017-2023 Ron Smith
Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian)
Translation by: Ron Smith
Contributor: Felix Nixon
This translation is made available to you under the terms of the
Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0.
You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that:
You include the above copyright and source information.
If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes.
If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original.
Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents.
For other uses, please contact the respective copyright owners.
Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19.
2026-06-11

Fuente: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org

Habla con nosotros

Cuéntanos desde dónde lees, cómo te ha ayudado la Biblia o qué podemos mejorar. Leemos todos los mensajes.