Isaías 2
Bib Sen An · Toca un versículo para ver sus referencias cruzadas.
1Pawòl ke Ésaïe, fis a Amots la, te wè konsènan Juda avèk Jérusalem.
2Alò, li va vin rive nan dènye jou yo,
ke mòn lakay SENYÈ a va etabli kon chèf a mòn yo.
Li va leve pi wo pase kolin yo,
e tout nasyon yo va kouri vin jwenn li.
3Konsa, anpil pèp va vini e yo va di:
Vini, annou monte nan mòn SENYÈ a,
lakay Bondye a Jacob la;
pou L kab enstwi nou konsènan chemen Li yo,
e pou nou kapab mache nan pa Li yo.
Paske lalwa a va sòti fè parèt soti nan Sion,
e pawòl Bondye a soti nan Jérusalem.
4Li va jije pami nasyon yo,
e Li va rann desizyon pou anpil pèp.
Yo va frape nepe yo pou fè cha tè a,
ak lans lagè pou fè kwòk imondaj yo.
Nasyon p ap leve nepe kont nasyon
e jis pou tout tan,
yo p ap vin aprann fè lagè ankò.
5Vini lakay Jacob;
annou mache nan limyè SENYÈ a.
6Paske ou te abandone pèp Ou a, lakay Jacob,
akoz yo plen ak jan de panse yo
ki sòti nan lès;
akoz yo vin pwofèt ki swiv Filisten yo,
k ap antann yo ak pitit a etranje yo.
7Anplis, peyi yo vin plen ak ajan ak lò
e pou richès yo, nanpwen fen.
Peyi yo osi vin plen ak cheval yo,
e ak cha lagè yo, nanpwen fen.
8Peyi yo anplis plen ak zidòl;
yo adore zèv men pa yo, sa ke dwèt yo te fè.
9Pou sa, lòm vin imilye;
e limanite vin bese.
Konsa, pa padone yo.
10Antre nan wòch,
e kache nan pousyè,
kont laperèz SENYÈ a,
kont mayifisans ak majeste li.
11Ògèy a lòm va vin bese
e wotè a lòm va vin imilye.
E nan jou sa a se sèl SENYÈ a k ap egzalte.
12Paske SENYÈ dèzame yo va gen yon jou jijman
kont nenpòt moun ki ògeye, e ki awogan;
nenpòt moun ki leve tèt li wo va bese li.
13Epi kont tout bwa sèd Liban an ki byen wo,
e ki leve tèt yo wo,
kont tout chenn Basan yo.
14Kont tout mòn wo yo,
kont tout kolin ki leve wo yo,
15Kont tout fò wo yo,
kont tout miray fòtifye yo,
16Kont tout bato Tarsis yo,
kont tout sa ki bèl pou wè yo.
17Ògèy a lòm va vin imilye
e wotè a lòm va vin desann.
Se sèl SENYÈ a ki va egzalte nan jou sa a.
18Men zidòl yo va vin disparèt nèt.
19Tout moun va antre nan kav pami wòch yo,
ak nan twou tè a,
devan gran laperèz SENYÈ a,
ak gwo bagay etonan de majeste Li,
lè Li leve pou fè tè a tranble.
20Nan jou sa a, tout moun va jete deyò rat ak chòv-sourit,
zidòl fèt an ajan, ak zidòl fèt an lò,
ke yo te fè pou yo menm ta adore,
21pou yo ka antre nan kav wòch
ak twou wòch nan falèz yo,
pou yo pa parèt devan laperèz SENYÈ,
ak gwo bagay etonan a majeste Li a,
lè Li leve pou fè latè tranble.
22Sispann mete konfyans nan lòm;
souf vi li se sèl nan nen l.
Kisa li vo?
¿Sabías que…?
El monte del Señor y el Día del Juicio
- Isaías vislumbra un futuro en el que el monte Sion, la colina suroriental de Jerusalén, se convierte en el centro de instrucción para todas las naciones. En esta visión de paz universal, los pueblos abandonan la guerra, forjando de sus espadas rejas de arado y de sus lanzas hoces.Fuentes: el propio texto bíblico · Zion · Jerusalem
- Para ilustrar cómo el orgullo humano será humillado en el Día del Señor, el profeta destaca símbolos regionales de grandeza y poder, como los altos cedros de la cordillera del Líbano, las robustas encinas de Basán y los grandes barcos mercantes de Tarsis.Fuentes: el propio texto bíblico · Lebanon · Bashan · Tarshish
Notas escritas con ayuda de IA a partir de fuentes abiertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, dominio público) y revisadas antes de publicarse.
Lugares de este capítulo
- Jerusalem · 31.777, 35.234 · versículos 1, 3
- Zion · Hoy: Jerusalem · 31.777, 35.234 · versículo 3
- East · Hoy: region around Amman · 31.955, 35.934 · versículo 6
- Bashan · 32.781, 35.935 · versículo 13
- Lebanon · 33.540, 35.584 · versículo 13
Solo aparecen lugares identificados con alta confianza (90 % o más según las fuentes académicas reunidas por OpenBible). Mapa de la época: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; mapa actual: © colaboradores de OpenStreetMap; lugares: OpenBible.info (CC BY 4.0).
Créditos y licencia de esta traducción
Bib Sen An The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update copyright © 2017-2023 Ron Smith Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) Translation by: Ron Smith Contributor: Felix Nixon This translation is made available to you under the terms of the Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0. You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that: You include the above copyright and source information. If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes. If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original. Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents. For other uses, please contact the respective copyright owners. Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19. 2026-06-11
Fuente: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org