Hebreos 8
Bib Sen An · Toca un versículo para ver sus referencias cruzadas.
1Koulye a, pwen prensipal nan sa ki te di a se sa: “Nou gen yon si tèlman wo prèt ki pran plas Li adwat a twòn Majeste a nan syèl yo.” 2Pou Li aji kòm sèvitè nan sanktyè a, ak nan vrè tabènak la ke Senyè a, olye lòm te fè leve.
3Paske chak wo prèt nonmen pou ofri ni don ni sakrifis. Konsa li nesesè pou wo prèt sila a gen yon bagay pou l ofri tou. 4Alò, si Li te sou latè, Li pa t ap yon prèt menm, paske pou sa a, gen sila yo ki ofri don yo selon Lalwa, 5ki sèvi kòm yon kopi ak lonbraj a bagay selès yo, jis jan ke Moïse te avèti pa Bondye lè Li te prèt pou leve tabènak la, paske “Veye” Li te di: “pou ou fè tout bagay selon modèl ki te montre a ou menm sou mòn nan.”
6Men koulye a, Li vin gen yon èv ki pi ekselan, paske Li se osi medyatè a yon pi bon akò, ki te etabli sou pi bon pwomès yo.
7Paske si premye akò sa a te san defo, pa t ap gen yon rezon pou yon dezyèm. 8Paske akoz Li twouve fot nan yo, Li di:
“Gade byen, jou yo ap vini, di Senyè a,
lè Mwen va fè yon akò tounèf avèk kay Israël la
e avèk kay Juda a;
9Pa tankou akò ke Mwen te fè avèk zansèt pa yo
nan jou ke M te pran yo nan men
pou mennen yo sòti an Égypte la;
paske yo pa t kontinye nan akò Mwen an
e Mwen pa t okipe yo, di Senyè a.
10Paske sa se akò ke Mwen va fè avèk kay Israël la
apre jou sa yo, di Senyè a:
Mwen va mete Lalwa Mwen nan panse yo,
e Mwen va ekri yo nan kè yo.
Mwen va Bondye yo,
e yo va pèp Mwen.
11Epi yo p ap enstwi chak sitwayen parèy a yo
ak chak frè a yo, pou di: ‘Vin konnen Bondye’,
paske tout moun ap deja konnen Mwen, soti nan
pi piti jiska pi gran nan yo.
12Paske Mwen va gen mizerikòd pou linikite pa yo
e Mwen p ap sonje peche yo ankò.
13Lè L te di: “Yon akò tounèf”, Li fè premye a epwize nèt. Men, nenpòt sa ki vin epwize a, e ki vin vye, prè pou vin disparèt.

¿Sabías que…?
El verdadero tabernáculo y un nuevo pacto
- Hebreos 8 llama copia y sombra de lo que está en el cielo al lugar en el que sirven los sacerdotes. Por eso se advirtió a Moisés, cuando estaba por construir el tabernáculo, que hiciera todo conforme al modelo que se le mostró en el monte.Fuentes: el propio texto bíblico
- El nuevo pacto prometido a la casa de Israel y a la casa de Judá se contrasta con el pacto hecho con sus padres, cuando fueron sacados de Egipto, la tierra del Nilo.Fuentes: el propio texto bíblico · Egypt
- Al hablar de un nuevo pacto, el capítulo dice que el primero ha quedado anticuado y que lo anticuado y envejecido pronto desaparecerá.Fuentes: el propio texto bíblico
Notas escritas con ayuda de IA a partir de fuentes abiertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, dominio público) y revisadas antes de publicarse.
Lugares de este capítulo
- Egypt · 30.129, 31.308 · versículo 9
Solo aparecen lugares identificados con alta confianza (90 % o más según las fuentes académicas reunidas por OpenBible). Mapa de la época: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; mapa actual: © colaboradores de OpenStreetMap; lugares: OpenBible.info (CC BY 4.0).
Créditos y licencia de esta traducción
Bib Sen An The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update copyright © 2017-2023 Ron Smith Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) Translation by: Ron Smith Contributor: Felix Nixon This translation is made available to you under the terms of the Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0. You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that: You include the above copyright and source information. If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes. If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original. Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents. For other uses, please contact the respective copyright owners. Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19. 2026-06-11
Fuente: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org