Hebreos 7
Bib Sen An · Toca un versículo para ver sus referencias cruzadas.
1Paske Melchisédek sila a, wa Salem nan, prèt a Bondye Pi Wo a, ki te rankontre Abraham lè l t ap retounen soti nan masak wa yo e te beni li, 2a li menm osi Abraham te bay yon dim nan tout piyaj la, ki te dabò, nan tradwi non li, wa ladwati, e menm osi wa Salèm, ki vle di wa lapè. 3San papa, san manman, san listwa zansèt, ki pa t gen ni kòmansman nan jou li yo, ni lafen nan lavi li, men fèt tankou Fis a Bondye a, li rete yon prèt pou tout tan.
4Alò, obsève kijan mesye sa a te gran; menm Abraham, patriyach la, te bay li yon dim nan pi bon pati piyaj sila a. 5Konsa, sila vrèman de fis a Lévi yo, ki te resevwa plas a wo prèt la, te gen yon kòmandman nan lalwa pou fè kolekte yon dim ki soti nan pèp la, sa vle di, ki soti nan frè yo, malgre ke yo se desandan Abraham.
6Men youn ki pa menm pami zansèt li yo, te kolekte yon dim soti nan Abraham e te beni sila ki te gen tout pwomès yo. 7Men san kesyon, pi piti a beni pa pi gran an.
8Nan ka sila a, lòm mòtèl yo resevwa dim yo, men nan lòt ka a, yon moun resevwa yo de sila ke yo temwaye ke li viv toujou. 9Epi nou kapab di ke, selon Abraham menm Lévi, ki te resevwa dim yo, te peye dim yo, 10paske li te toujou nan ren a Papa l lè Melchisédek te rankontre li a.
11Alò, si pèfeksyon an te nan sistèm prèt Levitik yo (paske se sou baz sa a ke pèp la te resevwa Lalwa), ki bezwen anplis ki te gen pou yon lòt prèt leve nan modèl Melchisédek la, ki pa t dezigne selon modèl Aaron an?
12Paske lè sistèm prèt la vin chanje, vin gen nesesite pou yon chanjman lalwa tou. 13Paske sou sila ke n ap pale la a, li se yon manm nan yon lòt tribi ki pa t gen okenn moun ki te fè sèvis devan lotèl la.
14Paske li byen klè ke Senyè nou an te desann sòti nan Juda, yon tribi ki pa gen korespondans ak anyen Moïse te pale konsènan zafè prèt yo. 15Epi sa pi klè toujou, si yon lòt prèt leve selon resanblans a Melchisédek, 16ki pa t devni konsa sou baz a yon lwa lachè, men selon pouvwa a yon lavi ki pa t kab peri. 17Paske li temwaye de Li: “Ou se yon prèt pou tout tan nan modèl a Melchisédek la.”
18Paske sou yon bò, yo mete sou kote ansyen kòmandman an akoz de feblès ak initilite li. 19(Paske Lalwa pa t fè anyen pafè), epi sou lòt bò, yo mennen yon pi bon espwa, e atravè li menm nou vin rapwoche de Bondye. 20E kòmsi, li pa t fèt yon prèt san yon sèman, 21paske vrèman prèt lalwa yo te vin prèt san sèman, men Li menm avèk yon sèman, atravè Sila ki te di Li a:
“Senyè a gen tan sèmante e Li p ap chanje tèt Li;
‘Ou se yon prèt pou tout tan’.”
Selon modèl a Melchisédek la.”
22Konbyen anplis ke sa, Jésus gen tan vin garanti a yon pi bon akò. 23Lansyen prèt yo, sou yon bò, te egziste an gran nonb, paske lanmò te anpeche yo kontinye fè sèvis yo, 24men Jésus, de lòt bò, akoz ke Li la pou tout tan, Li kenbe pozisyon prèt Li a pou tout tan.
25Konsa, osi, Li kapab sove pou tout tan sila ki vin rapwoche de Bondye atravè Li menm yo, paske Li toujou vivan pou entèsede pou yo.
26Paske se te byen an lòd pou nou ta gen yon wo prèt konsa, sen inosan, san tach, separe de pechè yo e egzalte piwo ke syèl yo; 27ki pa bezwen chak jou, tankou wo prèt sila yo, ofri sakrifis, premyèman pou pwòp peche pa L e anplis pou peche a pèp la, paske Li te deja fè sa yon fwa pou tout, lè Li te ofri tèt Li a.
28Paske Lalwa nonmen moun ki fèb kòm wo prèt, men pawòl a sèman, ki te vini aprè Lalwa a, te nonmen yon Fis ki te fèt pafè pou tout tan.

¿Sabías que…?
Melquisedec y un sacerdocio sin fin
- La historia de Melquisedec se limita a su encuentro con Abraham en Génesis; el Antiguo Testamento vuelve a mencionarlo solo en el Salmo 110. Hebreos explica su nombre como “rey de justicia”, y “rey de Salem” como “rey de paz”. Salem, nombre que significa paz, se supone comúnmente que es otro nombre de Jerusalén.Fuentes: Melchisedec · Salem · el propio texto bíblico
- Hebreos sostiene que Melquisedec era mayor que Abraham: Abraham le entregó el diezmo del botín, y Melquisedec bendijo al hombre que tenía las promesas. Leví, tercer hijo de Jacob y antepasado de los sacerdotes que después cobraban el diezmo, aún no había nacido; la carta dice que, por así decirlo, él pagó ese diezmo cuando todavía estaba en Abraham.Fuentes: el propio texto bíblico · Levi (patriarch) · Melchisedec
- Los sacerdotes a quienes la ley mandaba cobrar el diezmo pertenecían al linaje de Aarón, hijo mayor de Amram y de Jocabed, hija de Leví. Hebreos contrasta ese orden hereditario con Jesús, de quien la carta dice que descendió de Judá, tribu acerca de la cual Moisés no dijo nada respecto de los sacerdotes.Fuentes: Aaron · el propio texto bíblico
Notas escritas con ayuda de IA a partir de fuentes abiertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, dominio público) y revisadas antes de publicarse.
Lugares de este capítulo
Solo aparecen lugares identificados con alta confianza (90 % o más según las fuentes académicas reunidas por OpenBible). Mapa de la época: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; mapa actual: © colaboradores de OpenStreetMap; lugares: OpenBible.info (CC BY 4.0).
Créditos y licencia de esta traducción
Bib Sen An The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update copyright © 2017-2023 Ron Smith Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) Translation by: Ron Smith Contributor: Felix Nixon This translation is made available to you under the terms of the Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0. You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that: You include the above copyright and source information. If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes. If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original. Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents. For other uses, please contact the respective copyright owners. Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19. 2026-06-11
Fuente: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org