Nations Bible

Ezequiel 32

Bib Sen An · Toca un versículo para ver sus referencias cruzadas.

1Nan douzyèm ane, nan douzyèm mwa, nan premye nan mwa a, “pawòl SENYÈ a te vin kote mwen. Li te di: 2‘Fis a lòm, leve fè lamantasyon sou Farawon, wa Égypte la. Di li:

“Ou te konpare tèt ou ak yon jenn lyon nasyon yo;

sepandan, ou tankou yon gwo bèt sovaj lanmè a.

Ou pete vin parèt nan rivyè ou yo.

Ou te fè labou vin leve ak pye ou yo,

e te fè larivyè pa yo vin sal nèt.”

3Konsa pale Senyè BONDYE a:

“Koulye a, Mwen va ouvri filè Mwen sou ou

avèk konpanyen a anpil moun,

e nan filè Mwen an, yo va fè ou leve.

4Mwen va kite ou sou latè.

Mwen va jete ou sou chan ouvri,

epi Mwen va fè tout zwazo syèl yo poze sou ou.

Mwen va fè tout bèt sou latè yo vin satisfè sou ou.

5Mwen va lage chè ou sou mòn yo,

e Mwen va plen vale yo ak kadav ou yo.

6Anplis, Mwen va fè tè a bwè san ou.

L ap rive jis nan mòn yo.

Kous dlo yo va vin plen ak ou.

7Konsa, lè M etenn ou, Mwen va kouvri syèl yo

e fè zetwal yo fènwa.

Mwen va kouvri solèy la ak yon nwaj,

e lalin nan p ap bay limyè.

8Tout limyè k ap briye nan syèl la,

Mwen va fè yo vin nwa sou ou, e

va mete fènwa sou peyi ou a,”

deklare Senyè BONDYE a.

9“Anplis, Mwen va twouble kè a anpil nasyon,

lè Mwen mennen destriksyon ou pami nasyon yo,

jis rive nan peyi ke ou pa t janm konnen.

10Mwen va fè anpil pèp vin etone sezi de ou,

e wa yo va tèlman gen gwo laperèz pou ou,

lè M fè nepe M parèt devan yo akoz ou menm.

Yo va tranble tout tan,

chak moun pou pwòp lavi li,

nan jou ke ou tonbe a.”

11Paske konsa pale Senyè BONDYE a:

“Nepe a wa Babylone nan va vini sou ou.

12Pa nepe a pwisan yo,

Mwen va fè gwo foul lame ou yo tonbe.

Yo tout se chèf sovaj pami nasyon yo.

Yo va devaste ògèy Égypte la,

e tout gwo foul lame li yo va detwi.

13Anplis, Mwen va detwi tout bèt

ki rete bò kote anpil dlo li yo.

Pye moun p ap gaye labou ankò,

ni zago a bèt p ap gaye labou ankò.

14Konsa, Mwen va fè dlo yo vin kalm

e fè rivyè yo vin kouri kon lwil,”

deklare Senyè BONDYE a.

15“Lè Mwen fè peyi Égypte vin yon dezolasyon,

e peyi a vin pèdi tout sa ki te fè l plen yo,

lè M frape tout sila ki rete ladann yo,

alò, yo va konnen ke Mwen se SENYÈ a.

16“‘“Sa se yon lamantasyon. Ak li menm, y ap fè dèy. Fi a nasyon yo va chante li. Sou Égypte ak sou tout gwo foul lame li yo, yo va chante li”, deklare Senyè BONDYE a.’”

17Nan douzyèm ane, nan kenz nan mwa a, pawòl SENYÈ a te vin kote mwen. Li te di: 18“Fis a lòm, rele anmwey pou gwo foul a Égypte yo. Desann yo menm ak fi a nasyon pwisan yo, jis rive nan pwofondè tè a, ansanm avèk sila ki desann nan twou fòs yo. 19‘Se ki moun ou depase nan bèlte? Desann, fè kabann ou ak ensikonsi yo.’ 20Yo va tonbe nan mitan sila ki touye pa nepe yo. Fi a vin livre pou nepe a. Fè l rale soti ak tout gwo foul li yo. 21Pi gran pami pwisan yo va pale ak li nan mitan sejou mò yo ansanm ak sila ki t ap ede li yo. ‘Yo fin desann, yo kouche san fè mouvman, ensikonsi yo, touye pa nepe yo.’

22“Assyrie, li la, ak tout konpanyen li yo. Tonbo li yo antoure li. Yo tout touye, tonbe pa nepe, 23tonbo a sila ki plase nan pati pi izole twou fòs la. Epi konpanyen li yo antoure tonbo li. Yo tout te touye, tonbe akoz nepe a; tout sila ki te fè gwo laperèz gaye nan peyi moun vivan yo.

24“Élam la ak tout gwo foul li yo ki antoure tonbo li a. Yo tout mouri, tonbe pa nepe, e te desann ensikonsi nan pati piba latè yo; sila ki te kreye gwo laperèz nan tout peyi moun vivan yo, e te pote wont yo, ansanm avèk sila ki te desann nan twou fòs yo. 25Yo fè kabann Elam nan pami sila ki touye ak tout gwo foul li yo. Tonbo yo antoure li. Yo tout se ensikonsi, touye pa nepe. Paske se gwo laperèz yo te kreye nan peyi moun vivan yo, e konsa,yo te pote wont yo avèk sila ki desann nan twou fòs yo. Yo rive nan mitan sila ki te touye yo.

26“Méschec Tubal, ak tout gwo foul yo la. Tonbo yo antoure yo. Yo tout se ensikonsi, touye pa nepe. Paske se gwo laperèz yo te kreye nan peyi moun vivan yo. 27Ni yo p ap kouche akote chèf pwisan a ensikonsi yo, sila ki te desann nan sejou mò yo ak zam lagè yo, ak nepe yo byen plase anba tèt yo. Men inikite yo te rete menm sou zo yo; sepandan, se pi pwisan yo te teworize nan peyi moun vivan yo.

28“Men nan mitan ensikonsi a, ou va vin kraze, e kouche avèk sila ki te touye pa nepe yo.

29“La tou, gen Édom, wa li ak tout prens li yo, ki malgre tout pwisans yo, vin kouche avèk sila ki te touye pa nepe yo. Yo va kouche avèk ensikonsi yo e avèk sila ki desann nan twou fòs yo.

30“La tou, gen chèf nan nò yo, yo tout ak tout Sidonyen yo. Malgre tout gwo laperèz yo te kreye akoz pwisans yo, nan wont, yo te desann avèk sila ki te touye yo. Konsa, yo te kouche ensikonsi avèk sila ki te touye pa nepe yo, e te pote gwo wont yo avèk lòt yo ki desann nan twou fòs yo.

31“Sa yo, Farawon va wè e li va twouve konsolasyon pou tout gwo foul li yo ki te touye pa nepe yo, menm Farawon ak tout lame li a,” deklare Senyè BONDYE a. 32Sepandan, Mwen te mete gwo laperèz li nan peyi moun vivan yo. Malgre sa, li va kouche ak ensikonsi yo, avèk sila ki te touye pa nepe yo, menm Farawon ak tout gwo lame li yo”, deklare Senyè BONDYE a.

¿Sabías que…?

Un lamento fúnebre por Egipto y los imperios caídos

  • Ezequiel presenta un lamento visionario donde Egipto desciende al inframundo (el Seol o la Fosa) para unirse a una asamblea de imperios caídos. Entre ellos figuran Asiria, Elam al este de Babilonia, Mesec y Tubal de las regiones del norte, y Edom, todos representados en sus tumbas tras haber dominado el mundo antiguo.Fuentes: el propio texto bíblico · Elam · Meshech · Edom
  • El poema refleja antiguas costumbres de entierro militar, mencionando guerreros ilustres sepultados con honores, con sus espadas colocadas bajo sus cabezas y sus escudos sobre sus huesos, en contraste con quienes mueren en deshonra.Fuentes: el propio texto bíblico

Notas escritas con ayuda de IA a partir de fuentes abiertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, dominio público) y revisadas antes de publicarse.

Lugares de este capítulo

  • Egypt · 30.129, 31.308 · versículos 2, 12, 14, 15, 16, 18, 19, 20, 21, 28
  • Babylon · 32.543, 44.422 · versículo 11
  • Assyria · 36.359, 43.153 · versículo 22
  • Elam · 32.189, 48.258 · versículos 24, 25
  • Meshech · Hoy: about 200 km around Gordion · 39.655, 31.994 · versículo 26
  • Edom · 30.746, 35.604 · versículo 29

Solo aparecen lugares identificados con alta confianza (90 % o más según las fuentes académicas reunidas por OpenBible). Mapa de la época: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; mapa actual: © colaboradores de OpenStreetMap; lugares: OpenBible.info (CC BY 4.0).

Créditos y licencia de esta traducción
Bib Sen An
The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update
copyright © 2017-2023 Ron Smith
Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian)
Translation by: Ron Smith
Contributor: Felix Nixon
This translation is made available to you under the terms of the
Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0.
You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that:
You include the above copyright and source information.
If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes.
If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original.
Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents.
For other uses, please contact the respective copyright owners.
Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19.
2026-06-11

Fuente: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org

Habla con nosotros

Cuéntanos desde dónde lees, cómo te ha ayudado la Biblia o qué podemos mejorar. Leemos todos los mensajes.