Ezequiel 31
Bib Sen An · Toca un versículo para ver sus referencias cruzadas.
1Nan onzyèm ane, nan twazyèm mwa, nan premye nan mwa a, pawòl SENYÈ a te vin kote mwen. Li te di: 2“Fis a lòm, pale a Farawon, wa Égypte la, ak gwo foul lame li yo:
‘Ak kilès ou sanble nan grandè ou?
3Gade byen, Assyrie te yon pye sèd nan Liban.
Branch li yo te bèl nan lonbraj forè a, e byen wo.
Tèt li te rive pami nwaj yo.
4Dlo te fè l grandi, pwofondè te fè li wo.
Ak rivyè li yo, li te tout tan ap vin elaji lizyè li toupatou.
Li te voye kanal li yo nan tout pyebwa chan yo.
5Akoz sa, wotè li te piwo ke tout pyebwa chan yo,
e branch li yo te vin anpil e byen long
akoz anpil dlo ki te fè l gaye yo.
6Tout zwazo syèl yo te fè nich nan branch li yo.
Anba branch sila yo, tout bèt chan yo te vin fè pitit.
Tout gran nasyon yo te vin rete anba lonbraj li.
7Konsa, li te bèl nan grandè li, nan longè branch li yo;
paske rasin li te lonje rive kote anpil dlo.
8Pye sèd nan jaden Bondye yo pa t ka egal ak li.
Pye sipre yo pa t ka gen branch tankou l,
ni pa t gen lòt bwa ki konpare ak branch li yo.
Menm bwa pen an pa t gen branch kon li.
Pa t gen pyebwa nan jaden Bondye yo
ki ta ka parèy li nan bèlte.
9Mwen te fè l bèl ak fòs kantite branch li yo,
e tout pyebwa Éden yo te jalou devan l.’
10“Akoz sa, pale Senyè BONDYE a: ‘Akoz li byenwo nan wotè l, te mete tèt li rive pami nwaj yo, e kè l te awogan nan wotè li, 11pou sa, Mwen va livre li nan men a pi pwisan a nasyon yo. Li va regle sa nèt. Selon mechanste li, konsa Mwen te chase li. 12Etranje yo, pi pwisan a nasyon yo, te koupe li a tè e te kite li. Sou mòn yo e nan tout vale yo, branch li yo te vin tonbe, e gwo branch li yo te vin kase nan tout ravin peyi yo. Konsa, tout pèp sou latè yo te desann kite lonbraj li e te menm kite li. 13Nan gwo dega li yo, tout zwazo syèl yo va vin demere e tout bèt chan yo va sou branch pa l ki tonbe, 14pou tout pyebwa akote dlo yo pa ka vin leve tèt yo wo nan wotè yo. Pwisan pa yo p ap mete tèt yo pami nwaj yo, menm sa yo akote sous dlo yo pa ka kanpe dwat nan wotè yo. Paske yo tout te livre a lanmò, pou rive anba tè pami fis a lòm yo, ak sila ki desann nan twou fòs yo.’
15“Konsa pale Senyè BONDYE a: ‘Nan jou ke li te desann nan sejou mò yo, Mwen te koze lamantasyon. Mwen te fèmen pwofondè a sou li epi te bouche rivyè li yo. Epi anpil dlo li yo Mwen te vin bouche nèt. Mwen te fè Liban kriye ak gwo doulè pou li e tout pyebwa nan chan yo te vin fennen akoz li. 16Mwen te fè tout nasyon yo tranble nan son a chit li a, lè M t ap fè l desann nan sejou mò yo ak sila ki desann nan twou fòs yo. Tout pyebwa byen wouze Liban yo, pi byen chwazi ak pi meyè a Liban yo, te vin rekonfòte anba tè. 17Yo menm tou te desann avè l nan sejou mò yo akote sila ki te touye pa nepe yo. Epi sila ki te fòs li yo, te rete anba lonbraj li pami nasyon yo.
18“‘A kilès nan pyebwa Éden yo ou egal konsa nan glwa ak grandè? Malgre sa, ou va vin desann ak pyebwa Éden yo jis rive anba tè. Ou va vin kouche nan mitan ensikonsi yo, avèk sila ki te touye pa nepe yo.
“‘Se konsa Farawon va ye ak tout gwo foul lame li yo!” deklare Senyè BONDYE a.”

¿Sabías que…?
El cedro caído del Líbano
- Ezequiel emplea la metáfora de un imponente cedro del Líbano —una célebre cordillera en Siria— para ilustrar la grandeza y el repentino colapso del imperio asirio como advertencia directa al faraón y a Egipto.Fuentes: el propio texto bíblico · Lebanon · Assyria · Pharaoh
- La alegoría describe el majestuoso árbol como superior en altura y esplendor a todos los árboles del jardín de Dios, o Edén, una antigua región fértil situada a lo largo de los grandes ríos de Asia occidental.Fuentes: el propio texto bíblico · Eden
- A causa de su orgullo, el gran árbol es talado por despiadados conquistadores extranjeros y arrojado al Seol, demostrando que ningún imperio o gobernante terrenal está exento de la mortalidad y del juicio.Fuentes: el propio texto bíblico · Pharaoh
Notas escritas con ayuda de IA a partir de fuentes abiertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, dominio público) y revisadas antes de publicarse.
Lugares de este capítulo
- Egypt · 30.129, 31.308 · versículos 2, 10, 18
- Assyria · 36.359, 43.153 · versículos 3, 15
- Lebanon · 33.540, 35.584 · versículos 3, 15, 16
Solo aparecen lugares identificados con alta confianza (90 % o más según las fuentes académicas reunidas por OpenBible). Mapa de la época: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; mapa actual: © colaboradores de OpenStreetMap; lugares: OpenBible.info (CC BY 4.0).
Créditos y licencia de esta traducción
Bib Sen An The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update copyright © 2017-2023 Ron Smith Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) Translation by: Ron Smith Contributor: Felix Nixon This translation is made available to you under the terms of the Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0. You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that: You include the above copyright and source information. If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes. If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original. Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents. For other uses, please contact the respective copyright owners. Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19. 2026-06-11
Fuente: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org