Deuteronomio 30
Bib Sen An · Toca un versículo para ver sus referencias cruzadas.
1“Konsa li va ye lè tout bagay sa yo fin vini sou nou, benediksyon an avèk madichon an ke mwen te mete devan nou pou nou sonje yo nan tout nasyon kote SENYÈ a va egzile nou yo, 2epi ou retounen kote SENYÈ Bondye ou a, pou obeyi vwa Li ak tout kè e tout nanm ou, selon tout sa ke M kòmande ou jodi a, ou menm anplis ak fis ou yo. 3Konsa SENYÈ a, Bondye nou an, va restore nou apre kaptivite sila a e Li va vin gen konpasyon sou nou. Li va ranmase nou ankò sòti nan tout pèp kote SENYÈ a, Bondye nou an, te gaye nou yo. 4Si moun egzil sa yo nan lòt pwent tè a, soti la, SENYÈ a, Bondye nou an, va ranmase nou. Epi soti la, Li va mennen nou tounen. 5SENYÈ a, Bondye nou an, va mennen nou antre nan peyi ke zansèt nou yo te posede a. Nou va posede li, epi Li va fè nou pwospere e vin miltipliye plis ke zansèt nou yo. 6Anplis, SENYÈ a, Bondye nou an, va sikonsi kè nou ak kè desandan nou yo, pou renmen SENYÈ a, Bondye nou an, avèk tout kè nou e avèk tout nanm nou, pou nou kapab viv. 7SENYÈ a, Bondye nou an, va aflije lènmi nou yo avèk tout madichon sa yo ansanm ak sila ki rayi nou yo, ki te pèsekite nou yo. 8Konsa, nou va ankò obeyi SENYÈ a e obsève tout kòmandman li yo ke Mwen te kòmande nou jodi a. 9Epi SENYÈ a, Bondye nou an, va fè nou vin pwospere anpil nan travay men nou, nan fwi zantray nou yo, nan pòtre a bèt nou yo ak nan pwodwi ki sòti nan tè yo; paske SENYÈ a va ankò rejwi de nou pou bonte nou, jis jan ke Li te rejwi de zansèt nou yo, 10si nou obeyi SENYÈ a, Bondye nou an, pou kenbe kòmandman Li yo ak lwa Li yo ki ekri nan liv lalwa sila a, si nou vire vè SENYÈ a, Bondye nou an, avèk tout kè ak nanm nou.
11“Paske kòmandman sila ke mwen bannou jodi a pa twò difisil pou nou, ni li pa twò wo pou nou pa rive kote l. 12Li pa nan syèl la, pou nou ta di: ‘Kilès ki va monte nan syèl la pou pran li pou nou e fè nou tande li, pou nou kapab swiv li?’ 13Ni li pa lòtbò lanmè a, pou nou ta di: ‘Kilès k ap travèse lanmè a, pou pran li pou nou e fè nou tande li, pou nou kapab swiv li.’ 14Men pawòl la toupre nou, nan bouch nou ak nan kè nou, pou nou kapab swiv li. 15Nou wè, jodi a Mwen te mete devan nou lavi avèk abondans, oswa lanmò avèk tout sa ki pa bon. 16Nan tout sa mwen kòmande nou jodi a pou renmen SENYÈ a, Bondye nou an, pou mache nan chemen Li yo, epi pou kenbe kòmandman Li yo avèk lwa Li yo ak jijman Li yo, pou nou kapab viv e miltipliye, e pou SENYÈ a, Bondye nou an, kapab beni nou nan peyi kote nou ap antre pou posede a. 17Men si kè nou detounen e nou refize obeyi, men nou mennen akote pou adore lòt dye yo e sèvi yo, 18Mwen deklare a nou jodi a ke nou va vrèman peri. Nou p ap pwolonje jou nou yo nan peyi kote nou ap travèse Jourdain an pou antre posede a. 19Mwen rele syèl la avèk tè a pou fè temwayaj kont nou jodi a, ke mwen te mete devan nou lavi avèk lanmò, benediksyon avèk malediksyon. Pou sa, chwazi lavi pou nou kapab viv, nou menm avèk desandan nou yo, 20nan renmen SENYÈ a, Bondye nou an ak nan obeyisans a vwa Li ak nan kenbe fèm a Li. Paske sa se lavi nou ak pwolongasyon a jou nou yo, pou nou kapab viv nan peyi ke SENYÈ a te sèmante a zansèt nou yo; a Abraham, Isaac e a Jacob, pou bay yo a.”
¿Sabías que…?
La elección entre la vida y la muerte
- El capítulo asegura al pueblo que, incluso si son dispersados entre naciones lejanas por su desobediencia, un retorno sincero a Dios resultará en su reunión y restauración en la tierra prometida a sus antepasados Abraham, Isaac y Jacob.Fuentes: el propio texto bíblico · Abraham · Isaac · Jacob (Israel)
- Moisés enfatiza la accesibilidad inmediata del mandato de Dios, explicando que no está oculto lejos en el cielo ni al otro lado del mar, sino muy cerca, en sus bocas y en sus corazones.Fuentes: el propio texto bíblico
- Antes de que los israelitas crucen el río Jordán para tomar posesión de la tierra, el cielo y la tierra son convocados como testigos de la solemne elección puesta ante ellos entre la vida y la bendición o la muerte y la destrucción.Fuentes: el propio texto bíblico · Jordan
Notas escritas con ayuda de IA a partir de fuentes abiertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, dominio público) y revisadas antes de publicarse.
Lugares de este capítulo
- Jordan · Hoy: Jordan River · 31.761, 35.558 · versículo 18
Solo aparecen lugares identificados con alta confianza (90 % o más según las fuentes académicas reunidas por OpenBible). Mapa de la época: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; mapa actual: © colaboradores de OpenStreetMap; lugares: OpenBible.info (CC BY 4.0).
Créditos y licencia de esta traducción
Bib Sen An The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update copyright © 2017-2023 Ron Smith Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) Translation by: Ron Smith Contributor: Felix Nixon This translation is made available to you under the terms of the Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0. You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that: You include the above copyright and source information. If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes. If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original. Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents. For other uses, please contact the respective copyright owners. Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19. 2026-06-11
Fuente: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org